BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 oktòb p. 24-29
  • Sonje priye pou lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sonje priye pou lòt moun
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA NOU BEZWEN PRIYE POU LÒT MOUN?
  • YO BEZWEN NOU PRIYE POU YO
  • LÈ N AP PRIYE POU LÒT MOUN PÈSONÈLMAN
  • NOU BEZWEN REYALIS LÈ N AP PRIYE
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Fason pou n amelyore priyè nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 oktòb p. 24-29

ATIK ETID 43

KANTIK 41 Tanpri, koute priyè m nan

Sonje priye pou lòt moun

“ Se pou nou priye youn pou lòt [...]. Lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas.” — JAK 5:16.

PWEN KLE

Rezon ki fè l enpòtan pou n priye pou lòt moun ak kèk konsèy sou fason pou n fè sa.

1. Ki jan n fè konnen priyè nou yo enpòtan pou Jewova?

LAPRIYÈ se yon bèl dispozisyon. Fè yon ti reflechi: Jewova bay zanj yo yon seri travay pou yo fè (Sòm 91:11). Epitou, li bay Pitit Gason l lan gwo responsablite (Mat. 28:18). Men, èske Jewova bay lòt moun koute priyè nou? Li pa bay okenn lòt moun fè sa. Antanke Sila a “ki tande lapriyè” a, se li menm pèsonèlman ki koute priyè nou yo. — Sòm 65:2.

2. Ki egzanp apot Pòl te bay anrapò ak priye pou lòt moun?

2 Byenke nou kapab santi n alèz pou n pwoche bò kote Jewova pou n fè l konn pwoblèm nou yo, nou bezwen priye pou lòt moun tou. Se sa apot Pòl te fè. Pa egzanp, men sa l te ekri kongregasyon Efèz la: “Mwen toujou sonje nou nan priyè m.” (Efe. 1:16). Pòl te konn priye pou lòt moun tou. Pa egzanp, li te di Timote: “Mwen gen Bondye rekonesans [...]. Mwen pa janm bliye w nan siplikasyon m ap fè lajounen kou lannuit yo.” (2 Tim. 1:3). Pòl te gen pwòp pwoblèm pa l pou l te mande Jewova ede l ak yo (2 Kor. 11:23; 12:​7, 8). Aktout sa, li te pran tan pou l priye pou lòt moun.

3. Ki sa k ka fè n bliye priye pou lòt moun?

3 Pafwa nou ka bliye priye pou lòt moun. Sa k fè sa? Gen yon sè ki rele Sabrinaa ki esplike youn nan rezon yo. Men sa l di: “Tèlman gen bagay pou moun fè nan monn sa a. Nou ka tèlman konsantre sou pwoblèm pa nou, nou priye sèlman pou bezwen pa nou.” Èske sa konn rive w? Si sa konn rive w, atik sa a kapab ede w. 1) L ap esplike rezon ki fè l enpòtan pou n priye pou lòt moun, e 2) l ap bay kèk konsèy sou fason w ka fè sa.

POUKISA NOU BEZWEN PRIYE POU LÒT MOUN?

4-5. Ki jan priyè nou fè pou lòt moun kapab “gen anpil fòs e [yo] efikas”? (Jak 5:16).

4 Lè n priye pou lòt moun “sa gen anpil fòs e sa efikas”. (Li Jak 5:16.) Lè n priye pou lòt moun, èske sa ka vrèman fè sitiyasyon yo chanje? Wi, sa posib. Lefètke Jezi te konnen apot Pyè t apral nye l, li te di l: “Mwen sipliye Bondye pou ou pou lafwa w pa febli.” (Lik 22:32). Pòl te konnen tou, lè n priye pou yon moun, sa ka fè sitiyasyon l chanje. Lè yo te mete l nan prizon Wòm, alòske l pa t fè anyen ki mal, men sa l te ekri Filemon: “Mwen espere grasa priyè nou, y ap fè m retounen vin jwenn nou.” (Flm. 22). Vrèmanvre, Pòl pa t pran tan pou l te sot nan prizon e l te kapab rekòmanse preche.

5 Nòmalman, sa pa vle di lè w priye Jewova se fòse w ap fòse l fè sa w mande l la. Li konnen jan sa sèvitè l yo ap mande l yo enpòtan pou yo, e pafwa li chwazi fè sa yo mande l la. Lefètke nou konn sa, sa kapab ede n priye Jewova ak tout kè n konsènan yon sitiyasyon epi kite sa nan men l paske nou gen konfyans l ap ede n — Sòm 37:5; gade 2 Korentyen 1:11.

6. Lè n priye pou lòt moun, ki jan sa fè n santi n anrapò ak yo? (1 Pyè 3:8).

6 Lè n priye pou lòt moun, sa ede n vin “gen kè sansib”. (Li 1 Pyè 3:8.) Yon moun ki gen kè sansib wè lè yon lòt moun ap soufri e li vle fè yon bagay pou soulaje moun nan (Mak 1:​40, 41). Men sa yon ansyen ki rele Michael di: “Lè m priye pou lòt moun konsènan sa yo bezwen, mwen vin pi byen konprann pwoblèm yo e m vin renmen yo plis. Mwen santi m pi pwòch avè yo, menm lè yo gendwa pa wè sa.” Gen yon ansyen ki rele Richard ki fè konnen yon lòt byenfè li jwenn, men sa l di: “Lè n priye pou yon moun, nou plis anvi fè yon bagay pou n ede l.” Epitou, li di: “Lè n ede moun n ap priye pou li a, se kòmsi nou kite Jewova sèvi avè n pou l reponn priyè nou fè pou moun nan.”

7. Lè n priye pou lòt moun, ki jan sa ka ede n pou n pa ret ap panse ak pwoblèm pa n sèlman? (Filipyen 2:​3, 4). (Gade foto yo tou.)

7 Lè n priye pou lòt moun, sa ede n pou n pa twò konsantre sou pwoblèm pa nou. (Li Filipyen 2:​3, 4.) Lefètke n ap viv nan yon monn ki anba kontwòl Dyab la, nou chak gen pwoblèm pa nou (1 Jan 5:19; Rev. 12:12). Lè n gen abitid priye pou lòt moun, sa fè n sonje “se menm kalite soufrans lan tout frè nou yo nan monn nan ap jwenn”. (1 Pyè 5:9.) Men sa yon pyonye ki rele Katherine di: “Lè m priye pou lòt moun, sa fè m sonje yo menm tou yo gen pwoblèm, e sa ede m pou m pa twò konsantre sou pwòp pwoblèm pa m.”

Foto ki ansanm: Frè ak sè ki gen pwòp pwoblèm pa yo k ap priye pou lòt moun. 1. Yon tifi ki chita sou kabann li k ap priye; yon ti foto ki montre yon fanmi ki nan yon kannòt ki kite kay yo ki plen dlo. 2. Fanmi nan foto anvan an k ap priye ansanm; yon ti foto ki montre yon frè ki nan prizon. 3. Frè ki nan prizon an nan foto anvan an k ap priye pandan l fèmen nan prizon; yon ti foto ki montre yon sè ki granmoun e ki enfim ki kouche sou kabann lopital. 4. Sè nan foto anvan an k ap priye; yon ti foto ki montre tifi ki nan premye foto a ki chita apa nan klas li pandan lòt timoun yo ap fete yon anivèsè nesans.

Lè n priye pou lòt moun, sa ede n pou n pa ret ap panse ak pwoblèm pa nou sèlman. (Gade paragraf 7.)d


YO BEZWEN NOU PRIYE POU YO

8. Pou ki moun konsa nou ka priye?

8 Pou ki moun konsa nou ka priye? Pa egzanp, nou ka priye pou moun ki gen pwoblèm sante, pou jèn lòt jèn ap pase nan rizib e y ap fè presyon sou yo nan lekòl yo oswa pou moun ki gen difikilte akoz y ap pran laj. Gen anpil nan frè n ak sè n yo moun nan fanmi yo opoze avè yo oswa yo jwenn opozisyon anba men gouvènman yo (Mat. 10:​18, 36; Tra. 12:5). Gen nan frè n ak sè n yo ki kouri kite kay yo akoz vyolans ki gen nan zòn y ap viv la. Gen lòt ki viktim akoz katastwòf natirèl. Nou ka pa konn frè ak sè sa yo pèsonèlman. Men, lè n priye pou yo, nou montre n ap suiv lòd Jezi te bay ki mande pou “youn renmen lòt”. — Jan 13:34.

9. Poukisa nou dwe priye pou frè ki gen responsablite nan òganizasyon Jewova a ak pou madanm yo?

9 Nou kapab priye tou pou frè ki gen responsablite nan òganizasyon Jewova a. Nou ka priye pou Kolèj santral la ak frè k ap ede yo, Komite filyal yo, frè ki gen responsablite nan divès depatman nan biwo filyal yo, siveyan sikonskripsyon yo, ansyen nan kongregasyon yo ak sèvitè ministeryèl yo. Anpil nan frè sa yo gen pwòp pwoblèm pa yo toutpandan y ap travay di pou yo ede nou (2 Kor. 12:15). Pa egzanp, gen yon siveyan sikonskripsyon ki rele Mark ki di: “Youn nan bagay ki difisil anpil pou mwen se lefètke m ap viv lwen paran m ki granmoun. Yo toule de pa viv sante. Byenke sè m nan ak mari l ap pran swen yo, sa fè m mal lefètke m pa ka fè tout sa m ta renmen fè pou yo pèsonèlman.” Kit nou konn pwoblèm frè sa yo k ap travay di, kit nou pa konn pwoblèm yo, nou bezwen sonje priye pou yo (1 Tes. 5:​12, 13). Nou kapab priye pou madanm frè sa yo tou ki pa sispann soutni mari yo pou yo kontinye sèvi kongregasyon yo.

10-11. Lè n priye pou frè n ak sè n yo an jeneral, èske sa fè Jewova plezi? Esplike.

10 Jan nou sot wè sa, souvan nou priye pou tout frè n ak sè n yo. Pa egzanp, nou ka mande Jewova pou l ede moun ki nan prizon yo oswa pou l konsole moun ki gen moun pa yo ki mouri, san nou pa gen yon moun fiks nan lespri nou. Men sa yon ansyen ki rele Donald di: “Tèlman gen frè ak sè ki gen pwoblèm, pafwa nou jis priye pou tout frè ak sè k ap soufri yo.”

11 Èske priyè konsa fè Jewova plezi? Wi! Dayè, nou pa konn egzakteman tout sa frè n ak sè n yo bezwen. Donk, li nòmal pou n priye pou tout frè n ak sè n yo (Jan 17:20; Efe. 6:18). Priyè sa yo montre aklè nou “renmen tout frè nou yo”. — 1 Pyè 2:17.

LÈ N AP PRIYE POU LÒT MOUN PÈSONÈLMAN

12. Lè n suiv ki jan frè n ak sè n yo ye, ki jan sa ka ede n pou n pi egzak nan sa n ap di lè n ap priye pou yo?

12 Suiv ki jan frè w ak sè w yo ye. Nonsèlman nou bezwen priye pou frè n ak sè n yo an jeneral, li bon tou pou n priye pou yo pèsonèlman e pou n site non yo. Èske gen yon moun nan kongregasyon w lan ki gen lontan depi l ap lite ak yon maladi? Èske gen yon jèn ki dekouraje petèt paske elèv nan lekòl li ap fè presyon sou li pou l fè yon seri bagay ki pa bon? Èske gen yon paran k ap leve pitit li poukont li e k ap lite pou l leve pitit li “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”? (Efe. 6:4.) Lè n suiv ki jan frè n ak sè n yo ye, n ap pi byen konprann santiman lòt moun, e n ap pi anvi priye pou yob. — Wom. 12:15.

13. Ki sa n ka fè pou n priye pou moun nou pa konnen pèsonèlman?

13 Lè n ap priye pou lòt moun, site non yo. Nou ka fè sa menm pou moun nou pa janm rankontre. Pa egzanp, panse ak frè n ak sè n ki nan prizon kèk kote tankou Krime, Eritre, Larisi ak Sengapou. Sou jw.org, ou ka jwenn non frè n ak sè n ki nan prizon yoc. Men sa yon siveyan sikonskripsyon ki rele Brian di: “Mwen rann mwen kont lè m ekri non yon kwayan parèy mwen ki nan prizon e m site non l, sa ede m sonje priye pou li.”

14-15. Lè n ap priye, ki sa k ede n konn egzakteman sa pou n mande?

14 Mande egzakteman sa w ta renmen an. Men sa Michael nou te pale de li pi wo a fè konnen: “Lè m ap li istwa frè ki nan prizon yo sou jw.org, mwen eseye imajine ki jan m t ap santi m si m te nan sitiyasyon yo. Mwen konnen mwen t ap enkyete m pou madanm mwen e m t ap vle asire m li jwenn sa l bezwen. Donk, sa fè m konnen ki sa egzakteman pou m mande lè m ap priye pou frè nou yo ki nan prizon ki marye.” — Ebre 13:​3, nòt.

15 Lè n eseye imajine ki jan lavi a dwe ye pou frè n ak sè n ki nan prizon yo, sa ka ede n panse ak lòt bagay nou ka mande pou yo lè n ap priye. Pa egzanp, nou ka priye pou gadyen prizon yo byen aji ak yo e pou moun ki gen otorite yo kite yo adore Jewova san pwoblèm (1 Tim. 2:​1, 2). Nou ka priye pou egzanp frè ak sè fidèl sa yo ki nan prizon ankouraje kongregasyon nan zòn sa yo oswa pou sa fè moun ki pap sèvi Jewova ki wè bèl konduit yo genyen koute mesaj nou an (1 Pyè 2:12). Nòmalman, menm prensip sa yo ap ede n lè n ap priye pou frè n ak sè n k ap pase anba lòt eprèv. Lè n suiv ki jan frè n ak sè n yo ye, nou site non yo lè n ap priye pou yo e n mande Jewova egzakteman sa n ta renmen an, nou montre nou “gen anpil lanmou youn pou lòt”. — 1 Tes. 3:12.

NOU BEZWEN REYALIS LÈ N AP PRIYE

16. Lè n ap priye, ki jan n ka kontinye montre nou reyalis? (Matye 6:8).

16 Jan nou sot wè pi wo a, priyè nou ka fè yon sitiyasyon chanje. Sepandan, nou bezwen reyalis. Lè n ap priye, se pa fè n ap fè Jewova konnen yon bagay li poko konnen, ni l pa bezwen konsèy nan men n sou fason pou l jere yon sitiyasyon. Jewova konn sa sèvitè l yo bezwen anvan menm yo konn sa yo bezwen. (Li Matye 6:8.) Nan ka sa a, poukisa nou bezwen priye pou lòt moun? Nou deja wè kèk rezon nan atik sa a, epitou se sa moun ki gen sousi pou lòt moun fè. Lanmou nou genyen pouse n priye youn pou lòt. E Jewova kontan wè sèvitè l yo k ap imite lanmou li genyen an.

17-18. Ki egzanp nou ka pran pou n montre jan l enpòtan pou n priye pou frè n ak sè n yo?

17 Menmsi priyè nou fè pou frè n ak sè n yo sanble pa fè sitiyasyon yo chanje, yo montre lanmou nou gen pou yo, e Jewova note sa. Ann pran yon egzanp. Imajine yon fanmi ki gen de timoun piti: yon tigason ak yon tifi. Tigason an kouche malad. Tifi a sipliye papa l, li di l: “Tanpri, fè yon bagay pou ede frè m nan. Li malad anpil!” Papa a deja konn sa l ap fè. Li renmen pitit gason l lan e l ap byen pran swen l. Sepandan, se pa ti kontan papa a dwe kontan lè l wè jan tipitit fi l la gen anpil sousi pou frè l e li sipliye l pou l ede frè l la.

18 Menm jan an tou, Jewova ankouraje n pou n gen sousi youn pou lòt e pou n priye youn pou lòt. Lè n fè sa, nou montre se pa tèt nou sèlman nou wè, nou vrèman renmen frè n ak sè n yo, e Jewova note sa (2 Tes. 1:3; Ebre 6:10). Epitou, jan n sot wè sa pi wo a, pafwa priyè nou yo ka menm fè yon sitiyasyon chanje. Kidonk, ann fè efò pou n sonje priye youn pou lòt.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Nan ki sans priyè nou yo “gen anpil fòs e [yo] efikas”?

  • Poukisa nou bezwen priye pou frè n ak sè n yo an jeneral?

  • Lè n ap priye pou lòt moun pèsonèlman, ki jan n ka pi egzak nan sa n ap mande?

KANTIK 101 Ann travay ansanm nan inite

a Gen kèk non yo chanje.

b Gade videyo ki gen tit Takeshi Shimizu: Jewova se Sila a ki “tande lapriyè” ki sou jw.org.

c Pou w jwenn non frè n ak sè n yo met nan prizon pou lafwa yo, al sou jw.org epi gade atik ki gen tit “Temwen Jewova ki nan prizon pou lafwa yo — Selon peyi a”.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Frè ak sè ki gen pwòp pwoblèm pa yo k ap priye pou lòt moun.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje