BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 50
  • Ki sa Bib la di sou tatwaj?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou tatwaj?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske m dwe fè yon tatwaj?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa 666 vle di?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan nou ka pran desizyon ki saj ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • 666 : Èske se tou senpleman yon mistè ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Repons Bib la bay
ijwbq atik 50

Ki sa Bib la di sou tatwaj?

Repons Bib la bay

Se sèlman nan Levitik 19:28 Bib la pale de tatwaj, e men sa l di: “Nou pa dwe fè tatwaj sou nou.” Bondye te bay pèp Izrayèl la kòmandman sa a pou yo te ka montre yo diferan ak pèp ki te ozalantou yo ki te konn met non oswa senbòl dye yo t ap sèvi yo sou po yo (Detewonòm 14:2). Menmsi kretyen yo pa oblije obsève Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la, prensip ki gen nan Lwa sa a merite pou yo byen egzamine yo.

Èske yon kretyen ta dwe fè tatwaj oswa desen sou kò l?

Vèsè ki vin apre yo kapab ede n rezone sou kesyon sa a:

  • “Mwen vle pou medam yo abiye [...] yon jan ki senp.” (1 Timote 2:9, Bib Kreyòl la). Prensip sa a valab ni pou gason, ni pou fi. Nou dwe respekte santiman lòt moun e nou pa dwe atire atansyon sou nou san nesesite.

  • Gen moun ki fè tatwaj paske yo vle montre kiyès yo ye oubyen yo vle fè wè yo granmoun, e gen lòt menm ki fè sa pou yo montre yo ka fè sa yo vle ak kò yo. Sepandan, men sa Bib la ankouraje kretyen yo fè: “Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap [ka] ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone [a].” (Women 12:1). Se pou w sèvi ak “kapasite nou [tout] genyen pou nou rezone” a pou w konnen pou ki sa w vle fè yon tatwaj. Si se paske w vle vin alamòd, oubyen w vle montre ou fè pati yon gwoup, sonje pi devan ou ka anvi chanje lide, men tatwaj la ap toujou la. Lè w byen reflechi sou rezon ki fè w vle fè yon tatwaj, sa ka ede w pran yon desizyon ki montre ou gen sajès. — Pwovèb 4:7.

  • Men sa Bib la di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” (Pwovèb 21:5). Byen souvan, se nan kouri moun yo prese fè tatwaj sou kò yo, men sa ka gen gwo enpak sou relasyon yo ak lòt moun e sou travay yo kapab jwenn. Epi, yo ka oblije peye anpil lajan pou yo retire tatwaj yo te fè a sou kò yo e yo konn soufri lè y ap retire yo. Rezilta rechèch ki fèt yo ak enfòmasyon ki sot nan biznis k ap fè anpil kòb nan retire tatwaj sou moun yo montre gen anpil moun ki te fè tatwaj sou kò yo ki vin regrèt yo te fè sa annapre.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje