BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 155
  • Ki sa Bib la di sou bay?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou bay?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki lè Bondye kontan lè nou bay?
  • Ki lè sa pa fè Bondye plezi?
  • “Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Lè w bay, ou jwenn byenfè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Moun ki renmen bay se moun ki gen kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Fason w ka konnen ki pi bon kado pou w bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Repons Bib la bay
ijwbq atik 155
Yon mesye ki kenbe yon bwat ki vlope ak papye kado.

Ki sa Bib la di sou bay?

Repons Bib la bay

Bib la ankouraje moun pou yo bay san se pa fòse yo fòse yo e pou yo fè sa avèk bon mobil. Li montre se toude moun yo ki kontan, ni moun k ap bay la ni moun k ap resevwa a (Pwovèb 11:25; Lik 6:38). Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

  • Ki lè Bondye kontan lè nou bay?

  • Ki lè sa pa fè Bondye plezi?

  • Vèsè nan Bib la ki gen rapò ak bay

Ki lè Bondye kontan lè nou bay?

Bondye kontan lè nou bay san se pa fòse yo fòse nou. Bib la di: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” — 2 Korentyen 9:7.

Relijyon Bondye apwouve a mande pou nou bay ak tout kè nou (Jak 1:27, nòt). Lè yon moun pa chich pou l ede moun ki nan bezwen, se travay l ap travay men nan men ak Bondye e Bondye konsidere li gen yon dèt pou moun sa a (Pwovèb 19:17). Bib la fè konnen se Bondye k ap rekonpanse moun ki bay la. — Lik 14:12-14.

Ki lè sa pa fè Bondye plezi?

Si moun k ap bay la ap chèche enterè pa l. Pa egzanp:

  • Pou l fè wè. — Matye 6:2.

  • Pou l ka jwenn yon bagay nan men moun nan. — Lik 14:12-14.

  • Pou l eseye achte delivrans li. — Sòm 49:6, 7.

Si yo sèvi ak kado sa a pou fè yon seri bagay Bondye kondane. Pa egzanp, li pa t ap bon pou n bay yon moun lajan pou l jwe aza oubyen pou l pran dwòg oswa pou l mal sèvi ak alkòl (1 Korentyen 6:9, 10; 2 Korentyen 7:1). Menm jan an tou, li pa bon pou nou bay yon moun ki kapab pran swen tèt li men ki pa vle fè sa. — 2 Tesalonisyen 3:10.

Si w ap bay lòt moun epi w pa jwenn ase pou w pran swen fanmi w. Bib la fè konnen chèf fanmi yo dwe pran swen moun lakay yo (1 Timote 5:8). Li pa t ap bon pou yon chèf fanmi ap plede bay lòt moun alòske fanmi l ap soufri. Menm jan an tou, Jezi te kondane moun ki te fè paran yo ki granmoun konnen yo pa ka pran swen yo paske tout sa yo te genyen “se yon kado ki vwe bay Bondye”. — Mak 7:9-13.

Vèsè nan Bib la ki gen rapò ak bay

Pwovèb 11:25: “Moun ki renmen bay la, zafè l ap byen mache, e moun ki ankouraje lòt moun ap jwenn ankourajman.”

Ki sa sa vle di: Se toude moun yo ki kontan, ni moun k ap bay la ni moun k ap resevwa a.

Pwovèb 19:17: “Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, e Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a.”

Ki sa sa vle di: Bondye konsidere li gen yon dèt pou moun ki ede moun ki nan bezwen yo e li pwomèt l ap rekonpanse yo pou sa yo fè.

Matye 6:2: “Lè w ap bay kado ki montre w gen mizèrikòd, pa sonnen twonpèt anvan, jan ipokrit yo fè [sa] pou moun ka ba yo glwa.”

Ki sa sa vle di: Nou pa dwe ap bay sèlman pou n atire atansyon sou nou.

Travay 20:35: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.”

Ki sa sa vle di: Moun ki bay ak tout kè l ap jwenn kè kontan.

2 Korentyen 9:7: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.”

Ki sa sa vle di: Lè nou bay san fòse sa fè Bondye plezi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje