BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bt chap. 8 p. 60-67
  • Kongregasyon an “te vin gen lapè”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kongregasyon an “te vin gen lapè”
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “Poukisa w ap pèsekite m?” ​(Travay 9:1-5)
  • “Sòl, frè m, Seyè a [...] voye m” kote w (Travay 9:6-17)
  • “Li kòmanse preche konsènan Jezi” ​(Travay 9:18-30)
  • “Anpil moun te vin kwè” ​(Travay 9:31-43)
  • Jezi chwazi Sòl
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou wout pou al Damas
    Liv istwa biblik mwen an
  • Èske moun k ap fè sa ki mal ka chanje?
    Koute gran Anseyan an
  • “Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
bt chap. 8 p. 60-67

CHAPIT 8

Kongregasyon an “te vin gen lapè”

Sòl, ki te yon pèsekitè ki vyolan, vin yon pwoklamatè ki zele

Travay 9:1-43

1, 2. Ki sa Sòl te gen entansyon fè nan Damas?

GEN plizyè mesye k ap vwayaje, yo prèske rive Damas, min yo byen mare, yo pral Damas pou y al fè yon move zak. Yo rayi disip Jezi yo. Yo vle al rale yo lakay yo pou yo mare yo, imilye yo epi trennen yo mennen Jerizalèm pou Sanedren an pini yo.

2 Se Sòl ki alatèt mesye sa yo, e li deja soutni yon zak asasinaya. Sa pa gen lontan, li te la lè Juif ki zele menm jan avè l pou relijyon yo a t ap touye Etyèn, yon disip Jezi ki te gen atachman pou Bondye, e li te dakò ak sa (Tra. 7:57–8:1). Sòl pa kontante l pèsekite disip Jezi k ap viv Jerizalèm yo sèlman, men li prepare l pou l gaye dife pèsekisyon an toupatou. Li vle elimine kretyen sa yo ki fè pati “Chemen an” e ki reprezante yon pwoblèm pou li. — Tra. 9:1, 2; gade kare ki gen tit “Manda Sòl te resevwa pou Damas”.

3, 4. a) Ki sa k te rive Sòl? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan chapit sa a?

3 Bridsoukou, gen yon limyè ki sot nan syèl la ki klere toutotou Sòl. Moun k ap vwayaje avè l yo wè limyè a, men yo tèlman sezi yo pa ka pale. Sòl vin pa wè ankò, li tonbe atè. Toutpandan l pa wè a, li tande yon vwa nan syèl la ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m?” Sòl sezi e li mande: “Kiyès ou ye, Mèt?” Repons yo bay Sòl la dwe fè l sezi pi rèd, vwa a di l: “Mwen se Jezi. Se mwen w ap pèsekite a.” — Tra. 9:3-5; 22:9.

4 Ki sa nou ka aprann nan premye pawòl Jezi te di Sòl yo? Ki sa nou ka aprann lè nou egzamine sa ki te pase lè Sòl vin konvèti a? E ki leson nou ka aprann lè nou wè fason kongregasyon an te pwofite peryòd lapè ki te vin genyen apre Sòl te fin konvèti a?

MANDA SÒL TE RESEVWA POU DAMAS

Ki jan Sòl te fè jwenn pouvwa pou l arete kretyen ki t ap viv nan lòt vil? Sanedren an ak gran prèt la te gen otorite sou Juif yo kèlkeswa kote yo te ye, e sanble gran prèt la te gen pouvwa tou pou l mande pou yo voye kriminèl juif yo ba li pou l jije yo. Se sa k fè, lèt gran prèt la te bay Sòl yo t ap fè ansyen ki nan sinagòg Damas yo kowopere ak Sòl. — Tra. 9:1, 2.

Anplis de sa, Women yo te bay Juif yo dwa pou yo jije ka ki konsène Juif yo. Sa ede n konprann rezon ki fè pandan senk fwa Juif yo te rive bay apot Pòl “40 kou mwens youn”. (2 Kor. 11:24.) Liv 1 Makabe a, ki mansyone kèk bagay ki te pase nan istwa Juif yo, pale tou de yon lèt yon majistra an chèf women te ekri nan ane 138 anvan epòk nou an voye bay Toleme VIII ki t ap dirije Ejip, kote l te mande l: “Si yon malfektè ta sove kite peyi l [Jide] e li ta pran refij nan peyi pa w, voye l bay Simon, gran prèt la, pou l ka pini l selon lwa [Juif] yo.” ​(1 Mak. 15:21). Nan ane 47 anvan epòk nou an, Jil Seza te montre li rekonèt nonsèlman otorite yo te deja bay gran prèt la, men tou dwa gran prèt la genyen pou li regle kèlkeswa pwoblèm ki te gen rapò ak koutim Juif yo.

“Poukisa w ap pèsekite m?” ​(Travay 9:1-5)

5, 6. Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di Sòl yo?

5 Lè Jezi te kanpe Sòl sou wout Damas la, li pa t mande l: “Poukisa w ap pèsekite disip mwen yo?” Jan nou te wè sa pi wo a, li te di l: “Poukisa w ap pèsekite m?” ​(Tra. 9:4). Sa vle di Jezi te santi se li menm ki te jwenn eprèv disip li yo te jwenn yo. — Mat. 25:34-40, 45.

6 Si w ap pase anba eprèv akoz lafwa w gen nan Kris, ou mèt gen asirans ni Jewova ni Jezi konnen nan ki sitiyasyon w ye (Mat. 10:22, 28-31). Sa ka rive Jewova pa retire eprèv la menm kote a. Sonje, Jezi t ap gade Sòl ki te la avèk moun ki t ap touye Etyèn yo, e li te wè Sòl k ap antre lakay disip fidèl li yo ki Jerizalèm, k ap rale yo met deyò e k ap fè mete yo nan prizon (Tra. 8:3). Malgre sa, Jezi pa t aji nan moman sa yo. Men, Jewova te sèvi ak Jezi pou l bay ni Etyèn ni lòt disip yo fòs yo te bezwen pou yo rete fidèl.

7. Ki sa w dwe fè pou w ka andire pèsekisyon?

7 Ou menm tou ou ka andire pèsekisyon si w fè kat bagay ki vin apre yo: 1) Pran detèminasyon pou w rete fidèl devan kèlkeswa eprèv ou jwenn. 2) Priye Jewova pou l ede w (Flp. 4:6, 7). 3) Pa vanje tèt ou, kite sa nan men Jewova (Wom. 12:17-21). 4) Toujou gen konfyans Jewova ap ba w fòs pou w andire eprèv la annatandan l retire l. — Flp. 4:12, 13.

“Sòl, frè m, Seyè a [...] voye m” kote w (Travay 9:6-17)

8, 9. Ki jan Anànyas dwe te santi l devan responsablite Jezi te ba li a?

8 Apre Jezi te fin reponn Sòl kesyon l te poze a, lè Sòl te mande l: “Kiyès ou ye, Mèt?”, Jezi te di l: “Leve, epi antre nan vil la e y ap di w sa w dwe fè.” ​(Tra. 9:6). Piske Sòl te avèg, se mennen yo te mennen l kote l t apral rete nan Damas la. Lè l te rive la, li pa t manje, li pa t bwè pandan twa jou e li t ap priye Bondye. Pandan tan sa a, Jezi te pale ak Anànyas konsènan Sòl. Anànyas se te yon disip Kris ki t ap viv Damas, e “tout Juif ki t ap viv Damas yo te pale an byen de li”. — Tra. 22:12.

9 Imajine jan Anànyas dwe te santi l lè sa a, siman li te yon jan bwouye! Se Jezi Kris, Chèf kongregasyon an, li menm ki te leve sot nan lanmò a, ki t ap pale avè l dirèkteman e ki t ap ba l yon travay espesyal pou l fè. Ala yon gwo onè sa te ye pou li, men tou, ala yon kokenn responsablite sa te ye! Lè Jezi te di Anànyas li dwe pale ak Sòl, Anànyas te di Jezi: “Seyè, mwen tande anpil moun ap pale de mesye sa a, mwen tande kantite bagay mal li fè moun ou yo ki sen yo nan Jerizalèm. E prèt an chèf yo ba l pouvwa isit la pou l arete tout moun ki met konfyans yo nan non w.” — Tra. 9:13, 14.

10. Ki sa nou ka aprann konsènan Jezi lè nou wè jan li te boule ak Anànyas?

10 Jezi pa t reprimande Anànyas lè Anànyas te di sa ki te enkyete l. Okontrè, li te ba l enstriksyon ki byen klè konsènan sa l dwe fè. E Jezi te montre li gen konsiderasyon pou li lè l te di l rezon ki fè li te ba l responsablite sa a ki san parèy. Men sa Jezi te di Anànyas konsènan Sòl: “Mesye sa a se yon enstriman mwen chwazi pou pote non m devan moun nasyon yo, devan wa e devan pitit Izrayèl yo, paske, m ap montre l aklè ki kantite bagay l ap gen pou l sibi pou non m.” ​(Tra. 9:15, 16). Anànyas te obeyi Jezi tousuit. L al kote Sòl, pèsekitè a, e li di l: “Sòl, frè m, Seyè a, Jezi, ki te parèt devan w sou wout la pandan w t ap vini an, se li menm ki voye m pou w ka retounen wè ankò e pou w ka vin ranpli ak lespri sen.” — Tra. 9:17.

11, 12. Ki sa nou aprann lè nou egzamine istwa konsènan sa ki te pase lè Sòl te fin konvèti a?

11 Lè nou egzamine sa ki te pase lè Sòl te fin konvèti a, gen plizyè bagay nou vin byen konprann. Pa egzanp, nou jwenn prèv ki montre Jezi ap dirije travay predikasyon an, jan li te pwomèt sa (Mat. 28:20). Menm lè Jezi pa pale ak moun dirèkteman jodi a, li sèvi ak “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l dirije travay predikasyon an, e se esklav sa a li etabli sou sèvitè ki lakay li yo (Mat. 24:45-47). Anba direksyon Kolèj santral la, pwoklamatè yo ak pyonye yo al nan tèritwa yo pou yo ka jwenn moun ki vle konnen plis bagay sou Kris. Jan nou te wè sa nan chapit anvan an, gen anpil nan moun sa yo ki priye pou Bondye gide yo, e apre sa, yon Temwen Jewova kontakte yo. — Tra. 9:11.

12 Anànyas te montre l obeyisan lè l te aksepte fè travay Jezi te ba l fè a, e Jewova te beni l pou sa. Èske w obeyi lòd ki mande pou w bay yon temwayaj konplè a menm lè w ta santi w pè? Gen kèk moun ki pè al kay an kay pou y al pale ak moun yo pa konnen. Gen lòt ki twouve li difisil pou yo preche kote ki gen biznis yo, nan lari oubyen nan telefòn oswa lèt. Anànyas te fè efò pou l pa t pè ankò e li te gen privilèj pou l fè Sòl resevwa lespri senb. Anànyas te fè sa Jezi te ba l fè a paske li te gen konfyans nan Jezi e li te konsidere Sòl kòm yon moun ki pa lwen vin frè l. Nou menm tou, nou ka fè efò pou nou pa pè si nou fè menm jan ak Anànyas, sa vle di si nou gen asirans se Jezi k ap dirije travay predikasyon an, si nou mete nou nan plas moun yo e nou konsidere menm moun nou ta pi pè abòde yo kòm moun ki gen posiblite pou yo vin frè nou oswa sè nou. — Mat. 9:36.

“Li kòmanse preche konsènan Jezi” ​(Travay 9:18-30)

13, 14. Si w ap etidye Labib, men w poko batize, ki sa w ka aprann nan egzanp Sòl?

13 Sòl pa t pèdi tan pou l te aji ann amoni ak sa l te aprann yo. Kou l te fin geri, li te batize e li te kòmanse gen kontak sere sere ak disip ki te Damas yo. Men, li te fè plis pase sa. Liv Travay la fè nou konnen “tousuit, li [te] kòmanse preche konsènan Jezi nan sinagòg yo. Li t ap fè konnen moun sa a se Pitit Bondye a”. — Tra. 9:20.

14 Si w ap etidye Labib, men w poko batize, èske w ap imite Sòl lè w pran desizyon pou w batize ann amoni ak sa w ap aprann yo? Se vre, Sòl te wè yon mirak Jezi te fè, e sandout, mirak sa a te pouse l aji, men gen lòt moun ki te wè mirak Jezi te fè, poutan sa pa t fè yo chanje. Pa egzanp, te gen yon gwoup Farizyen ki te la lè Jezi te geri yon mesye ki te gen men pòk, e anpil nan Juif yo te konnen Jezi te resisite Laza, epoutan, anpil ladan yo pa t bay mirak sa yo regle anyen pou yo, e genyen ki te menm opoze ak Jezi (Mak 3:1-6; Jan 12:9, 10). Men, Sòl li menm te chanje. Ki sa k te fè Sòl byen reyaji konsa, alòske gen anpil lòt moun ki pa t fè sa? Se paske se pou Bondye li te gen plis lakrentif, se pa t pou lòm, e li te vrèman apresye mizèrikòd Kris te demontre pou li (Flp. 3:8). Si w fè menm jan an, ou pap kite anyen anpeche w patisipe nan travay predikasyon an, ni anpeche w chèche kalifye pou w batize.

15, 16. Ki sa Sòl te fè nan sinagòg yo, e ki jan Juif ki Damas yo te reyaji?

15 Èske w ka imajine jan foul moun yo dwe te sezi e jan yo dwe te vin an kòlè lè yo te wè Sòl kòmanse preche konsènan Jezi nan sinagòg yo? Moun yo te kòmanse mande: “Se pa mesye sa a ki t ap pèsekite moun ki abite Jerizalèm ki te met konfyans yo nan non sa a?” ​(Tra. 9:21). Lè Sòl t ap esplike rezon ki fè l vin chanje pwennvi sou Jezi, li te “pwouve avèk lojik se Jezi ki Kris la”. (Tra. 9:22.) Men, se pa tout moun ki aksepte lòt moun konvenk yo menm lè yo ba yo esplikasyon ki lojik. Lè yon moun detèmine pou l suiv tradisyon oubyen li kite ògèy ranpli kè l, esplikasyon lojik pap fè l chanje lide konsa konsa. Malgre sa, Sòl pa t bay vag.

16 Twazan apre, Juif ki te Damas yo te toujou opoze ak Sòl. Alafen, yo te kòmanse chèche mwayen pou yo touye l (Tra. 9:23; 2 Kor. 11:32, 33; Gal. 1:13-18). Lè Sòl vin konnen konplo a, li te aji avèk pridans, e li te kite vil la. Yo mete l nan yon pànye, yo file l desann nan yon fenèt ki nan miray vil la. Lè Lik ap pale de moun ki te ede Sòl chape poul li jou swa sa a, li di se ‘disip Sòl’ yo te ye (Tra. 9:25). Sa Lik di a ede n konprann genlè te gen kèk nan moun ki te koute Sòl lè li t ap preche Damas yo ki te byen reyaji e ki te vin disip Kris.

17. a) Ki jan moun yo reyaji devan verite ki nan Bib la? b) Ki sa n ta dwe kontinye fè, e poukisa?

17 Lè w te fèk kòmanse fè moun lakay ou, zanmi w ak lòt moun ankò konnen bèl verite w t ap aprann nan Bib la, ou ka te atann pou yo tout aksepte verite sa yo paske yo lojik. Petèt gen ladan yo ki te aksepte yo, men gen anpil ki pa t fè sa. Anfèt, moun lakay ou gendwa menm trete w tankou yon ènmi (Mat. 10:32-38). Men, si w kontinye chèche amelyore kapasite w genyen pou w rezone sou Bib la e si w toujou gen yon bon konduit antanke kretyen, menm moun ki opoze avè w ka vin chanje pwennvi. — Tra. 17:2; 1 Pyè 2:12; 3:1, 2, 7.

18, 19. a) Lè Banabas te pwouve se toutbon Sòl vin yon disip Kris, ki rezilta sa te bay? b) Ki jan nou ka imite Banabas ak Sòl?

18 Lè Sòl te antre Jerizalèm, disip yo pa t kwè l lè l t ap di li se yon disip Kris kounye a, e nou ka konprann yo. Men, lè Banabas te pwouve se toutbon Sòl vin yon disip Kris, apot yo te vin aksepte l nan mitan yo e li te rete avèk yo pandan kèk tan (Tra. 9:26-28). Sòl te aji avèk pridans, men li pa t wont preche bon nouvèl la (Wom. 1:16). Li te preche avèk kran nan Jerizalèm, vil kote li te alatèt pakèt moun yo te lage pou pèsekite disip Jezi Kris yo. Se pa ti sezi Juif nan Jerizalèm yo te sezi lè yo te rann yo kont Sòl yo te konte sou li pou pran latèt pou elimine kretyen yo te vin yon kretyen kounye a! Se sa k fè yo t ap chèche touye l. Lik fè nou konnen: “Lè frè yo aprann sa, yo fè l desann Sezare, epi yo voye l nan vil Tas.” ​(Tra. 9:30). Sòl te kite Jezi dirije l pa mwayen kongregasyon an, e sa te fè ni Sòl ni kongregasyon an jwenn byenfè.

19 Li bon pou nou note Banabas te pran inisyativ pou l ede Sòl. Sandout, bon aksyon sa a li te fè a te pèmèt yo de a vin bon zanmi antanke sèvitè Jewova ki zele. Menm jan ak Banabas, èske w byen kontan ede nouvo yo ki nan kongregasyon an, lè w preche avèk yo e lè w ede yo pwogrese antanke kretyen? W ap jwenn anpil byenfè si w fè sa. Si w fèk ap preche bon nouvèl la, èske w aksepte pou lòt moun ede w, menm jan Sòl te aksepte sa? Lè w preche ak pwoklamatè ki gen plis eksperyans pase w, w ap vin pi maton nan travay predikasyon an, w ap vin gen plis kè kontan, w ap vin bon zanmi yo, e petèt n ap zanmi pou lavi.

“Anpil moun te vin kwè” ​(Travay 9:31-43)

20, 21. Ki jan sèvitè Bondye yo ni nan tan lontan ni jodi a byen pwofite peryòd kote yo “gen lapè” yo?

20 Apre Sòl te fin konvèti e apre l te fin kite Jerizalèm san anyen pa t rive l, “kongregasyon an te vin gen lapè toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari”. (Tra. 9:31.) Ki jan disip yo te pwofite tan favorab sa a (2 Tim. 4:2)? Bib la fè nou konnen yo “te vin pran fòs”. Apot yo ansanm ak lòt frè ki te gen responsablite nan kongregasyon an te fòtifye lafwa disip yo e yo te pran latèt nan aktivite kongregasyon an, konsa, kongregasyon an “t ap mache nan lakrentif pou Jewova e li te jwenn konsolasyon grasa lespri sen”. Pa egzanp, Pyè te pwofite peryòd sa a pou l fòtifye lafwa disip ki te abite nan vil Lida ak nan plèn Chawon yo. Grasa efò l te fè yo, anpil moun k ap viv toupre zòn sa yo te “vin kwè nan Seyè a”. (Tra. 9:32-35.) Disip yo pa t kite yon seri objektif pèsonèl fè yo distrè nan sèvis Jewova a, men yo te fè tout sa yo kapab pou youn pran swen lòt e pou yo bay tout yo menm nan travay predikasyon bon nouvèl la. Kòm rezilta, kongregasyon an te “kontinye ap grandi”.

21 Menm jan an tou, nan fen 20yèm syèk la, Temwen Jewova yo te “vin gen lapè” nan anpil peyi. Gen yon seri gouvènman ki te fè plizyè dizèn ane ap pèsekite pèp Bondye a ki vin pa sou pouvwa a ankò bridsoukou, konsa, li te vin pi fasil pou nou preche nan yon seri peyi kote yo te entèdi travay predikasyon an, e nan kèk ka, yo te leve tout entèdiksyon yo nèt. Plizyè dizèn milye Temwen Jewova te pwofite okazyon an pou yo preche an piblik, e rezilta yo te jwenn yo te estrawòdinè!

22. Ki jan w ka byen pwofite libète w genyen an?

22 Èske w byen pwofite libète w genyen an? Si w ap viv nan yon peyi kote Temwen Jewova yo ka preche lib e libè, Satan ap byen kontan wè w lage kò w nan kouri dèyè byen materyèl, olye w bay tout ou menm nan sèvis Jewova a (Mat. 13:22). Pa kite anyen distrè w pandan w nan sèvis Jewova a. Si nan peyi w, pa vrèman gen yon gouvènman k ap bay sèvitè Jewova yo pwoblèm, byen pwofite tan sa a. Konsidere tan sa a kòm yon posiblite pou w bay yon temwayaj konplè e pou w fòtifye kongregasyon an. Yon bagay ou dwe sonje, sèke sitiyasyon an ka chanje nan yon batje.

23, 24. a) Ki sa n aprann nan istwa konsènan Tabita a? b) Ki sa nou ta dwe detèmine pou nou fè?

23 Kounye a, ann egzamine sa k te rive yon disip Kris ki te rele Tabita oubyen Dòkasc. Li t ap viv Jope, yon vil ki pa t lwen Lida. Se te yon sè ki fidèl. Li te konn itilize tan l ak talan l yon fason ki saj, li “te konn fè anpil bèl aksyon, e li te konn ede moun”. Men, sanzatann, li te vin malad e li mouri. Disip yo ki nan Jope te nan gwo lapenn akoz lanmò l, sitou vèv yo, paske l te konn fè anpil bèl aksyon anvè yo. Lè Pyè te rive nan kay la, yo te gentan kòmanse prepare kò Dòkas pou yo antere l. Pyè te fè yon mirak okenn nan apot Jezi yo potko janm fè. Pyè te priye Jewova e li te resisite Tabita. Èske w ka imajine jan vèv yo ak lòt disip yo te kontan lè Pyè te fè yo antre nan chanm nan e li montre yo Tabita ki retounen vivan? Sandout, rezirèksyon sa a te fòtifye yo pou yo fè fas ak eprèv ki t ap tann yo pi devan! Jan nou ka konprann sa, nouvèl konsènan mirak sa a te “gaye nan tout vil Jope, e anpil moun te vin kwè nan Seyè a”. — Tra. 9:36-42.

Yon sè ki pote flè pou yon sè ki aje e ki enfim.

Ki jan w ka imite Tabita?

24 Nou aprann de bagay enpòtan nan istwa sa a konsènan Tabita, yon istwa ki touche kè nou. 1) Lavi a kout. Donk, ala enpòtan sa enpòtan pou nou chèche gen yon bon repitasyon devan Bondye pandan nou gen posiblite fè sa (Ekl. 7:1)! 2) Esperans rezirèksyon an se yon bagay ki sèten. Jewova te wè tout bon aksyon Tabita te fè yo, e li te rekonpanse l. L ap sonje travay di nou fè nan sèvis li a e l ap resisite nou si lanmò ta pase pran nou anvan Amagedon (Ebre 6:10). Kidonk, kit nou “nan tan difisil”, kit nou “nan tan favorab”, ann kontinye bay yon temwayaj konplè sou Kris. — 2 Tim. 4:2.

SÒL, YON FARIZYEN

Nan liv Travay la, nan istwa kote yo te touye Etyèn nan, yo pale de yon “jennonm ki rele Sòl”, ki te moun Tas. Tas se te kapital Silisi, yon zòn ki te anba dominasyon Women yo e ki te nan pati sid peyi yo rele Tiki jodi a (Tra. 7:58). Te gen anpil Juif ki t ap viv nan vil sa a. Selon sa Sòl te ekri, li te yon moun ki “sikonsi sou uityèm jou, [ki] soti nan nasyon Izrayèl la, [...] nan tribi Benjamen, [ki] se yon Ebre, pitit Ebre. Selon lalwa, [li] se yon Farizyen”. Sanble sa te fè yo respekte l anpil antanke Juif. — Flp. 3:5.

Sòl, yon Farizyen.

Sòl te grandi Tas, yon gwo vil ki te rich kote yo te konn fè komès e kote kilti grèk la te chita. Se pou sa li te konn pale grèk. Sanble lè l te piti, li te nan lekòl juif. Sòl te aprann fè tant, yon metye yo te konn pratike anpil nan vil kote l te fèt la. Sanble se pandan l te jèn papa l te aprann li metye sa a. — Tra. 18:2, 3.

Liv Travay la fè nou konnen tou Sòl te yon sitwayen women depi lè l te fèt (Tra. 22:25-28). Sa vle di, gen yon moun pami gran gran paran l yo ki te vin sitwayen women. Nou pa konnen ki jan fanmi Sòl te fè vin sitwayen women. Men, kèlkeswa jan sa te fèt, privilèj sa a te fè yo vin fè pati pi gwo klas ki te gen nan sosyete kote yo te ye a. Donk, fanmi kote Sòl te leve, edikasyon li te resevwa te ede l byen konprann twa kilti diferan: kilti Juif yo, kilti Grèk yo ak kilti Women yo.

Sanble lè Sòl te gen 13 an, li t al viv Jerizalèm, ki te nan yon distans 840 kilomèt parapò ak Tas, pou l kontinye resevwa enstriksyon. Sòl te resevwa fòmasyon Jerizalèm nan men Gamalyèl, yon anseyan pèp la te respekte anpil, ki te anseye tradisyon Farizyen yo. — Tra. 22:3.

Nou ka konpare lòt fòmasyon sa a Sòl te resevwa a ak fòmasyon yon moun resevwa nan inivèsite jodi a. Yo te aprann Sòl anpil bagay sou Ekriti yo e sou lwa oral Juif yo e li te dwe konn bagay sa yo pakè. Depi yon etidyan Gamalyèl te fè gwo pwogrè, li te prèske klè l ap gen yon bèl karyè, e sanble se yon etidyan konsa Sòl te ye. Men sa Sòl te ekri pi devan: “Mwen te fè plis pwogrè nan jidayis la pase anpil moun menm nasyon avè m ki te nan laj mwen, piske mwen te pi zele lontan pase yo pou tradisyon zansèt mwen yo.” ​(Gal. 1:14). Nòmalman, se paske Sòl te zele pou tradisyon Juif yo ki fè li te tounen yon gwo pèsekitè pou kongregasyon kretyen an ki te fèk vin egziste.

TABITA “TE KONN FÈ ANPIL BÈL AKSYON”

Tabita k ap lonje yon kado bay yon moun k ap mande èd.

Tabita te fè pati kongregasyon ki te nan vil Jope a, yon vil ki te gen yon gwo waf. Lòt kwayan menm jan avèk li yo te renmen l paske “li te konn fè anpil bèl aksyon, e li te konn ede moun ki nan nesesite yo anpil”. (Tra. 9:36.) Tabita te gen de non. Souvan, Juif yo te gen de non lè yo t ap viv nan menm zòn ak moun ki pa t Juif. Yo te gen yon non ebre oubyen arameyen e yo te gen yon non grèk oubyen laten. “Dòkas” se non grèk li te genyen an, e ann arameyen non l se te “Tabita”. Toule de non sa yo te vle di “Gazèl”, yon bèt ki bèl ki sanble ak yon kabrit, sa fè referans ak yon moun ki bèl e ki gen bèl kalite.

Sanble Tabita te vin malad, e li te mouri bridsoukou. Selon koutim Juif yo, yo te benyen l pou yo te ka prepare l pou yo antere l. Yo te mete l kouche nan yon chanmòt, petèt se te lakay li. Piske l fè cho anpil nan zòn Mwayenn Oryan, sa fè yo oblije antere yon moun ki mouri jou l mouri a oswa nan demen. Kretyen Jope yo te aprann apot Pyè te nan vil Lida, ki pa twò lwen. Li te gen ase tan devan l pou l vin Jope anvan yo antere Tabita paske distans ki te separe de vil yo se te 18 kilomèt sèlman, anviwon katrèdtan wout. Donk, kongregasyon an te voye de moun al kot Pyè pou yo mande l vini san pèdi tan (Tra. 9:37, 38). Gen yon biblis ki fè konnen: “Nan tan lontan, Juif yo te gen abitid voye mesaje yo pa de, yon rezon ki fè sa, se pou youn ka konfime sa lòt la di a.”

Ki sa k te pase lè Pyè rive? Men sa Bib la fè nou konnen: “Yo mennen l nan chanmòt la. Tout vèv yo parèt devan l, y ap kriye e y ap montre l anpil manto ak anpil lòt rad Dòkas te fè pou yo lè l te la avèk yo.” ​(Tra. 9:39). Youn nan bagay ki fè moun nan kongregasyon an te renmen Tabita konsa se paske li te konn koud pou yo. Li te fè tout kalite rad pou yo. Yo pa di si se Tabita ki te konn achte twal yo ak lòt bagay li te bezwen pou l fè rad yo oubyen si se koud li te koud yo sèlman. Antouka, moun yo te renmen l pou bonte l, e paske li te konn “ede moun ki nan nesesite yo”.

Sandout sa Pyè te wè nan chanmòt la te touche l. Gen yon biblis ki rele Richard Lenski ki fè konnen: “Lapenn sa a te diferan anpil ak lapenn ki te gen lakay Jayiris la, kote te gen anpil bri, te gen yon seri medam yo te peye pou yo kriye e te gen moun ki t ap jwe flit. Se pa pran yo t ap pran pòz yo nan lapenn menm jan ak moun ki te lakay Jayiris yo.” ​(Mat. 9:23). Lapenn moun yo te genyen pou Tabita a te sot nan fon kè yo. Lefètke nan tout istwa a yo pa janm pale de mari Tabita, sa fè anpil moun di Tabita te selibatè.

Lè Jezi t ap voye apot li yo al preche, li te ba yo pouvwa pou yo “resisite moun ki mouri”. (Mat. 10:8.) Pyè te konn wè Jezi k ap resisite moun ki mouri, youn nan moun sa yo se te pitit fi Jayiris la, men pa gen okenn kote nan Bib la yo fè konnen gen yon apot ki te fè yon rezirèksyon deja (Mak 5:21-24, 35-43). Pyè fè tout moun ki te la yo soti nan chanmòt la e apre sa, li priye ak tout fòs li, epi Tabita ouvri je l e li chita. Se pa ti kontan moun ki sen yo ak vèv ki te nan kongregasyon Jope yo te kontan lè Pyè te remèt yo Tabita vivan, yon Tabita yo te sitèlman renmen! — Tra. 9:40-42.

a Gade kare ki gen tit “Sòl, yon Farizyen”.

b An jeneral, se pa mwayen apot yo moun te konn resevwa lespri sen kòm kado. Men, nan ka sa a se te diferan. Sanble Jezi te pèmèt Anànyas bay Sòl lespri sen kòm kado. Apre Sòl te fin konvèti, pandan yon bon bout tan, li pa t chèche wè okenn nan 12 apot yo. Sepandan, sanble li te zele nan travay predikasyon an pandan peryòd sa a. Donk, sandout, Jezi te fè yon fason pou Sòl te gen pisans li te bezwen pou l fè travay predikasyon li te ba l fè a.

c Gade kare ki gen tit “Tabita ‘te konn fè anpil bèl aksyon’”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje