Foto NASA
KONTINYE VEYE!
Èske gen yon gouvènman ki stab ki ka dirije tè a? — Ki sa Bib la di?
Toupatou sou tè a, gen konfizyon nan gouvènman yo. Menm nan peyi ki parèt stab yo, gen yon seri bagay ki gen move efè sou gouvènman yo tankou eskandal konsènan politisyen, eleksyon kote rezilta de kandida vrèman pwòch, moun ki divize akoz kesyon politik ak soulèvman popilasyon yo.
Labib fè konnen gen yon gouvènman ki stab. Siman w tande pale de gouvènman sa a deja. Se de gouvènman sa a Jezi Kris te pale nan priyè li te montre disip li yo.
“Kidonk, men ki jan nou dwe priye: ‘Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.’” — Matye 6:9, 10.
Ki sa Bib la di konsènan Wayòm sa a?
Wayòm nan se yon gouvènman ki stab
Wayòm nan nan syèl la e l ap dirije tè a.
Jezi te rele gouvènman sa a “Wayòm syèl la”. (Matye 4:17; 5:3, 10, 19, 20.) Se poutèt sa, li te di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” — Jan 18:36.
Wayòm nan pral ranplase gouvènman lèzòm yo.
Bib la di: “Wayòm sa a […] ap elimine [tout wayòm lèzòm] yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan.” — Dànyèl 2:44.
Se Jezi Kris ki Wa nan Wayòm nan e Wayòm nan pap janm kraze.
Bib la di: “Pouvwa l genyen pou l dirije a la pou toutan, pouvwa sa a pap disparèt, e yo pap detwi wayòm li an.” — Dànyèl 7:13, 14.
Wayòm nan pral fè gen lapè ak sekirite sou tout tè a.
Bib la di: “Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p’ap chache yo kont.” — Miche 4:4, Bib la.
Aprann plis konsènan Wayòm nan
Lè Jezi te sou tè a, li te pase pifò tan l ap “preche bon nouvèl Wayòm nan”. (Matye 9:35.) Men sa l te di ki t ap rive tou:
“Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.
Jodi a, y ap preche bon nouvèl Wayòm nan nan plis pase 240 peyi. Nou ankouraje w aprann plis bagay sou gouvènman sa a ak fason ou ka benefisye benediksyon li pral pote lè l ap dirije.
Tanpri gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye?