BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 18
  • Chèche pase bonjan tan ansanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche pase bonjan tan ansanm
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè l difisil pou n santi n pwòch youn lòt?
  • Sa w ka fè
  • Gid pou ede n pale sou sijè a
  • Ki efè teknoloji genyen sou maryaj ou?
    Reveye n! — 2021
  • Fason pou n kite travay nan plas li
    Èd pou fanmi
  • Sa w ka fè pou w pa divòse pandan w fin granmoun
    Èd pou fanmi
  • Fason n ka kite aparèy elektwonik yo nan plas yo
    Èd pou fanmi
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 18
Yon mari ak madanm li k ap fè manje, yo kontan fè sa ansanm.

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Chèche pase bonjan tan ansanm

Anpil mari ak madanm twouve l difisil pou youn pale ak lòt menm lè yo ansanm. Sa k fè sa?

  • Sa k fè l difisil pou n santi n pwòch youn lòt?

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt moun marye di

  • Gid pou ede n pale sou sijè a

Sa k fè l difisil pou n santi n pwòch youn lòt?

  • Nou twò fatige

    “Lè n gen tan pou n pale youn ak lòt, se swa mari m twò fatige oswa mwen twò fatige. Lè m fatige, li fasil pou m fache pou nenpòt ti krik ti krak. Li pi bon pou n annik gad televizyon.” — Anna.

  • Nou distrè akoz aparèy elektwonik nou yo

    “Li fasil pou w pase anpil tan sou rezo sosyal yo ak sou Entènèt. Ou ka pase plizyè èdtan konsa san w pa janm pale avèk moun ou marye avè l la. Se kòmsi nou pa t menm bezwen nan menm pyès la.” — Katherine.

  • Nou pa enterese nan menm bagay yo

    “Lè mari m sot travay, souvan li pase anpil tan ap fè aktivite li renmen fè. Li travay di, donk li merite yon ti tan pou l fè aktivite li renmen. Men, m t ap kontan si n te pase plis tan ansanm.” — Jane.

  • Travay nou

    “Akoz aparèy elektwonik yo, nou konn kontinye travay menm lè nou lakay avèk fanmi nou. Souvan mwen reponn imel travay la nan moman m te ka ap pase tan ak madanm mwen.” — Mark.

Sa w ka fè

  • Rekonèt enpòtans pou w pase tan avèk moun ou marye avè l la.

    Prensip Bib la bay: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

    Fè yon ti reflechi: Èske fason w aji montre w bay maryaj ou plis enpòtans pase travay ou oswa lòt aktivite ou renmen fè? Èske se ti rès tan ak ti rès atansyon ki rete apre w fin fè tout lòt bagay ou bay moun ou marye avè l la?

    Men yon ide: Pa panse w a gen tan. Planifye tan pou w pase avèk moun ou marye a regilyèman san okenn lòt distraksyon.

    “M vrèman renmen lè mari m planifye yon ti pwogram pou n pase tan ansanm nou de a sèlman. Sa fè m santi l renmen m e l vle pase tan avè m. Sa fè m renmen l plis toujou.” — Anna.

  • Aprann di aparèy elektwonik ou yo “non”.

    Prensip Bib la bay: “Gen yon lè pou tout bagay.” — Eklezyas 3:1.

    Fè yon ti reflechi: Konbyen fwa sa rive w ou pèmèt yon sms oswa yon son telefòn ou fè w distrè olye w bay moun ou marye avè l la tout atansyon w?

    Men yon ide: Eseye pran omwen yon repa ansanm chak jou e mete telefòn nou nan yon lòt pyès nan kay la. Lè n manje ansanm se yon bon opòtinite pou n pale sou fason n te pase jounen an.

  • Depi sa posib, eseye al achte oswa fè travay nan kay la ansanm.

    Prensip Bib la bay: “De pi bon pase youn, piske yo gen pi gwo avantaj pou travay di yo fè.” — Eklezyas 4:9, nòt.

    Fè yon ti reflechi: Konbyen fwa sa rive nou chak al achte oswa al fè yon lòt aktivite pou fanmi an poukont nou?

    Men yon ide: Eseye travay ann ekip menm lè se yon aktivite nou te ka fè poukont nou.

    “Olye n konsidere fè mache, lave veso, pliye rad, netwaye lakou a kòm travay, nou ka wè yo pito kòm okazyon pou n pase tan ansanm.” — Nina.

  • Se pou n rezonab

    Prensip Bib la bay: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” — Filipyen 4:5.

    Fè yon ti reflechi: Ki jan w ka montre w rezonab nan sa w atann de moun ou marye avè l la?

    Men yon ide: Fè yon ti pale pou n eseye konprann bezwen chak moun. Epi, deside fason nou ka pase tan nou pou n fè youn lòt plezi.

    “Mari m gen anpil enèji, men akoz pwoblèm sante, m pa gen tout enèji sa a. Souvan, m ankouraje mari m soti al fè yon aktivite li renmen fè. Donk, mwen ret lakay pou m repoze e l soti pou l fè egzèsis. Nou toude santi n pi byen paske nou chak fè sa n bezwen nan moman an.” — Daniela.

    Sa lòt moun marye di

    Jamin ak Kendra.

    “Lè n manje ansanm, se yon bon okazyon pou n pale sou kèk bagay enpòtan oswa sou nenpòt lòt bagay. Sa ede n antanke mari ak madanm pou n ret pwòch olye n sèlman de moun k ap viv nan menm kay.” — Jamin ak madanm li, Kendra.

    Monica ak Shawn.

    “Nou dwe manje kanmenm, donk se yon bon ide pou n manje ansanm. Mwen gen anpil bèl souvni lè m te piti kote m te konn chita ap manje ak paran m. Menm jan an tou, lè n manje avèk moun nou marye avè l la, sa ban nou okazyon pou n kreye bèl anbyans n ap ka sonje pi devan.” — Monica ak mari l, Shawn.

Gid pou ede n pale sou sijè a

Toudabò, nou chak ka egzamine kesyon ki vin apre yo poukont nou. Apre sa, pale sou repons nou yo ansanm.

  • Pou kounye a, èske w panse ou menm ak moun ou marye avè l la pase ase tan ansanm?

  • Ki jan w ka felisite moun ou marye avè l la pou efò l fè pou l pase tan avè w?

  • Ki pwogrè w t ap renmen l fè nan sans sa a?

  • Èske sa rive souvan ou distrè akoz aparèy elektwonik ou yo lè moun ou marye avè l la ap pale avè w?

  • Ki jan n ka montre nou rezonab nan sa n atann de youn lòt?

  • Ki chanjman nou chak ka fè semèn sa a pou n pase tan ansanm san distraksyon?

Revizyon: Pwofite tan nou pase ansanm

  • Rekonèt enpòtans pou w pase tan avèk moun ou marye avè l la.

  • Aprann di aparèy elektwonik ou yo “non”.

  • Depi sa posib, eseye al achte oswa fè travay nan kay la ansanm.

  • Se pou n rezonab.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje