BAGAY KI SOTI NAN ACHIV NOU
Nou te ret ini nan yon peyi ki divize
Ant 1948 pou rive nan kòmansman ane 1990 yo, peyi Afrik disid te adopte yon sistèm politik ki rele apated.a Pandan peryòd sa a, anpil moun pa t byen trete moun ki pa menm ras ak yo. Nan epòk apated la, Leta te mete Kallie nan kategori “milat” (paran l yo pa t menm ras). Men sa l di sou epòk sa a: “Te gen prejije tou nan mitan moun ki pa blan yo.”
Gen moun tout koulè pami Temwen Jewova ki ann Afrik disid yo. Ki sa yo te fè lè apated la? Ki sa istwa yo aprann nou?
Fason nou te jere pwoblèm apated la te lakòz
Ann Afrik disid, moun ki pa t dakò pou yo separe moun yo selon koulè po yo te konn fè manifestasyon. Yo te mete anpil nan moun sa yo ki te kont politik gouvènman an nan prizon e yo te touye kèk ladan yo. Sa te vin fè moun ki te kont gouvènman yo te vin pi vyolan. Temwen Jewova yo yo menm te obeyi lalwa, yo pa t patisipe nan okenn manifestasyon, nitou yo pa t eseye mete yon lòt gouvènman. Konsa, yo te imite kretyen nan premye syèk yo ki te toujou “soumèt devan otorite yo”. — Women 13:1, 2.
Anpil fwa, yo te konn fè presyon sou Temwen Jewova yo pou yo mele zafè politik. Men, si yo te fè sa, sa te ka fè y al soutni yon konfli politik ki vyolan oswa menm rive goumen ak Temwen Jewova parèy yo. Pa egzanp, men ki sa Thembsie di: “Pandan soulèvman ki te fèt an 1976 la, yo te fòse anpil elèv nan klas segondè patisipe nan manifestasyon yo. Elèv sa yo te konn al kay an kay pou mande lòt elèv vin patisipe nan manifestasyon avèk yo. Si w pa t dakò, yo te ka boule kay ou, oswa yo te ka bat ou jis yo touye w.” Men ki sa lidè yon pati ki te nan opozisyon an te di yon Temwen ki rele Theophilus: “Kou nou fin pòte laviktwa sou blan yo, n ap touye nou poutèt nou pa t goumen pou peyi nou.”
Nou te konn reyini ansanm nan yon peyi ki divize
Malgre tout difikilte apated la te bay, Temwen Jewova yo nan Afrik disid te konn toujou fè reyinyon pou yo adore Bondye (Ebre 10:24, 25). Gen kongregasyon ki pa t gen mwayen pou yo bati Sal Wayòm paske apated la te fè anpil moun pòv.b Yon frè ki rele Enver di: “Nou te fè plizyè ane ap lwe kote ki pa t bon menm. Sa te fè papa m ofri kay nou pou fè reyinyon. De fwa pa semèn, nou te transfòme kay la fè l vin yon Sal Wayòm. Pafwa, te konn gen plis pase 100 moun ki te pil sou pil nan kay la. Souvan, apre reyinyon yo, nou te konn montre tout moun yo jan n kontan akeyi yo.
Temwen ki nwa ak temwen ki blan ki reyini ansanm ann avril 1950
Nan estad Rand, nan vil Jowanèsbou, kote tout ras reyini an 1980
Frè yo te konn aji avèk entèlijans pou yo rezoud pwoblèm apated la te kreye pou yo. Pa egzanp, nan yon pwovens ki rele Limpopo nan yon zòn ki te sèlman pou moun nwa yo, gen yon frè blan filyal la te voye al fè diskou nan yon asanble sikonskripsyon, men, selon lalwa li pa t ka antre. Sa l fè, li pale ak pwopriyetè yon teren ki kole ak tèritwa moun nwa yo e li te fè yon antant avè l. Donk, pandan asanble a, oditwa a te rete nan bò tèritwa moun nwa yo, pandan frè a te fè diskou sou teren pwopriyetè blan an.
Jan nou te konn preche nan tèritwa ki divize yo
Pandan apated la, yo te bay chak ras zòn pa yo pou yo abite. Sa te fè se menm ras ou te jwenn nan tèritwa yon kongregasyon. Temwen yo te oblije adapte yo nan fason yo te konn bay kongregasyon yo tèritwa pou yo preche. Pa egzanp, gen pwoblèm yo te konn jwenn lè y al preche nan tèritwa yo pa preche souvan. Gen yon frè ki rele Krish yo te klase l nan kategori “Endyen”. Men ki sa l di sou sa: “Souvan, pa t gen kote pou moun ki pa blan yo pase nuit. Sa fè nou te oblije dòmi nan machin nou oubyen anba pyebwa. Nan maten, nou te konn al benyen nan yon ponp gazolin. Pafwa, menm twalèt ki nan ponp gazolin yo te konn ekri ‘Blan sèlman’. Malgre tout pwoblèm sa yo, pwoklamatè yo te byen soutni travay predikasyon an e yo te preche anpil moun ki te enterese nan zòn andeyò yo.”
Yon gwoup Temwen plizyè ras k ap preche nan yon zòn andeyò, an 1981
Malgre tout pwoblèm sa yo, pèp Jewova a te vin anpil. An 1948, lè sistèm apated la te vin legal, te gen 4 831 pwoklamatè ann Afrik disid. An 1994, lè sistèm apated la te rive nan bout li, kantite pwoklamatè yo te rive 58 729. E sa pa t ret la. An 2021, Afrik disid te atenn yon maksimòm 100 112 pwoklamatè.
Lanmou te fè nou gen tèt ansanm nan yon epòk kote lahèn te divize peyi a
Pandan epòk apated la, Temwen Jewova ki ann Afrik disid yo t ap viv nan yon peyi kote yo te oblije moun yo gen divizyon antre yo paske yo pa menm ras. Se nan yon sitiyasyon konsa Temwen yo t ap fè efò pou yo travay nan tètansanm e pou yo te demontre lanmou pou tout moun. Yo te anseye prensip ki nan Bib la e yo te suiv prensip sa yo tou (Travay 10:34, 35). Menm lè yo te nan mitan moun ki rayi youn lòt, lanmou te fè yo gen tètansanm. — Jan 13:34, 35.
Nan ane 1993, ann Afrik disid, Temwen Jewova yo te fè yon kongrè entènasyonal kote moun tout ras te ka vini. Te gen yo gwo lidè politik ki te wè jan Temwen ki soti Afrik disid yo t ap byen akeyi delege ki te sot nan lòt peyi yo nan ayewopò a, jan yo t ap ba yo akolad. Lidè a te di: “Si nou te gen tètansanm menm jan ak nou, nou t ap rezoud pwoblèm nou genyen yo depi lontan.”
An 1955, Milton Henschel, yon reprezantan syèj mondyal Temwen Jewova yo, k ap fè yon diskou nan yon asanble Temwen ki gen plizyè ras ladan l
Nan filyal Temwen Jewova yo ann Afrik disid, frè blan ak frè nwa k ap travay ansanm an 1986
Thomas Skosama (agoch) ak Alfred Steynberg, de frè ki Temwen lontan, nan yon kongrè an 1985
Yon gwoup Temwen plizyè ras k ap sèvi manje nan yon kongrè an 1985
Yon gwo foul Temwen tout ras ki rasanble nan stad FNB, nan vil Jowanèsbou, an 2011
a Apated la se te yon sistèm ki te oblije moun ki pa menm ras separe youn ak lòt. Anba sistèm apated la se ras moun nan ki detèmine ki etid yo dwe fè, ki kalite travay yo ka fè, ki kote yo dwe viv e ak kiyès pou yo marye. Pou jwenn plis enfomasyon, gade atik ”Qu’est-ce que l’apartheid?” nan Annuaire 2007 des Témoins de Jéhovah.
b Depi 1999, tout kongregasyon Temwen Jewova yo nan monn nan fè ofrann volontè pou ede konstwi Sal Wayòm oubyen pou repare yo kote ki gen bezwen.