BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 desanm p. 20-25
  • Fason pou n planifye maryaj nou pou l onore Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou n planifye maryaj nou pou l onore Jewova
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA N BEZWEN ONORE JEWOVA?
  • KI JAN N KA ONORE JEWOVA?
  • EVITE PWOBLÈM, EPI REZOUD PWOBLÈM
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Maryaj ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Ki sa yo fè nan maryaj Temwen Jewova yo?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Demontre nou gen lafwa nan fason n ap viv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 desanm p. 20-25

ATIK ETID 51

KANTIK 132 Kounye a, nou fè yon sèl

Fason pou n planifye maryaj nou pou l onore Jewova

“Se pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd.” — 1 KOR. 14:40.

PWEN KLE

Fason kretyen yo ka onore Jewova jou maryaj yo.

1-2. Ki sa Jewova vle pou moun k ap marye yo?

ÈSKE W fiyanse? Si w fiyanse, felisitasyon! Petèt, w ap planifye anpil bagay pou maryaj ou. Jewova vle pou w gen kè kontan jou maryaja ou e pou ou menm ak moun ou pral marye avè l la gen kè kontan nètale. — Pwo. 5:18; Chan. 3:11.

2 Jewova merite pou n onore l nan jou maryaj nou. Sa k fè n ka di sa? E ki jan n ka fè sa? Byenke yo fè atik sa a sitou pou moun k ap planifye maryaj yo, prensip ki ladan l yo kapab ede nou tout pou n onore Jewova si n ap asiste yon maryaj oswa si moun ki fiyanse yo mande n konsèy sou fason pou yo planifye maryaj yo.

POUKISA N BEZWEN ONORE JEWOVA?

3. Ki sa de moun k ap planifye maryaj yo bezwen fè, e poukisa?

3 Kretyen k ap planifye maryaj yo bezwen fè sa ann amoni ak prensip Jewova ban nou nan Pawòl li a. Poukisa? Paske se Jewova ki tabli maryaj. Se li ki te fè premye maryaj la, lè l t ap marye Adan ak Èv (Jen. 1:28; 2:24). Donk, sa k ta dwe pi enpòtan pou moun k ap planifye maryaj yo se chèche konnen sa Bondye panse.

4. Ki rezon moun k ap marye yo genyen pou yo onore Jewova nan jou maryaj yo?

4 Gen yon rezon enpòtan ki fè n bezwen chèche konnen sa Jewova panse lè n ap planifye jou maryaj nou: Li se Papa n ki nan syèl la e l se pi bon Zanmi n (Ebre 12:9). Se sèten n ta renmen kontinye ret zanmi l. Nou pa t ap janm renmen anyen rive jou sa a oswa yon lòt jou ki ta ka fè Zanmi n nan lapenn (Sòm 25:14). Lè n reflechi sou tout sa Jewova fè pou nou ak tout sa l pral fè pou nou, èske n pa dakò li merite pou n onore l nan jou maryaj nou? — Sòm 116:12.

KI JAN N KA ONORE JEWOVA?

5. Ki jan Labib ka ede moun ki pral marye yo pou yo planifye maryaj yo?

5 Bib la pa bay yon pakèt règ sou fason pou tout bagay fèt pandan maryaj la oswa nan resepsyon ki ka gen annapre. Donk, moun k ap marye yo ka planifye maryaj yo selon sitiyasyon yo, selon sa moun abitye fè nan zòn kote y ap viv la oswa selon sa yo ta renmen. Epitou, vrè kretyen yo obeyi lwa Leta tabli anrapò ak maryaj (Mat. 22:21). Kèlkeswa sa moun k ap marye yo deside fè nan jou maryaj yo, lè yo suiv prensip ki nan Bib la, y ap onore Jewova e y ap fè kè l kontan. Donk, ki prensip nou bezwen sonje?

6. Selon Women 13:​1, 2, poukisa l enpòtan pou moun k ap marye yo obeyi sa lalwa mande anrapò ak maryaj?

6 Obeyi sa lalwa mande (Wom. 13:​1, 2). Nan pifò peyi, de moun k ap marye dwe fè yon seri bagay lalwa mande pou yo fè anvan yo marye. Moun k ap marye yo dwe chèche konnen ki sa lalwa mande nan zòn y ap viv la. Si n ta renmen gen enfòmasyon sa yo, nou kapab mande ansyen yo pou yo ede n.b

7. Ki anbyans ki ta dwe genyen nan yon maryaj?

7 Veye pou anbyans k ap genyen an onore Jewova (1 Kor. 10:​31, 32). Fè efò pou gen yon anbyans kote se yon seri kalite ki soti nan lespri Bondye k ap gide nou olye nou kite lespri monn nan enfliyanse nou (Gal. 5:​19-26). Piske se frè k ap marye a ki pral dirije fanmi an, li bezwen veye pou tout bagay byen pase jou maryaj la. Ki sa k ka fè jou maryaj la byen pase? Yon diskou maryaj ki baze sou Bib la ki fèt yon fason ki demontre lanmou ak respè ap ede moun k ap tande diskou a konprann maryaj se yon kado Bondye bay. Epitou, diskou a ap ede tout moun nan asistans lan konprann jan moman sa a enpòtan. Se sa k fè pifò kretyen chwazi fè maryaj yo nan yon Sal Wayòm, depi sa posib. Si se sa n ta renmen, nou bezwen ekri gwoup ansyen nan youn nan kongregasyon ki nan Sal Wayòm nou ta renmen marye a san pèdi tan pou n mande yo sa.

8. Si n ap fè resepsyon, ki jan n ka veye pou anbyans k ap genyen an onore Jewova? (Women 13:13).

8 Li Women 13:13. Si n chwazi fè resepsyon lè n ap marye, ki sa n ka fè pou n pa kite lespri monn nan antre nan aktivite k ap genyen yo? Mo grèk lè yo tradui l yo mete “banbòch” pou li a gen rapò ak aktivite kote moun ap bwè depase limit e ki gen mizik y ap jwe oswa y ap pase rive byen ta lannuit. Si n chwazi sèvi bwason ki gen alkòl, veye pou pa gen moun ki bwè twòpc. Si gen mizik, kenbe volim nan nan yon nivo k ap pèmèt moun nou envite yo tande sa youn ap di lòt. Byen egzamine kalite mizik n ap pase ak pawòl ki nan mizik sa yo pou n pa fè okenn moun bite.

9. Ki sa moun k ap marye yo bezwen sonje si ap gen moun k ap di kèk pawòl nan resepsyon maryaj yo oswa si ap gen lòt aktivite?

9 Èske ap gen moun k ap gen kèk pawòl pou yo di? Èske y ap pase kèk foto ak videyo? Oswa èske ap gen lòt aktivite pandan resepsyon an? Souvan, aktivite konsa kapab fè jou a pi bèl. Sepandan, veye pou chak sa k ap fèt se bagay k ap ankouraje moun (Flp. 4:8). Mande tèt nou: ‘Èske aktivite sa a ap montre nou gen respè pou lòt moun?’ ‘Èske l ap onore maryaj la?’ E sa k pi enpòtan an, mande tèt nou: ‘Èske l ap onore Jewova?’ Byenke pa gen anyen mal pou moun fè blag, evite tout bagay ki pa kòrèk, pa egzanp yon seri blag ki ka fè moun panse ak sèks (Efe. 5:3). Asire n moun nan fanmi n ak zanmi n k ap gen pou di kèk pawòl konprann sa n vle epi respekte sa.

10. Poukisa de moun k ap marye bezwen veye pou yo pa fè granpanpan lè y ap planifye maryaj yo? (1 Jan 2:​15-17).

10 Pa fè granpanpan. (Li 1 Jan 2:​15-17.) Jewova renmen lè sèvitè l yo chèche onore l olye yo atire atansyon sou tèt yo. Donk, lè yon kretyen pa estravagan, li pap fè twòp depans e l pap fè “egzibisyon”. Ki avantaj n ap jwenn si n fè resepsyon maryaj nou senp? Petèt n ap fè menm eksperyans ak Mike, yon frè ki moun peyi Nòvèj. Men sa l di: “Nou pa t fè dèt e nou te kapab kontinye nan sèvis nou antanke pyonye. Maryaj nou te senp men l te bèl, e n gen anpil bèl souvni.” Men sa Tabitha, yon sè ki moun peyi End, di: “Nou te evite anpil tètchaje. Lefètke nou te fè yon maryaj ki senp, nou pa t gen anpil bagay pou n planifye ni nou pa t gen anpil bagay ki te ka fè nou gen pwoblèm youn ak lòt.”

Foto ki ansanm: Frè ak sè toupatou sou tè a ki kontan vin nan maryaj lòt frè ak sè. 1.Yon lamarye ak yon lemarye ki chita anfas yon frè k ap fè diskou maryaj yo nan yon Sal Wayòm. 2. Yon mari ak madanm k ap felisite yon frè ak yon sè ki fèk marye nan resepsyon maryaj yo k ap fèt nan yon lakou. 3. Yon lamarye ak yon lemarye ki nan liy k ap pran manje ansanm ak moun yo envite. 4. Yon lamarye ak yon lemarye ki kanpe anfas yon frè k ap fè diskou maryaj yo nan yon lakou.

Kèlkeswa kote n ap viv, maryaj kretyen yo kapab senp, bèl e yo kapab kite bèl souvni. (Gade paragraf 10-11.)


11. Lè yon fi ak yon gason ap marye, ki sa yo ka fè pou fason yo abiye ak aparans yo pa fè lòt moun bite? (Gade foto yo tou.)

11 Èske n deja deside ki rad n ap mete? Se sèten, nou ta renmen bèl anpil. Menm nan epòk yo t ap ekri Bib la, yon gason ak yon fi ki t ap marye te byen veye sou fason y ap abiye (Eza. 61:10). Nòmalman, nan jou maryaj nou, nou ka pa met sa n abitye mete nan lòt okazyon, men, fason n abiye pa ta dwe fè lòt moun bite (1 Tim. 2:9). Pa kite rad n ap met sou nou oswa aparans nou vin bagay ki pi enpòtan nan maryaj nou. — 1 Pyè 3:​3, 4.

12. Poukisa yon gason ak yon fi ki pral marye bezwen evite kèlkeswa koutim ki gen nan zòn kote y ap viv la ki pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la?

12 Pa suiv koutim ki pa ann amoni ak sa Bib la di (Rev. 18:4). Jodi a, maryaj nan monn nan chaje ak koutim ki gen rapò ak fo relijyon, pratik ki gen rapò ak movèzespri ak sipèstisyon. Jewova avèti nou byen klè pou n rete lwen bagay sa yo ki pa pwòp (2 Kor. 6:​14-17). Si n gen dout sou yon seri koutim oswa tradisyon ki gen nan zòn kote n ap viv la, chèche konn ki kote yo soti e chèche wè si gen prensip biblik ki ka ede n pran bon desizyon anrapò ak sa n ap aksepte nan maryaj nou.

13. Ki jan yon gason ak yon fi ki pral marye kapab imite Jewova lè yo ba yo kado?

13 Èske nan zòn kote n ap viv la yo abitye bay moun k ap marye yo kado? Kèk nan moun nou envite yo ka pa gen gwo mwayen e sa ka fè yo pa kapab bay kado yo ta renmen bay la. Nòmalman, Bib la ankouraje kretyen yo pou yo donan, e lè yo bay, sa fè yo gen kè kontan (Pwo. 11:25; Tra. 20:35). Sepandan, nou pa ta renmen fè moun nou envite yo santi yo oblije bay, ni nou pa ta renmen fè yo santi nou pap aksepte kado ki pa koute chè. Nou imite Jewova si n fè efò pou n panse menm jan avè l lè n aksepte sa lòt ban nou ak tout kè yo selon mwayen yo. — 2 Kor. 9:7.

EVITE PWOBLÈM, EPI REZOUD PWOBLÈM

14. Ki pwoblèm kèk moun k ap marye konn jwenn?

14 Nou ka jwenn pwoblèm pandan n ap fè efò pou n planifye maryaj nou pou l ka onore Jewova. Pa egzanp, nou ka twouve l difisil pou n fè yon maryaj ki senp. Men sa Charlie ki moun zile Salomon di: “Li te vrèman difisil pou n chwazi kiyès n ap envite nan resepsyon an. Nou gen anpil zanmi, e nan kilti pa nou, tout moun atann pou yo envite yo!” Men sa Tabitha, nou te pale de li pi wo a, di: “Nan zòn kote m ap viv la, moun yo abitye fè gwo resepsyon. Sa te pran tan pou paran nou yo te aksepte desizyon nou te pran pou n envite sèlman anviwon 100 moun.” Men sa Sarah ki moun peyi End di: “Gen moun k ap chèche montre yo gen lajan e ki vle lòt moun ba yo anpil enpòtans. Kouzen m ak kouzin mwen yo te fè maryaj granpanpan. Donk, mwen te santi maryaj mwen te dwe pi estravagan toujou.” Ki sa k ka ede n evite pwoblèm sa yo ak lòt ankò?

15. Poukisa l enpòtan pou n priye lè n ap planifye maryaj nou?

15 Priye Jewova pandan n ap planifye maryaj nou. Nou ka fè Jewova konnen nenpòt pwoblèm nou genyen oswa jan n santi n (Flp. 4:​6, 7). Nou ka mande Jewova ede n pou n pran bon desizyon, pou n rete kalm lè n gen tètchaje e pou n gen kouraj lè n bezwen sa (1 Pyè 5:7). Lè n wè jan Jewova reponn priyè nou, n ap vin fè l plis konfyans. Men sa Tabitha, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen menm ak fiyanse m te pè pou n pa t gen pwoblèm youn ak lòt e pou n pa t gen pwoblèm ak fanmi nou. Donk, chak fwa nou t ap pale sou sa nou ta renmen fè jou maryaj nou, nou te kòmanse ak yon priyè. Nou te vrèman santi Jewova ede n e te gen lapè ant nou de a e ak fanmi nou.”

16-17. Lè n ap planifye maryaj nou, ki jan n ka byen kominike youn ak lòt e ak moun nan fanmi nou?

16 Pale klè youn ak lòt e ak moun nan fanmi nou, epi fè sa avèk respè (Pwo. 15:22). Antanke fiyanse, n ap bezwen pran anpil desizyon anrapò ak maryaj nou. Sa gen ladan l dat nou deside marye, kantite kòb nou ta renmen depanse, kiyès n ap envite ak anpil lòt bagay ankò. Anvan nou pran yon desizyon, egzamine posiblite nou genyen yo ansanm, epi egzamine prensip nan Bib la nou kapab aplike ak kèlkeswa konsèy kretyen ki gen matirite e ki gen eksperyans ban nou. Lè n ap fè konnen sa n ta renmen, fè sa avèk jantiyès, montre nou rezonab epi montre nou fleksib. Si fanmi pwòch nou, pa egzanp paran nou, mande nou fè yon seri bagay ki rezonab, fè efò pou n onore yo. Se yon okazyon espesyal pou yo tou. Si n pa ka fè sa yo mande n nan, esplike yo pou ki rezon e fè sa avèk respè (Kol. 4:6). Fè moun nan fanmi n konnen byen klè sa k pi enpòtan pou nou se pou n gen kè kontan jou maryaj nou e pou maryaj nou onore Jewova.

17 Si paran n yo pap sèvi Jewova, li ka vrèman difisil pou n esplike yo desizyon n pran yo. Men, nou ka rive fè sa. Men sa Santhosh, yon frè ki moun peyi End, di: “Fanmi nou te vle nou suiv plizyè koutim ki gen rapò ak relijyon endou. Mwen menm ak fiyanse m te pran yon pakèt tan pou n esplike yo desizyon nou. Nou te dakò fè kèk bagay yo te mande n ki pa t kont prensip Jewova yo. Pa egzanp, nou te chanje manje nou te vle bay nan resepsyon an e n te bay manje ki te fè yo plezi. Epitou, nou te deside pap gen chante oswa danse paske yo pa t abitye ak sa.”

18. Ki sa n ka fè pou n ka sèten jou maryaj nou ap byen pase? (1 Korentyen 14:40). (Gade foto a tou.)

18 Byen planifye sa n ap fè. Lè n byen òganize tout bagay, petèt n ap gen mwens strès nan jou maryaj nou. (Li 1 Korentyen 14:40.) Men sa Wayne ki moun peyi Taywann di: “Kèk jou anvan maryaj nou, nou te fè yon ti reyinyon ak moun ki te vle ede n ak preparasyon yo. Nou te pale sou sa n vle fè e n te fè kèk repetisyon pou n te ka sèten tout bagay t ap byen pase.” Pou n montre respè pou moun nou envite yo, fè tout sa n kapab pou tout bagay fèt nan lè n te di a.

Yon frè ak yon sè ki fiyanse k ap esplike kèk zanmi ki gen pou ede yo nan jou maryaj yo ki jan yo ta renmen pou tout bagay fèt. Frè a gen yon tablèt nan men l, l ap montre yo ki kote yo ta renmen moun yo chita nan resepsyon an.

Lè moun k ap marye yo byen planifye maryaj yo, sa kapab fè tout bagay byen pase. (Gade paragraf 18.)


19. Ki sa n ka fè pou n ka gen kontwòl sa k ap pase nan resepsyon maryaj nou?

19 Lè n reflechi ak pwoblèm ki ka rive nan jou maryaj la ak fason n ka rezoud yo, n ap evite anpil tètchaje (Pwo. 22:3). Pa egzanp, si n ap viv nan yon zòn kote moun yo abitye vin nan resepsyon maryaj san yo pa envite yo, chèche wè ki sa n ka fè pou sa pa rive. Fè tout moun nan fanmi nou ki pa nan laverite konnen ki jan bagay yo pral pase, epi esplike yo ki jan nou wè yon seri koutim ki gen rapò ak maryaj. Nou kapab fè yo jwenn atik ki gen tit “Ki sa yo fè nan maryaj Temwen Jewova yo?” ki sou jw.org. Pou n ka gen kontwòl sa k ap pase nan resepsyon maryaj nou, nou ka mande yon frè ki gen matirite pou l “dirije resepsyon an” pou nou (Jan 2:8). Si n byen esplike l jan n ta renmen bagay yo fèt nan resepsyon maryaj nou, li ka ede n pou tout bagay byen pase jan n ta renmen an.

20. Ki sa yon gason ak yon fi bezwen sonje anrapò ak maryaj yo?

20 Nou ka santi n yon ti jan strese lè n ap reflechi sou tout efò sa mande pou n planifye maryaj nou. Men, nou bezwen sonje se yon sèl jou maryaj nou ap fèt. Jou sa a, nou pral kòmanse yon bèl vi ansanm antanke sèvitè Jewova. Fè tout sa n kapab pou maryaj nou senp e pou l onore Jewova. Fè Jewova konfyans. Grasa èd li, n ap kapab òganize yon maryaj kote n ap gen bèl souvni e n pap regrèt anyen. — Sòm 37:​3, 4.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa moun k ap marye yo bezwen onore Jewova nan jou maryaj yo?

  • Ki sa yon gason ak yon fi k ap marye ka fè pou anbyans k ap gen nan jou maryaj yo onore Jewova?

  • Lè de moun k ap marye fè yon maryaj ki senp, ki jan sa kapab bon pou yo?

KANTIK 107 Modèl lanmou Bondye bay la

a PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nan anpil kilti, yon maryaj se yon seremoni kote de moun k ap marye yo fè yon ve devan Bondye. Apre sa, ka gen yon resepsyon. Nan kilti kote pa gen seremoni maryaj oswa resepsyon, moun k ap marye yo bezwen toujou suiv prensip ki nan Bib la nan jou maryaj yo.

b Pou n jwenn plis enfòmasyon sou fason yon kretyen dwe konsidere sa lalwa di anrapò ak maryaj, gade atik ki gen tit “Maryaj ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm” ki parèt nan Toudegad 1ye novanm 2006.

c Gade videyo ki gen tit Èske m dwe sèvi alkòl? ki sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje