BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 157
  • Ki sa Bib la di sou katastwòf natirèl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou katastwòf natirèl?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki jan n ka gen asirans se pa Bondye ki lakòz katastwòf yo yon fason pou l pini lèzòm?
  • Èske katastwòf natirèl yo se siy n ap viv nan dènye jou yo?
  • Ki jan Bondye ede moun ki viktim katastwòf natirèl yo?
  • Èske Bib la ka ede n prepare pou yon katastwòf natirèl?
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Katastwòf natirèl: Èske sa montre Bondye mechan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Repons Bib la bay
ijwbq atik 157
Yon fanmi k ap gade yon katye ki detwi akoz katastwòf natirèl.

Ki sa Bib la di sou katastwòf natirèl?

Repons Bib la bay

Se pa Bondye ki lakòz katastwòf natirèl yo ki rive jodi a, men li gen sousi pou moun ki viktim nan katastwòf sa yo. Wayòm Bondye a pral elimine tout sa ki lakòz moun ap soufri, sa ki gen ladan l katastwòf natirèl. Annatandan, Bondye rekonfòte moun sa yo ki viktim katastwòf natirèl. — 2 Korentyen 1:3.

  • Ki jan n ka gen asirans se pa Bondye ki lakòz katastwòf yo yon fason pou l pini lèzòm?

  • Èske katastwòf natirèl yo se siy n ap viv nan dènye jou yo?

  • Ki jan Bondye ede moun ki viktim katastwòf natirèl yo?

  • Èske Bib la ka ede n prepare pou yon katastwòf natirèl?

  • Kèk vèsè nan Bib la ki ka ede moun ki viktim katastwòf natirèl

Ki jan n ka gen asirans se pa Bondye ki lakòz katastwòf yo yon fason pou l pini lèzòm?

Bib la fè n konnen Bondye konn sèvi ak fòs natirèl yo pou l reyalize objektif li, men se pa Bondye ki lakòz katastwòf natirèl yo.

  • Katastwòf natirèl yo touye oswa blese tout kalite moun. Men, Bib la montre n lè Bondye sèvi ak fòs lanati yo kòm jijman, se sèlman moun mechan yo ki viktim. Pa egzanp, lè Bondye te detwi vil Sodòm ak Gomò, li te pèmèt Lòt ak de pitit fi l yo ret vivan (Jenèz 19:29, 30). Bondye te ka wè kè moun ki t ap viv nan epòk sa a e se moun ki mechan yo sèlman li te detwi. — Jenèz 18:23-32; 1 Samyèl 16:7.

  • Souvan katastwòf natirèl yo rive sanzatann oswa byen vit. Men, Bondye te avèti moun yo anvan l te sèvi ak fòs lanati yo kont yo. Moun ki te koute avètisman an te gen opòtinite pou yo evite katastwòf sa yo. — Jenèz 7:1-5; Matye 24:38, 39.

  • Gen nan katastwòf ki rive yo oswa ki fè plis dega yo se akoz desizyon oswa aksyon lèzòm. Ki jan? Se lè yo detwi anviwònman an e lè yo bati nan zòn ki konn gen tranblemanntè, inondasyon oswa move tan (Revelasyon 11:18). Se pa Bondye ki lakòz lè lèzòm pran move desizyon ki pote konsekans. — Pwovèb 19:3.

Èske katastwòf natirèl yo se siy n ap viv nan dènye jou yo?

Wi, pwofesi ki nan Bib la montre n t ap gen katastwòf nan “fen sistèm nan,” oswa “nan dènye jou yo”. (Matye 24:3; 2 Timote 3:1.) Pa egzanp, anrapò ak epòk nou an, Jezi te di: “Pral gen rate manje ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.” ​(Matye 24:7). Talè konsa, Bondye pral elimine tout sa ki lakòz doulè ak soufrans, sa gen ladan l katastwòf natirèl yo. — Revelasyon 21:3, 4.

Ki jan Bondye ede moun ki viktim katastwòf natirèl yo?

  • Bondye rekonfòte viktim yo pa mwayen Pawòl li a, Labib. Bib la ban nou asirans Bondye gen sousi pou nou e li santi l tris lè n ap soufri (Ezayi 63:9; 1 Pyè 5:6, 7). Mete sou sa, Bib la ede n aprann jan lavi a pral ye lè pap gen katastwòf natirèl ankò. — Gade “Kèk vèsè nan Bib la ki ka ede moun ki viktim katastwòf natirèl”.

  • Bondye ede viktim yo pa mwayen sèvitè l yo. Bondye itilize sèvitè l yo ki sou tè a pou imite egzanp Jezi. Bib la te anonse Jezi t ap rekonfòte “moun kè yo ap fann yo” ak “tout moun ki nan lapenn”. (Ezayi 61:1, 2.) Sèvitè Bondye yo chèche fè menm bagay la tou. — Jan 13:15.

    Mete sou sa, Bondye itilize sèvitè l yo pou yo bay moun ki viktim yo bonjan èd lè gen katastwòf natirèl. — Travay 11:28-30; Galat 6:10.

Kèk Temwen Jewova k ap repare yon kay nan Pòtoriko

Kèk Temwen Jewova k ap pote sekou apre yon siklòn te pase Pòtoriko.

Èske Bib la ka ede n prepare pou yon katastwòf natirèl?

Wi. Se vre, yo pa t ekri Bib la sèlman nan objektif sa a, men li gen plizyè prensip ladan l ki kapab ede n prepare pou lè gen katastwòf. Pa egzanp:

  • Planifye alavans pou si ta gen yon katastwòf. Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” ​(Pwovèb 22:3). Li t ap saj pou n planifye alavans sa nou t ap fè si yon katastwòf ta rive. Planifikasyon sa yo ka gen ladan l prepare yon sak sekou ki pare pou si ta gen yon ijans e fè seyans pratik ak fanmi an pou n konnen kote n ap rankontre si ta gen yon katastwòf.

  • Bay lavi plis valè pase bagay materyèl. Men sa Bib la di: “Paske, nou pa t pote anyen nan monn nan, e nou pa ka ale ak anyen nonplis.” ​(1 Timote 6:7, 8). Nou dwe pare pou n kite kay nou ak bagay materyèl nou posede pou n kapab chape poul nou lè gen yon katastwòf. Se pou n sonje lavi nou pi enpòtan pase kèlkeswa bagay materyèl la. — Matye 6:25.

Kèk vèsè nan Bib la ki ka ede moun ki viktim katastwòf natirèl

Jenèz 18:25: “Li enposib pou w ta aji konsa, pou w ta touye moun ki jis ansanm ak moun ki mechan [...]. Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis?”

Sa l vle di: Bondye toujou aji yon fason ki dwat, se pa li ki lakòz bon moun mouri nan yon katastwòf natirèl.

Sòm 46:1, 2: “Bondye se refij nou e li se fòs nou, nou ka jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo. Se sa k fè nou pap pè menmsi tè a tranble.”

Sa l vle di: Kèlkeswa sa k ap rive toutotou nou, nou ka konte sou Bondye pou l ban nou fòs.

Ezayi 63:9: “Pandan tout tan yo t ap soufri a, sa te fè l soufri.”

Sa l vle di: Bondye gen kè sansib, sa fè l mal lè l wè n ap soufri.

Jan 5:28, 29: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Jezi], e y ap soti.”

Sa l vle di: Nou ka gen espwa n ap wè moun pa nou yo ki mouri ankò paske Bondye pral bay Jezi pouvwa pou l resisite yo.

1 Pyè 5:6, 7: “Kidonk, se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan, [...] toutpandan n ap lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.”

Sa l vle di: Bondye gen anpil sousi pou nou e li vle n fè l konnen enkyetid nou yo.

Revelasyon 21:4: “[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.”

Sa l vle di: Bondye pral elimine tout sa ki lakòz soufrans, sa gen ladan l katastwòf natirèl yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje