ENDONEZI
Yon biwo filyal ki nan syèl la
Biwo yo nan 31yèm etaj la.
An 2008, te vin gen 21 699 pwoklamatè ann Endonezi. Filyal la pa t ka pran moun ankò. Anplis de sa, piske filyal la te konstwi pandan entèdiksyon an, li te nan yon zòn ki lwen anpil. Vrèmanvre, nou te bezwen yon filyal ki pi gwo e ki pi pre Jakata.
Anviwon dezan annapre, frè yo te achte yon lokal ki pa t menm ditou ak teren premye lokal filyal la. Lokal sa a se 31yèm etaj yon bilding modèn ki gen 42 etaj ki twouve l prèske nan mitan Jakata. Annapre, frè yo te achte 12 etaj nan yon bilding toupre a ki gen apatman pou akeyi 80 betelit e menm plis. Epi, yo te achte yon bilding 5 etaj pou yo met Betèl la.
Rezidans Betèl la pran 12 etaj antou.
Gen sèvitè konstriksyon ki sot nan plizyè peyi ki te travay ansanm ak kèk kontraktè lokal pou amenaje biwo yo ak apatman yo. Men sa Darren Berg, siveyan yon ekip konstriksyon, te di: “Pandan plizyè fwa, Jewova te ede n rezoud kèk pwoblèm ki sanble pa t gen solisyon. Pa egzanp, nou te vle enstale yon izin modèn pou trete dlo yo fin itilize, men, piske otorite yo pa t abitye ak teknoloji sa a, yo pa t vle n enstale l. Apre sa, gen yon Temwen endonezyen ki enjenyè ki te pote ka a devan yon pi gwo fonksyonè. Fonksyonè a te apwouve demann nou an byen vit paske l te di li gen bonjan konfyans nan rekòmandasyon frè yo.”
“Nou pa nan kache ankò. Kounye a, moun yo wè Temwen Jewova yo. Yo ka wè nou la pou n rete!”
Yo te inogire nouvo biwo filyal la jou ki te 14 fevriye 2015 lan. Anthony Morris III, yon manm Kolèj santral la, te bay diskou inogirasyon an. Men sa Vincent Witanto Ipikkusuma, yon manm Komite filyal la, te di: “Kounye a, nou twouve nou nan yon bèl zòn toupre kèk nan pi gwo antrepriz Endonezi yo. Nou pa nan kache ankò. Kounye a, moun yo wè Temwen Jewova yo. Yo ka wè nou la pou n rete!”
Komite filyal la, sot agoch pou al adwat: Budi Sentosa Lim, Vincent Witanto Ipikkusuma, Lothar Mihank ak Hideyuki Motoi.
“Preche isit la se yon plezi!”
Nan dènye ane ki sot pase yo, gen anpil Temwen Jewova toupatou nan monn nan ki te vin viv Endonezi. Men sa Lothar Mihank fè konnen: “Moun k al sèvi kote ki gen plis bezwen yo jwe yon wòl enpòtan nan peyi nou. Kongregasyon yo pwofite eksperyans yo, matirite yo ak zèl yo, e yo ede n bay frè ak sè nou yo toupatou sou tè a plis valè.” Ki sa k pouse yo vin nan peyi a? Epi, kòman bagay yo ye pou yo? Ann gade kèk kòmantè yo fè.
Moun k al sèvi kote ki gen plis bezwen
1. Janine ak Dan Moore.
2. Mandy ak Stuart Williams.
3. Casey ak Jason Gibbs.
4. Mari (devan adwat) ak Takahiro Akiyama (dèyè adwat).
Men sa Jason ak Casey Gibbs, ki soti Ozetazini, fè konnen: “Nou te analize popilasyon yon peyi parapò ak kantite pwoklamatè ki nan peyi a nan Liv aktivite Temwen Jewova yo e n te wè Endonezi se youn nan peyi kote chak pwoklamatè gen plis moun pou yo preche. Epitou, gen kèk nan zanmi nou yo k ap sèvi kote ki gen plis bezwen ki te di nou moun yo enterese anpil ann Endonezi. Konsa, nou te telefone filyal Endonezi a e yo te voye n Bali. Piske yo te fèk kòmanse preche ann anglè ann Endonezi, nou te ka kòmanse travay lapoula. Nou te fè planifikasyon pou ennan, men, nou te fè twazan lòtbò a. Pifò moun nou te preche yo pa t janm pale ak Temwen Jewova yo anvan sa. Nou jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an!”
Men sa Stuart ak Mandy Williams, yon koup ki nan senkantèn yo e ki sot Ostrali, fè konnen: “Nou te vle jwenn moun ki swaf laverite, se sa k fè n vin Endonezi. Nan vil Malang, Java delès, nou te rankontre plizyè santèn elèv inivèsite ki pale anglè ki te chofe pou yo tande bon nouvèl la. Epi, moun yo renmen sit jw.org la! Travay predikasyon an bèl anpil isit la!”
Men sa Takahiro ak Mari Akiyama k ap sèvi kòm pyonye nan Yogyakata, sou zile Java, fè konnen: “Nou santi n pi an sekirite isit la pase lè n nan peyi nou o Japon. Moun yo janti e yo gen bon jan. Anpil nan yo, sitou jèn yo, anvi konn ki jan lòt relijyon yo ye. Yon jou, pandan n t ap itilize yon tab nan temwayaj an piblik, nou te bay anviwon 2 600 peryodik nan senk èdtan sèlman.”
Men sa Dan ak Janine Moore, yon koup ki nan fen senkantèn yo, fè konnen: “Lè n al preche, moun kouvri nou. Nou souri ba yo, yo souri ban nou tou. Toudabò yo fè sa akoz kiryozite, men annapre, yo vin enterese nan mesaj la e yo vin kontan anpil. Lè n montre yo yon bagay nan Bib la, gen kèk nan yo ki di: ‘Èske w ap ban m yon ti tan pou m ekri l?’ Yo kontan wè tout sajès ki gen nan Bib la. Nou gen ennan depi n isit la e n regrèt nou pa t vini anvan sa. Nou t ap chèche yon tèritwa kote anpil moun potko tande pale de Jewova e nou jwenn li!”
Misja ak Kristina Beerens te vin nan peyi a kòm misyonè an 2009 e kounye a yo nan sèvis sikonskripsyon. Men sa yo fè konnen: “Travay predikasyon nou an bay bon rezilta menm sou zile Madoura ki nan Java delès, yon zòn ann Endonezi ki chaje ak Mizilman wouj. Moun yo konn kanpe machin yo pou yo mande n peryodik. Yo konn di: ‘Mwen se Mizilman, men, mwen renmen li peryodik sa yo. Èske m ka jwenn kèk anplis pou zanmi m yo?’ Preche isit la se yon plezi!”
Jaden yo pare pou rekòt la
An 1931, lè Frank Rice te rive Jakata, te gen anviwon 60 000 000 moun ann Endonezi. Jodi a, gen prèske 260 000 000 moun, sa ki fè Endonezi se katriyèm nasyon ki gen plis moun sou tè a.
Anmenmtan tou, kantite Temwen Jewova yo vin ogmante anpil ann Endonezi. An 1946, apre dezyèm gè mondyal la, te gen 10 pwoklamatè fidèl ann Endonezi. Jodi a, gen plis pase 26 000 pwoklamatè, sa ki montre Jewova beni travay la. Anplis de sa, gen 55 864 moun ki te asiste Memoryal la, sa k montre gen anpil posiblite pou gen plis akwasman.
Jezi te di: “Wi, rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè. Kidonk, priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.” (Mat. 9:37, 38). Sèvitè Jewova yo ann Endonezi di menm pawòl sa yo. Yo pran detèminasyon pou yo kontinye travay di pou gran non Jewova a vin sen nan zile sa yo. — Eza. 24:15.