BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 48
  • Èske yon moun ka chwazi pa Temwen Jewova ankò?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske yon moun ka chwazi pa Temwen Jewova ankò?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • E si yon moun sispann preche oswa l sispann asiste reyinyon nou yo? Èske n konsidere l kòm yon moun ki chwazi pa Temwen ankò?
  • Ki jan kongregasyon an òganize
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ki jan ansyen yo ede n nan kongregasyon an?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Kongregasyon an dwe kontinye gen lapè ladan l e li dwe rete pwòp
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Èske l nesesè pou nou fè pati yon relijyon?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 48
Yon mesye k ap kite yon Sal Wayòm.

Èske yon moun ka chwazi pa Temwen Jewova ankò?

Wi. Gen de fason yon moun ka chwazi kite òganizasyon nou an:

  • Li ka mande sa. Kit yon moun di sa, kit se ekri l ekri sa, moun sa a ka fè konnen desizyon l pran pou yo pa rekonèt li kòm Temwen Jewova ankò.

  • Si l fè yon move aksyon. Yon moun ka fè yon bagay ki montre li pa vle ret Temwen Jewova ankò (1 Pyè 5:9). Pa egzanp, li gendwa al nan yon lòt relijyon epi l fè konnen l vle ret nan relijyon sa a. — 1 Jan 2:19.

E si yon moun sispann preche oswa l sispann asiste reyinyon nou yo? Èske n konsidere l kòm yon moun ki chwazi pa Temwen ankò?

Non, nou pa konsidere l konsa. Chwazi pa Temwen se yon bagay ki diferan ak lè lafwa yon moun vin fèb. Byen souvan, se dekourajman ki konn fè yon moun vin lan pandan yon tan oswa ki konn fè l sispann adore Bondye, men, se pa paske l abandone lafwa. Olye n vire do bay moun sa yo, nou eseye pote èd ak konsolasyon pou yo (1 Tesalonisyen 5:14; Jid 22). Si moun nan mande èd, ansyen yo nan kongregasyon an ap pran devan pou pèmèt li jwenn èd nan domèn espirityèl. — Galat 6:1; 1 Pyè 5:1-3.

Sepandan, ansyen yo pa gen dwa konvenk yon moun oswa fè presyon sou li pou l ret Temwen Jewova. Se chak moun ki gen dwa pou l fè pwòp chwa l nan zafè relijyon (Jozye 24:15). Nou kwè moun k ap adore Bondye yo dwe fè sa san fòse, ak tout kè yo. — Sòm 110:3; Matye 22:37.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje