BAGAY KI NAN ACHIV NOU
Y ap sèvi Jewova malgre gwo pwoblèm ekonomik
Nan anpil peyi, lavi a vin tèlman chè sa fè bagay yo vrèman difisil pou moun yo, san wete Temwen Jewova yo. Men, lefètke Temwen yo konnen Jewova “pap janm abandone” sèvitè l yo, sa ankouraje yo e yo pa kite enkyetid pran tèt yo (Ebre 13:5). Se pa ni de ni twa fwa Jewova kenbe pwomès sa a. Li te fè sa nan Filipin, yon peyi ki gen anpil moun ki pòv. Pandan ane 1970 ak 1980 yo, peyi a te pase kèk moman ki te vrèman difisil.
“Gen yon sè ki rele Vickya ki di: “Pafwa, mwen te konn kriye paske m pa t gen ase manje pou m manje. Gen kèk moman kote se sèlman diri, dlo ak sèl nou te genyen.” Gen yon frè ki rele Florencio ki pa t ka jwenn travay. Men sa l di: “Mwen te gen sèlman twa chemiz ak twa pantalon pou m t al nan reyinyon ak asanble.” Ki jan pèp Jewova a te rive fè fas ak pwoblèm sa yo? Ki sa k te ede yo kontinye sèvi Jewova fidèlman? E ki jan egzanp yo kapab ede nou jodi a lè nou devan sitiyasyon kote n pa konn sa k pral rive?
Yo te fè Jewova konfyans
Temwen nan peyi Filipin yo te gen konfyans Jewova t ap pran swen yo pandan moman difisil sa a (Ebre 13:6). E li te fè sa vre, pafwa menm fason yo pa t ap atann. Pa egzanp, gen yon sè ki rele Cecille ki di: “Yon maten, apre fanmi an, ki gen kat moun ladan l, te fin manje dènye ti diri ki te rete a, nou pa t ret anyen ankò pou n manje. Donk, nou te priye Jewova pou l fè nou jwenn sa nou bezwen pou jounen an. Nou potko menm fin manje, gen yon frè ki vini ak 11 liv diri fè nou kado. Nou te kriye tèlman nou te kontan e n te gen Jewova rekonesans pou benediksyon sa a. Nou te fè anpil lòt eksperyans menm jan an.”
Epitou, pèp Bondye a suiv pawòl sajès yo jwenn nan Bib la (Pwovèb 2:6,7). Pa egzanp, Arcelita, yon sè ki te selibatè nan epòk la, ki pa t gen lontan depi l batize e ki t ap bat dlo pou l fè bè te vide kè l bay Jewova. Apre sa, li te medite sou Pwovèb 10:4, ki di: “Moun ki parese ap pòv, men, moun ki travay di ap rich.” Li te deside suiv konsèy sa a, se sa k fè l te kòmanse fè yon ti jaden. Li di: “Jewova te vrèman beni efò m te fè yo. Anfèt, mwen te rive rekòlte ase manje pou m manje e m te vann rès la pou m te ka peye pou deplasman m te gen pou m fè yo.”
Yo pa t abandone reyinyon yo
Frè ak sè yo pa t gen ase kòb nonplis pou yo achte tè pou yo konstwi Sal Wayòm. Men, sa pa t anpeche yo obeyi kòmandman pou yo reyini pou youn ka ankouraje lòt (Ebre 10:24, 25). Yo te adapte yo. Pa egzanp, men sa yon sè ki rele Deborah di: “Anviwon nou sis la te konn asiste reyinyon nan yon ti joupa mwen menm ak sè ki pyonye ansanm avè m nan te konstwi. Nou te sèvi ak fèy yon pye palmye yo rele nipa pou kouvri tèt joupa a, ak fèy pye kokoye pou fè mi yo ansanm ak kò pye palmis pou n fè chèz pou moun chita.”
Nan pifò ka, yo te konn reyini nan kay frè ak sè. Men sa yon sè ki rele Virginia di: “Kay nou an fèt ak pay ansanm ak banbou e l toupiti. Chak samdi, nou te oblije deplase mèb yo pou n te ka fè plas pou reyinyon nan demen.” Nan yon lòt kay kote yo te konn fè reyinyon, tèt la te koule. Men sa yon frè ki rele Noel fè konnen: “Lè l fè lapli, nou te konn mete bokit pou ranmase dlo lapli. Men, sa pa t ban nou pwoblèm paske nou te byen kontan reyini ak frè ak sè yo.”
Yo te rete chofe nan travay predikasyon an
Lefètke frè ak sè yo pa t gen anpil bagay materyèl, sa pa t fè yo pa chofe nan travay predikasyon an. Men sa Lindina, k ap viv sou zile Negros, di: “Kòm nou anpil nan fanmi an e se sèl papa m ki t ap travay, nou pa t toujou gen ase kòb pou n pran machin. Byen souvan, nou te konn mache pou n al nan tèritwa a. Men, sa te amizan paske nou tout te ansanm. Epitou, nou te konnen efò nou fè yo te fè Jewova plezi.”
Difikilte pa t anpeche Temwen yo preche.
Youn nan pi gwo pwoblèm nou te genyen se pou n al preche nan zòn nan mòn yo, kote ki lwen yo, paske prèske pa t gen machin piblik ki fè wout sa yo. Gen yon sè ki rele Esther, k ap viv sou zile Luzon, ki di: “Nou te konn gen gwoup 6 oswa 12 frè ak sè konn deplase bonè paske nou te gen pou n mache plizyè kilomèt anvan nou rive. Nou te konn pase tout jounen an ap preche. Nou te konn pote manje kuit e nou te konn manje anba pyebwa yo. Gen kèk nan frè ak sè yo ki pa t gen anyen pou yo manje, men yo te vini kanmenm. Nou te konn di yo: ‘Pa enkyete nou, nou gen ase manje pou tout moun manje.’”
Jewova te beni lespri sakrifis sa a frè ak sè yo te genyen an. Pa egzanp, an 1970, te gen 54 789 pwoklamatè nan Filipin. An 1989, kantite a te prèske double pou l rive 102 487. An 2023, kantite pwoklamatè Wayòm nan nan Filipin te rive 253 876.
“Lefètke nou pòv, sa pa anpeche n renmen Jewova”
Malgre gwo pwoblèm ekonomik, Temwen Jewova yo te fleri nan sèvis y ap bay Jewova a. Men sa yon frè ki rele Antonio di: “Lefètke nou pòv, sa pa anpeche n renmen Jewova.” Sè Fe Abad li menm fè konnen: “Lè mwen menm ak mari m t ap fè fas ak gwo pwoblèm ekonomik, nou te rete kole ak Jewova e nou te byen kontan mennen yon vi senp. Sa vin fè, timoun nou yo te aprann konte sou Jewova tou.”
Lucila, yon sè k ap viv sou zile Samar, di: “Lè w ap sèvi Jewova, menmsi w pòv, sa pa yon pwoblèm. Lè nou mete Bondye an premye nan lavi nou, nou kapab kontante nou ak sa n genyen e nou gen yon etadespri pozitif. Mwen te kontan wè etidyan Labib mwen yo vin aprann konn Jewova e yo te vin jwenn mwen nan sèvis pyonye a.”
Kòm nou konnen talè konsa bagay yo pral vin pi difisil pou nou tout, li bon pou nou sonje pawòl Rodolfo, yon ansyen, te ekri: “Lè m te pase moman difisil nan ane 1970 ak 1980 yo, mwen te wè jan Jewova te soutni m. Menm lè m pa t gen anpil kòb, mwen pa t santi m manke anyen. Jewova te byen pran swen m. Mwen te viv yon bèl lavi depi kounye a, e m ap tann pou m viv ‘lavi toutbon an’ nan Paradi k ap vini an.” — 1 Timote 6:19.
a Gen kèk non yo chanje.