BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 15
  • Premye mirak Jezi fè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Premye mirak Jezi fè
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Jezi fè premye mirak li
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Li fè yon dezyèm mirak nan vil Kana
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Dezyèm mirak Jezi nan Kana
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Ki sa nou ka aprann nan mirak Jezi te fè yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 15

Chapit 15

Premye mirak Jezi fè

GEN youn ou de jou ki pase depi Andre, Pyè, Jan, Filip, Natanayèl e petèt Jak vin premye disip Jezi. Kounye a, yo sou wout pou y al Galile, yo tout se moun zòn sa a. Yo pral nan yon resepsyon maryaj yo envite yo nan vil Kana, kote Natanayèl moun nan. Kana se yon kote ki gen mòn e ki toupre vil Nazarèt kote Jezi te grandi.

Manman Jezi ale nan maryaj la tou. Kòm Mari byen ak fanmi moun k ap marye yo, li patisipe nan sèvi envite yo ki anpil. Se sa k fè li wè gen yon bagay ki manke, e li di Jezi: “Yo pa gen diven ankò.”

Anfèt, lè Mari di sa a, se yon fason pou l mande Jezi fè yon bagay, paske pa gen ase diven. Men, okòmansman Jezi montre l sa pa twò enterese l. Jezi di l: “Ki sa mwen menm avè w gen pou wè nan sa?” Piske Jezi se Wa Bondye chwazi a, fanmi l oubyen zanmi l pa gen pou di l sa pou l fè. Se sa k fè, avèk sajès, Mari kite Jezi rezoud pwoblèm nan. Li annik di moun k ap sèvi yo: “Tout sa l di nou fè, fè l.”

Gen sis gwo ja an wòch pou met dlo. Yo chak ka kenbe plis pase dis galon dlo. Jezi bay moun k ap sèvi yo lòd, li di yo: “Plen ja yo dlo.” E yo plen yo ra bouch. Apre sa, Jezi di yo: “Kounye a, pran enpe pot bay moun k ap dirije resepsyon an.”

Moun k ap dirije resepsyon an sezi tèlman diven an bon. Li pa konnen se grasa yon mirak li fèt. Li rele lemarye a, li di l: “Tout lòt moun mete bon diven an deyò anvan, e lè moun yo sou, yo mete diven ki pa fin bon an deyò. Men ou menm, ou sere pi bon diven an pou jis kounye a.”

Se premye mirak Jezi fè, e lè nouvo disip li yo wè sa, sa fòtifye lafwa yo. Apre sa, Jezi al nan vil Kapènawòm, toupre lanmè Galile ansanm ak manman l, ak frè l kot manman l yo ak disip li yo. Jan 2:1-12.

▪ Nan ki moman nan aktivite Jezi gen yon maryaj ki fèt Kana?

▪ Poukisa Jezi pa dakò ak sa manman l di l la?

▪ Ki mirak Jezi fè, e ki efè sa gen sou lòt moun?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje