BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 34
  • Èske zak teworis ap janm fini?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske zak teworis ap janm fini?
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan Bondye wè zak teworis sa yo?
  • Sa ki lakòz zak teworis yo
  • Zak teworis gen pou yo fini
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • “ Nou pa bezwen pè ni nou pa bezwen tranble ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2002
Kèk lòt sijè
mrt atik 34
Yon ponpye k ap ede moun ki anba dekonm.

Èske zak teworis ap janm fini?

Apre yon zak teworis, li nòmal pou w mande tèt ou: ‘Èske Bondye gen sousi pou nou? Poukisa bagay sa yo rive? Èske zak teworisa sa yo ap janm fini? Ki jan m ka kontinye viv ak laperèz konsa?’ Bib la bay bonjan repons pou kesyon sa yo.

Ki jan Bondye wè zak teworis sa yo?

Bondye rayi vyolans ak zak teworis (Sòm 11:5; Pwovèb 6:16, 17). E Jezi, reprezantan Bondye a, te reprimande disip li yo lè yo te aji avèk vyolans (Matye 26:50-52). Menmsi gen moun ki konn fè zak sa yo nan non Bondye, li pa ba yo dwa pou yo aji konsa. Anfèt, li pa menm koute priyè yo. — Ezayi 1:15.

Bondye gen sousi pou moun k ap soufri yo, sa gen ladan l moun ki viktim zak teworis (Sòm 31:7; 1 Pyè 5:7). Mete sou sa, Bib la fè n konnen Bondye gen pou l elimine tout vyolans. — Ezayi 60:18.

Sa ki lakòz zak teworis yo

Bib la fè konnen vrè rezon ki fè gen zak teworis: “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” ​(Eklezyas 8:9). Depi lontan, moun ki gen pouvwa sèvi ak vyolans pou yo toupizi lòt moun. Se sa k fè, moun ki sibi vyolans sa yo reponn ak zak teworis. — Eklezyas 7:7.

Zak teworis gen pou yo fini

Bondye pwomèt l ap elimine tout sa ki fè n pè, san wete vyolans, pou l tabli lapè sou tè a (Ezayi 32:18; Miche 4:3, 4). Bondye pral:

  • Elimine tout sa ki lakòz zak teworis yo. Bondye pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo ak gouvènman pa l la ki pral dirije tout tè a. Jezi Kris ki se Chèf gouvènman sa a, pral aji yon fason ki jis ak tout moun e l ap elimine vyolans ak moun k ap toupizi moun parèy yo (Sòm 72:2, 14). Lè sa a, pap gen moun k ap bezwen fè zak teworis ankò. Moun yo “ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. — Sòm 37:10, 11.

  • Repare dega zak teworis yo lakòz. Bondye pral soulaje moun ki te viktim zak teworis, ni nan domèn fizik, ni nan domèn afektif (Ezayi 65:17; Revelasyon 21:3, 4). Li menm pwomèt l ap resisite moun ki mouri yo, pou l fè yo viv sou tè a nan lapè. — Jan 5:28, 29.

Bib la ban nou bonjan rezon pou n kwè Bondye pral aji talè konsa. Men, ou ka ap mande tèt ou: ‘Poukisa Bondye poko elimine zak teworis yo?’ Pou w jwenn repons kesyon sa a, gade videyo Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

a An jeneral, “zak teworis” gen rapò ak menas oswa vyolans moun fè, sitou kont lòt moun nan sosyete a. Yo fè zak sa yo pou fè moun pè nan objektif pou pote chanjman nan domèn politik, relijye oswa sosyal. Men, moun yo pa toujou dakò ki kalite zak yo ta dwe rele yon zak teworis.

Bib la ede moun sipòte

Men de bagay Bib la ankouraje n fè ki ka ede n.

  • Priye Bondye. — Filipyen 4:6, 7.

  • Konsantre sou bèl esperans ki gen nan Bib la. — Ebre 6:19.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konsèy Bib la bay, gade atik “Fason n ka jere enkyetid nou yo”.

Mete sou sa, Temwen Jewova ki te viktim zak teworis jwenn èd nan men kretyen parèy yo. Ann egzamine de egzanp:

  • Kèk flè yo depoze devan yon lekòl nan vil Beslan, nan peyi Larisi, pou sonje moun ki mouri yo.

    Natalya ak Aslan, pitit gason l lan ki gen nevan, te nan yon lekòl nan vil Beslan, nan peyi Larisi, lè teworis te antre ak zam e yo te kidnape plis pase 1 000 moun. Malerezman, plizyè santèn moun te mouri e pifò nan yo se te timoun. Menm lè, Natalya ak Aslan te rive sove, eksperyans lan te twomatize yo. Gade sa k te ede yo.

  • Pablo ak Sophie.

    Pablo ak Sophie te pèdi pitit gason yo lè teworis te atake de bilding yo rele Tou jimèl yo nan Nouyòk. Gade videyo sa a pou w wè sa k te ede yo ak lòt moun ki te soufri akoz zak sa yo.

Bib la ede moun fè chanjman

Anpil moun santi yo fristre akoz enjistis ki genyen nan monn nan e lefètke moun ap toupizi lòt moun. Moun sa yo ka santi sèl solisyon ki genyen pou pwoblèm sa yo se fè vyolans. Èske moun konsa ka chanje? Wi. Pou w aprann fason mesaj ki nan Bib la te ede kèk moun chanje, gade atik “Jusqu’à quand?”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje