ATIK ETID 50
KANTIK 48 Ann mache ak Jewova chak jou
Ann chèche gen imilite menm jan ak Jewova
“Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen.” — EFE. 5:1.
PWEN KLE
Nou pral wè kat fason nou ka chèche gen imilite menm jan ak Jewova.
1. Lefètke Jewova gen imilite, poukisa sa vrèman estrawòdinè?
LÈ W ap gade moun ki sou pouvwa yo jodi a, èske w t ap di yo gen imilite? Sandout w ap di non. Epoutan, Jewova ki Toupisan gen imilite (Sòm 113:5-8). Imilite fè pati pèsonalite Jewova. Pa gen okenn tras ògèy lakay li. L ap bon pou n egzamine kat aspè nan bèl pèsonalite Jewova genyen an e n ap wè ki jan imilite parèt nan chak aspè sa yo. Epitou, nou pral wè ki jan Jezi te imite Papa l nan demontre imilite. Lè n egzamine aspè sa yo, sa ap ede n vin pi pwòch ak Jewova epi aprann imite imilite l genyen an pi plis toujou.
JEWOVA ABÒDAB
2. Ki sa Sòm 62:8 fè n konnen sou Jewova? (Gade foto a tou.)
2 An jeneral, moun ki gen ògèy yo pa abòdab. Lefètke yo panse yo pi bon pase lòt moun, sa fè moun renka pou yo abòde yo oswa yo pa annafè avè yo ditou. Se pa konsa Jewova ye menm! Lefètke Papa nou ki nan syèl la gen imilite, li envite n pwoche bò kote l pou n fè l konn tout sa k ap trakase n. (Li Sòm 62:8.) Menm jan yon papa ki gen sousi pou pitit li dispoze koute pitit li k ap fè l konnen sa k ap trakase l, Jewova vrèman vle koute priyè sèvitè l yo e l kontan fè sa. Sa montre jan l abòdab. Anfèt, li te menm fè met anpil nan priyè sa yo nan Bib la (Joz. 10:12-14; 1 Sam. 1:10-18). Men, e si pafwa pou yon rezon oswa yon lòt nou santi n pa merite pou n pwoche bò kote Jewova?
Yon papa k ap imite Jewova, l ap koute pitit gason l avèk imilite k ap fè l konnen li kraze yon po pandan l ap jwe. (Gade paragraf 2.)
3. Poukisa w kapab sèten Jewova vle w priye l souvan, menmsi w santi ou pa merite pou w pwoche bò kote l?
3 Nou kapab priye Jewova menmsi n ta santi nou pa merite pou l renmen n. Sa k fè n ka di sa? Nan parabòl pitit gason gaspiyè a, Jezi konpare Jewova ak yon papa ki gen kè sansib, ki gen pitit gason l ki repanti e pitit la santi l pa merite pou yo aksepte l retounen nan fanmi an. Ki jan papa a te reyaji lè pitit gason l lan te retounen lakay li? Jezi di kou papa a wè pitit gason l lan “li kouri, li ba l yon akolad e li bo l avèk tandrès”. (Lik 15:17-20.) Jewova menm jan ak papa sa a. Kou l tande priyè moun ki gen kè yo ap fann paske yo santi konsyans yo ap kale yo akoz yon bagay mal yo te fè oswa paske yo gen tètchaje, imilite l gen lakay li pouse l byen pran san l pou l koute yo (Lam. 3:19, 20). Lefètke Jewova gen konpasyon, nan yon sans li kouri al kote yo pou l konsole yo e pou l ba yo asirans li gen pitye pou yo e li renmen yo (Eza. 57:15). Ki jan Jewova kouri vin jwenn nou jodi a? Souvan li fè sa pa mwayen ansyen yo, moun nan fanmi nou k ap sèvi l ak lòt kwayan parèy nou (Jak 5:14, 15). Jewova fè sa paske li vle nou vin pwòch avè l.
4. Ki jan Jezi te montre l abòdab?
4 Jezi imite Papa l. Jezi gen imilite menm jan ak Papa l, se sa k fè lè l te sou tè a moun te santi yo alèz pou yo abòde l. Yo te santi yo alèz pou yo poze l kesyon (Mak 4:10, 11). Lè Jezi te mande yo sa yo panse sou yon bagay, yo te konn di l sa yo panse toutbon (Mat. 16:13-16). E lè yo te fè erè, yo pa t pè pou Jezi pa t fache avèk yo paske yo te konnen Jezi gen bon kè, li gen mizèrikòd e l gen pasyans (Mat. 17:24-27). Jezi te tèlman byen imite Papa l, disip li yo te vin konn Jewova pi byen (Jan 14:9). Yo te aprann gen yon gwo diferans ant Jewova ak chèf relijye nan epòk la ki te san pitye, ki te gen ògèy e ki pa t gen sousi pou moun. Okontrè, Jezi te gen imilite e l te abòdab.
5. Lè n gen imilite, ki jan sa ka ede n pou n vin pi abòdab?
5 Ki jan nou ka imite Jewova? Lè n chèche gen plis imilite, n ap vin pi abòdab. Imilite ap ede n pou n pa rayi sò moun, pou n pa gen ògèy e pou n pa kenbe moun sou kè, sa ki t ap fè lòt moun pran distans yo ak nou. Epitou, imilite ap ede n pou n aji avèk bonte, pou n gen pasyans e pou n dispoze padone. Konsa, moun ap anvi vin zanmi nou (Kol. 3:12-14). Ansyen yo dwe fè plis efò toujou pou yo abòdab. Nòmalman, pou frè ak sè yo santi yo alèz pou yo pale ak ansyen yo, yo dwe kapab wè yo. Sa vle di ansyen yo fè efò pou yo asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan olye yo asiste yo pa mwayen videyo konferans san yo pa gen bonjan rezon pou sa. Epitou, yo fè efò pou yo preche kay an kay ansanm ak frè ak sè yo depi sitiyasyon yo pèmèt yo. Lè frè ak sè yo pi byen konn ansyen yo, y ap santi yo alèz pou yo pale avè yo lè yo bezwen sa.
JEWOVA REZONAB
6-7. Bay egzanp ki montre fason Jewova te chanje desizyon l te fin pran lè sèvitè l te mande l sa.
6 Souvan moun ki gen ògèy yo kwè se yo ki konn sa ki pi bon e yo pa dispoze chanje fason yo panse. Men, Jewova pa konsa. Byenke li toujou konn sa ki pi bon, li dispoze koute sa lòt moun panse paske li gen imilite. Ann wè fason Jewova te aji ak Miryam, sè Moyiz. Miryam ansanm ak Arawon t ap plenyen kont Moyiz ki te yon reprezantan Jewova. Anfèt, Miryam pa t montre li gen respè pou Jewova. Se sa k fè Jewova te fache anpil kont li e l te lage lèp sou li. Men, lè Arawon te sipliye Moyiz pou l ede Miryam e Moyiz te sipliye Jewova pou l geri sè l la, ki sa Jewova te fè? Yon moun ki gen ògèy pa t ap chanje desizyon l fin pran. Men, Jewova pa t fè sa. Lefètke Jewova gen imilite, li te koute Moyiz e l te geri Miryam. — Nonb 12:1-15.
7 Epitou, Jewova te montre l gen imilite nan fason l te aji ak wa Ezekyas. Jewova te voye pwofèt Ezayi al fè wa a konnen l ap mouri. Avèk dlo nan je, Ezekyas te sipliye Jewova pou l geri l. Jewova te pran pitye pou wa a e l te ajoute 15 an sou lavi l (2 Wa 20:1, 5, 6). Vrèmanvre, lefètke Jewova gen imilite, sa pouse l aji avèk konpasyon e l dispoze sede.
8. Bay egzanp ki montre Jezi rezonab. (Mak 3:1-6).
8 Jezi imite Papa l. Lè Jezi te sou tè a li pa t ezite fè byen pou lòt moun lè sa te nesesè. Pa egzanp, li te geri moun nan jou saba a menm lè moun ki te opoze avè l yo ki te gen kè di pa t dakò. (Li Mak 3:1-6.) Antanke chèf kongregasyon an, Jezi kontinye montre l rezonab. Pa egzanp, lè yon moun nan kongregasyon an fè yon peche grav, li pran anpil pasyans avè l, li ba l posiblite pou l chanje. — Rev. 2:2-5.
9. Ki jan n ka aprann vin rezonab e ki jan n ka montre sa? (Gade foto yo tou.)
9 Ki jan nou ka imite Jewova? Jewova montre l rezonab nan fason l panse ak nan fason l aji e nou dwe fè efò pou n suiv egzanp li nan sans sa a (Jak 3:17). Pa egzanp, byenke paran ki rezonab yo pa sitirè, yo pa atann pou timoun yo fè sa yo pa kapab fè. Jakòb se yon bèl egzanp nan sans sa a, jan sa parèt nan istwa ki nan Jenèz 33:12-14 la. Paran ki gen imilite e ki rezonab yo bezwen fè efò tou pou yo pa konpare yon timoun ak yon lòt, paske li pa bon pou yo fè sa. Ansyen yo dwe montre yo rezonab tou. Youn nan fason yo ka montre sa, se lè yo aksepte desizyon pifò frè nan gwoup ansyen an pran lè desizyon sa a pa kont prensip ki nan Bib la (1 Tim. 3:2, 3). Epitou, nou tout ka fè efò pou n konprann opinyon lòt moun, menmsi n pa wè bagay yo menm jan avè yo (Wom. 14:1). Vrèmanvre, se nou tout nan kongregasyon an ki bezwen fè efò pou “tout moun konnen [nou] kòm moun ki rezonab”. — Flp. 4:5.
Yon papa ki montre l rezonab ak pitit li nan travay predikasyon an. Li pa atann pou yo fè plis pase sa yo kapab. (Gade paragraf 9.)
JEWOVA GEN PASYANS
10. Nan ki sitiyasyon Jewova te montre l gen pasyans?
10 Petèt ou konn remake moun ki gen ògèy pa renmen yo fè yo tann. Ògèy fè yo pa gen pasyans. Se pa konsa Jewova ye ditou! Se li ki bay pi bèl egzanp nan demontre pasyans. Pa egzanp, nan epòk Noye a, Jewova te di Li t ap tann 120 an anvan l detwi mechan yo (Jen. 6:3). Noye te gen tan pou l leve pitit li yo e pou l konstwi lach la ansanm ak fanmi l. Annapre, Jewova te koute Abraram avèk pasyans lè l t ap poze l kesyon sou destriksyon Sodòm ak Gomò. Yon moun ki gen ògèy te ka di: ‘Ki dwa w pou w ap poze m kesyon?’ Men, piske Jewova gen imilite, li te koute Abraram avèk pasyans. — Jen. 18:20-33.
11. Selon 2 Pyè 3:9, poukisa Jewova demontre pasyans nan epòk nou an?
11 Jewova demontre pasyans nan epòk nou an tou. L ap tann jou l fikse a rive pou l detwi monn nan. Poukisa l demontre pasyans? “Paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” (Li 2 Pyè 3:9.) Èske se pou granmesi Jewova demontre pasyans? Non! Paske plizyè milyon moun ki gen bon kè vin sèvi l. Epitou, nou gen espwa plizyè milyon lòt moun ap vin fè sa. Sepandan, pasyans Jewova gen limit. Se vre li renmen moun, men li pa sitirè. Li pap kite mechanste kontinye nètale. — Aba. 2:3.
12. Ki jan Jezi montre l gen pasyans menm jan ak Jewova?
12 Jezi imite Papa l. Pandan plizyè milye ane, Jezi montre l gen pasyans menm jan ak Jewova. Jezi te wè lè Satan t ap bay manti sou Jewova ak sou sèvitè fidèl Jewova yo (Jen. 3:4, 5; Jòb 1:11; Rev. 12:10). Epitou, Jezi wè jan lèzòm ap soufri anpil. Imajine jan l anvi “kraze travay Dyab la”! (1 Jan 3:8.) Ki sa k ede Jezi tann avèk pasyans pou Jewova ba l pèmisyon pou l detwi travay Dyab la nèt? Youn nan rezon yo se paske Jezi gen imilite. Li konnen se Jewova ki gen dwa deside ki lè l ap detwi monn nan. — Tra. 1:7.
13. Ki jan Jezi te pran pasyans ak apot li yo, e poukisa l te fè sa?
13 Lè Jezi te sou tè a, li te pran pasyans ak apot li yo tou. Pa egzanp, lè apot yo t ap plede fè diskisyon pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan, Jezi pa t dekouraje avè yo. Okontrè, li te toujou pran pasyans ak yo (Lik 9:46; 22:24-27). Li te gen konfyans rive yon lè yo t ap chanje. Èske w te fè yon erè plizyè fwa? Si sa te rive w, èske ou pa gen rekonesans dèske w gen yon Wa ki gen imilite ak pasyans konsa?
14. Ki jan n ka vin gen plis pasyans?
14 Ki jan nou ka imite Jewova? Lè n vin gen “panse Kris la”, l ap pi fasil pou n panse e pou n aji menm jan ak Jewova (1 Kor. 2:16). Ki sa k ka ede n pi byen konprann panse Kris la? Youn nan pi bon fason nou kapab fè sa se lè nou li Evanjil yo regilyèman. Apre sa, nou bezwen pran tan pou n reflechi sou fason istwa nou li yo montre sa Jezi panse sou yon seri bagay. Epitou, nou bezwen mande Jewova pou l ede n gen imilite ak pasyans menm jan ak Jezi. Tank n ap fè efò pou n vin gen panse Kris la, se tank n ap vin pi sanble ak Bondye lè n pran plis pasyans ak tèt nou e ak kwayan parèy nou. — Mat. 18:26-30, 35.
JEWOVA ONORE MOUN KI GEN IMILITE
15. Bay kèk egzanp ki montre Jewova renmen moun ki gen imilite. (Sòm 138:6).
15 Li Sòm 138:6. Se yon gwo onè moun ki gen imilite yo genyen pou Sila a ki Souvren linivè a montre l enterese nan yo! Ann jis pran egzanp kèk moun ki te gen imilite Jewova te onore nan syèk ki pase yo. Gen nan yo ki te ka pa vin nan lespri n tousuit, men non yo nan Bib la. Jewova te fè Moyiz ekri non Debora, yon dam ki te konn okipe tibebe, ki te viv nan epòk chèf fanmi tan lontan yo. Li te travay ni lakay Izarak ni lakay Jakòb pandan anviwon 125 an! Byenke nou pa gen anpil enfòmasyon sou dam fidèl sa a, Jewova te fè Moyiz bay kèk detay sou li ki montre jan Jakòb ak fanmi l te renmen l anpil (Jen. 24:59; 35:8). Plizyè syèk annapre, Jewova te fè David, yon tigason ki te konn pran swen mouton, vin wa nasyon Izrayèl la (2 Sam. 22:1, 36). Yon ti tan apre Jezi te fèt, Jewova te voye yon zanj al kot yon seri bèje ki te gen imilite pou fè yo konnen anvan tout moun Mesi a fèt Betleyèm (Lik 2:8-11). Lè Jozèf ak Mari te mennen Jezi nan tanp lan, Jewova te onore Simeyon ak Àn, de granmoun, lè l te fè yo wè Pitit Gason l lan (Lik 2:25-30, 36-38). Vrèmanvre, “byenke Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo”!
16. Ki jan Jezi te imite fason Papa l aji ak moun?
16 Jezi imite Papa l. Jezi onore moun ki gen imilite yo menm jan ak Papa l. Li te fè moun ki “pa t fè gwo etid e ki pa [t] nan gwo pozisyon” konnen ki sa Wayòm Bondye a ye (Tra. 4:13; Mat. 11:25). Epitou, Jezi te geri moun ki malad e l te fè sa yon fason ki te fè yo santi li renmen yo e l gen respè pou yo (Lik 5:13). Dènye nuit anvan Jezi te mouri a, li te lave pye apot li yo, yon travay yon sèvitè te konn fè (Jan 13:5). Anvan l te monte nan syèl, li te onore tout disip li yo ki te gen imilite, ni sa k te la yo ni sa li t ap vin gen annapre yo, lè l te ba yo fè travay ki pi enpòtan yon moun ka genyen: ede lòt moun pou yo gen lavi ki pap janm fini an. — Mat. 28:19, 20.
17. Ki jan nou ka onore lòt moun? (Gade foto a tou.)
17 Ki jan nou ka imite Jewova? Nou onore moun yo lè n pataje bon nouvèl la ak tout moun ki dispoze koute, kèlkeswa kote yo soti, koulè po yo oswa nivo etid yo. Epitou, nou onore frè n ak sè n yo lè n konsidere yo siperyè nou, kèlkeswa kapasite oswa privilèj nou ta genyen (Flp. 2:3). Jewova kontan lè n montre nou gen imilite e n “pran devan” nan onore youn lòt fason sa yo ak lòt fason ankò. — Wom. 12:10; Sof. 3:12.
Nou montre n gen imilite menm jan ak Jewova lè n pataje bon nouvèl la ak tout kalite moun. (Gade paragraf 17.)a
18. Poukisa n vle vin gen imilite menm jan ak Jewova?
18 Lè n fè efò pou n imite Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou ak imilite, n ap vin pi abòdab, pi rezonab e n ap vin gen plis pasyans. Epitou, n ap onore lòt moun menm jan ak Jewova. Nou swete pou efò n ap fè pou n vin pi pwòch ak Bondye nou an ki gen imilite fè nou chak vin gen plis valè pou li toujou! — Eza. 43:4.
KANTIK 159 Bay Jewova glwa
a ESPLIKASYON SOU FOTO: Kèk sè k ap montre yo gen imilite menm jan ak Jewova pandan y ap anseye kèk medam ki nan prizon.