BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 108
  • Sou wout pou al Damas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sou wout pou al Damas
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jezi chwazi Sòl
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Èske moun k ap fè sa ki mal ka chanje?
    Koute gran Anseyan an
  • Kongregasyon an “te vin gen lapè”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • “Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 108
Pandan Sòl sou wout pou l al Damas, yon limyè klere toutotou l e li tonbe atè.

ISTWA 108

Sou wout pou al Damas

ÈSKE w konn kiyès ki blayi atè a ? Se Sol. Sonje byen, se li menm yo te bay siveye manto mesye ki t ap lapide Etyèn yo. Gade limyè ki klere a ! Ki sa ki pase ?

Lè yo fin touye Etyèn, Sol pran latèt pou l pèsekite disip Jezi yo. Li mache kay an kay pou l pran yo met nan prizon. Anpil disip kouri al nan lòt vil pou y al preche “ bon nouvèl ” la. Men, Sol al chèche disip Jezi yo nan vil kote y ale yo. Kounye a, li mete tèt pou Damas. Men, etan li nan wout, gen yon bagay etonan ki rive.

Bridsoukou, gen yon limyè ki sot nan syèl la ki klere toutotou Sol. Li sot tonbe atè jan w ap gade l la a. Menm kote a, gen yon vwa ki di : ‘ Sol, Sol ! Poukisa w ap pèsekite m ? ’ Mesye ki avèk Sol yo wè limyè a, e yo tande vwa a. Men, yo pa konprann sa vwa a di.

Sol mande : ‘ Kiyès ou ye, Seyè ? ’

Vwa a reponn : ‘ Mwen se Jezi, sila w ap pèsekite a. ’ Jezi di sa paske lè Sol pèsekite disip Jezi yo, Jezi santi kòmsi se li menm y ap pèsekite.

Epi Sol di konsa : ‘ Ki sa pou m fè, Seyè ? ’

Jezi di l : ‘ Leve, al Damas, y a di w sa pou w fè. ’ Lè Sol leve, li ouvè je l, li pa ka wè anyen. Li vin avèg ! Mesye ki avèk li yo kenbe men l, yo mennen l Damas.

Kounye a, Jezi pale avèk yon disip li ki rete Damas, li di l : ‘ Anànyas, ale nan ri yo rele Dwat la. Antre lakay Jida, mande pou yon moun ki rele Sol. Mwen chwazi l pou l vin yon sèvitè espesyal pou mwen. ’

Anànyas obeyi. Kou l wè Sol, li depoze men l sou li, li di l : ‘ Se Seyè a ki voye m pou w ka wè ankò e pou w ka ranpli ak lespri sen. ’ Menm kote a, gen yon pakèt ti moso bagay tankou kal ki soti nan je Sol. Li kapab wè ankò.

Jezi te sèvi ak Sol anpil pou l preche moun nan anpil nasyon. Se li ki te vin apot Pòl la. Nou pral aprann pi plis bagay sou li. Anvan sa, ann wè ki saBondye voye Pyè al fè.

Travay 8:1-4 ; 9:1-20 ; 22:6-16 ; 26:8-20.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje