BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 38
  • Ki sa Bondye vle m fè ak lavi m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bondye vle m fè ak lavi m?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Konsènan vrè Dye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Pou ki rezon nou sou tè a?
    Repons Bib la bay
  • Rete pwòch ak Jewova
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 38

Ki sa Bondye vle m fè ak lavi m?

Repons Bib la bay

Volonte Bondye se pou w konnen l byen, epi pou w vin zanmi l, pou w renmen l epi pou w sèvi l ak tout kè w. (Matye 22:37, 38; Jak 4:8). W ap rive konnen ki jan pou w fè volonte Bondye lè w etidye lavi Jezi ak sa l te anseye yo. (Jan 7:16, 17.) Nonsèlman Jezi te konn pale sou volonte Bondye, men li te konn viv ann amoni ak volonte sa a tou. Se sa k fè Jezi te di rezon ki te fè l vin sou tè a se pa t “pou l vin fè volonte pa l, men se [te] pou l vin fè volonte Sila a ki voye l la.” — Jan 6:38.

Èske m bezwen yon siy espesyal, yon vizyon oswa yon mirak espesyal pou m konnen ki sa Bondye vle m fè?

Non, paske mesaj Bondye bay lèzòm yo nan Bib la. Ladan l y ap jwenn “tout sa y ap bezwen pou yo fè tout bon travay.” (2 Timote 3:16, 17) Bondye vle pou w ka sèvi ak Bib la avèk “kapasite nou genyen pou nou rezone” nan objektif pou nou ka konnen ki sa li vle nou fè. — Women 12:1, 2; Efezyen 5:17.

Èske m ap ka fè volonte Bondye toutbon vre?

Wi, w ap kapab, paske men sa Bib la di: “Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.” (1 Jan 5:3, Bib la). Sa pa vle di li toujou fasil non pou nou obeyi kòmandman Bondye yo. Men avantaj w ap jwenn lè w fè volonte l pral pouse w fè plis efò toujou. Menm Jezi te di: “Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l’an pratik, se yo menm Bondye beni.” — Lik 11:28, Bib la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje