BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 96 p. 224-p. 225 par. 2
  • Jezi chwazi Sòl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi chwazi Sòl
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Sou wout pou al Damas
    Liv istwa biblik mwen an
  • Kongregasyon an “te vin gen lapè”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Èske moun k ap fè sa ki mal ka chanje?
    Koute gran Anseyan an
  • “Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 96 p. 224-p. 225 par. 2
Yon limyè byen klere antoure Sòl.

LESON 96

Jezi chwazi Sòl

Sòl te yon sitwayen women ki te fèt nan vil Tas. Li te yon Farizyen ki te byen konn Lalwa Juif yo, e li te rayi kretyen yo. Li te konn antre lakay kretyen yo, gason kou fi, li arete yo epi l mete yo nan prizon. Li te menm ret kanpe ap gade yon foul moun byen move k ap touye Etyèn, yon disip Jezi, ak kout wòch.

Men, Sòl pa t annik arete kretyen nan Jerizalèm yo sèlman. Li te mande gran prèt la voye l nan vil Damas pou l te ka al dèyè kretyen yo. Pandan l prèske rive nan vil la, bridsoukou, yon limyè klere toutotou l e li tonbe atè. Li tande yon vwa ki di l: ‘Sòl, poukisa w ap pèsekite m?’ Sòl mande: ‘Kiyès ou ye?’ Vwa a reponn: ‘Mwen se Jezi. Al Damas e y ap fè w konnen ki sa w dwe fè.’ Menm kote a, Sòl vin avèg, e yo te oblije pran men l pou yo mennen l nan vil la.

Te gen yon kretyen ki te fidèl ki t ap viv nan vil Damas ki te rele Anànyas. Nan yon vizyon, Jezi te di l: ‘Al nan ri yo rele ri Dwat, lakay Jida, mande pou yon mesye yo rele Sòl’. Anànyas di l: ‘Seyè, m tande pale de mesye sa a! L ap plede met disip ou yo nan prizon!’ Men, Jezi di l: ‘Al kote l. Mwen chwazi Sòl pou l preche bon nouvèl la nan anpil nasyon.’

Sòl vin avèg apre li fin wè yon limyè byen klere.

Epi, Anànyas jwenn Sòl, li di l: ‘Sòl, frè m, Jezi voye m ouvri je w.’ Lapoula, Sòl vin wè ankò. Li aprann konnen Jezi e li vin disip li. Sòl te batize antanke kretyen, e l te kòmanse preche nan sinagòg yo ak lòt kretyen yo. Èske w ka imajine jan moun yo te sezi wè Sòl k ap pale de Jezi? Yo te di: ‘Èske se pa misye sa a ki te konn ap kouri dèyè disip Jezi yo?’

Sòl te pase twazan ap preche moun Damas yo. Juif yo te rayi Sòl e yo te fè konplo pou yo touye l. Men, frè yo te vin konn konplo a e yo te ede l chape. Yo mete l nan yon pànye e yo fè l desann nan yon twou ki nan miray vil la.

Lè Sòl ale Jerizalèm, li te eseye rankontre avèk frè yo nan zòn nan. Men yo te pè l. Te gen yon disip ki te rele Banabas ki te yon bon moun. Li te mennen Sòl bay apot yo e li te fè yo wè se toutbon Sòl chanje. Sòl te kòmanse preche bon nouvèl la avèk zèl ansanm ak kongregasyon Jerizalèm nan. Annapre, yo te vin konnen Sòl sou non Pòl.

“Kris Jezi te vin nan monn nan pou l sove pechè, e pami moun sa yo, se mwen ki pi mal.” — 1 Timote 1:15.

Kesyon: Poukisa kretyen yo te pè Sòl? Sa k te fè Sòl chanje?

Travay 7:54–8:3; 9:1-28; 13:9; 21:40–22:15; Women 1:1; Galat 1:11-18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje