BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 3
  • E si mwen esklav pònografi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • E si mwen esklav pònografi?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Men sa w ka fè
  • Poukisa m dwe evite pònografi?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Pònografi — Li san danje oubyen li se pwazon?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Poukisa m dwe rejte pònografi?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa w ka fè si moun ou marye avè l la konn gade pònografi?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 3
Yon jèn tigason k ap gade pònografi sou Entènèt

E si mwen esklav pònografi?

Men sa w ka fè

Konsidere pònografi pou sa li ye a. Pònografi pa lòt bagay, se yon fason yo chèche degrade yon bagay Bondye kreye ki dwe onorab. Si w konprann pònografi konsa, sa ap ede w “rayi sa ki mal”. — Sòm 97:10.

Panse ak konsekans yo. Pònografi fè moun ki parèt ladan l yo san valè. Epitou, li degrade moun k ap gade l la tou. Labib gen rezon, lè l di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” — Pwovèb 22:3.

Pran yon angajman ak tèt ou. Jòb, yon nonm fidèl, te di: “Mwen te fè sèman pou m pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.” (Jòb 31:1, Bib la). Men kèk angajman ou ka pran:

  • M pap sèvi ak Entènèt lè m poukont mwen.

  • M ap fèmen nenpòt imaj ak sit Entènèt ki pa kòrèk ki monte devan m prese prese.

  • Si mwen tonbe nan gade bagay sa yo ankò, m ap pale ak yon zanmi ki gen matirite.

Men yon moun ki mare ak kòd

Pònografi se pwoblèm sou pwoblèm, plis ou gade l, plis li difisil pou w libere anba l

Priye sou sa. Youn nan moun ki te ekri Sòm yo te sipliye Jewova Dye konsa: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen.” (Sòm 119:37). Bondye vle bagay yo byen mache pou ou, e si w priye l, l ap ba w fòs pou w fè sa ki byen! — Filipyen 4:13.

Pale ak yon moun. Pale ak yon moun ou fè konfyans se yon pa enpòtan nan efò w ap fè pou w kite abitid sa a. — Pwovèb 17:17.

Sonje sa: Chak fwa ou evite pònografi, se yon gwo viktwa ou ranpòte. Pale ak Jewova sou viktwa sa a, epi di l mèsi pou kouraj li te ba ou. Lè w evite pònografi, ou fè kè Jewova kontan! — Pwovèb 27:11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje