ENDONEZI
Jewova beni n plis pase sa n te atann!
Angeragō Hia
NESANS: 1957
BATÈM: 1997
PWOFIL: Li te retounen nan vilaj li te fèt la, sou zile Nias, e l te patisipe nan fòmasyon yon kongregasyon.
AN 2013, ti kongregasyon nou an ki nan Tougala Oyo te tande yon nouvèl ki te fè n kontan anpil: Nou t apral gen yon Sal Wayòm tounèf! Otorite nan zòn nan te dakò ak pwojè a e 60 moun nan zòn nan te bay siyati yo pou montre yo dakò. Gen yon vwazen ki te di nou: “Si n vle jwenn 200 siyati, n ap jwenn yo.”
Gen de volontè konstriksyon Sal Wayòm ki gen anpil eksperyans ki te vin sipèvize konstriksyon nouvo Sal la ki te fini nan mwa Novanm 2014. Nou pa t janm panse yon lè kongregasyon nou an t ap gen yon bèl kote konsa pou n adore Bondye. Vrèmanvre, Jewova beni n plis pase sa n te atann!