BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 20
  • Dezyèm mirak Jezi nan Kana

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Dezyèm mirak Jezi nan Kana
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Li fè yon dezyèm mirak nan vil Kana
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi fè premye mirak li
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Premye mirak Jezi fè
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Pwofesi ki te akonpli sou Mesi a
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 20

Chapit 20

Dezyèm mirak Jezi nan Kana

JEZI tounen nan peyi l, apre l fin fè yon gwo kanpay predikasyon nan Jide, men se pa pou l pran repo. Okontrè, li kòmanse yon pi gwo travay predikasyon nan Galile, peyi kote l te grandi a. Men olye disip li yo rete avè l, yo retounen al jwenn fanmi yo e yo rekòmanse nan aktivite yo t ap mennen anvan yo.

Ki mesaj Jezi kòmanse preche? Li t ap anonse: “Wayòm Bondye a vin pi pre. Se pou nou repanti, e se pou nou gen lafwa nan bon nouvèl la.” Ki jan moun yo reyaji? Moun Galile yo byen akeyi Jezi, e tout moun onore l. Sepandan, se pa sitou pou mesaj l ap anonse a yo onore l, men se paske anpil nan yo te asiste fèt Pak la nan Jerizalèm sa gen kèk mwa e yo te temwen gwo mirak li te fè yo.

Sanble se nan Kana Jezi te kòmanse gwo travay predikasyon li t ap gen pou l fè nan peyi Galile a. N ap sonje anvan sa, lè l te retounen sot Jide, li te fè dlo tounen diven nan yon resepsyon maryaj ki te fèt nan Kana. Dezyèm fwa li vin nan vil sa a, gen yon fonksyonè nan gouvènman wa Ewòd Antipas la ki gen yon pitit li ki malad anpil. Lè fonksyonè sa a aprann Jezi retounen sot Jide e li rive Kana, li sot lakay li depi Kapènawòm pou l vin chèche Jezi. Mesye a nan gwo lapenn, se sa k fè li sipliye Jezi, li di l: ‘Tanpri, ann al avè m kounye a anvan pitit mwen an mouri.’

Jezi reponn: ‘Ou mèt tounen lakay ou, pitit gason w lan refè.’ Fonksyonè Ewòd la kwè sa Jezi di l la e li refè yon vwayaj byen long pou l retounen lakay li. Etan l sou wout, sèvitè l yo kouri vin rankontre l pou yo fè l konnen pitit gason l lan byen e li refè. Li mande yo: ‘Ki lè pitit la refè?’

Yo reponn: ‘Yè, a inè nan aprèmidi.’

Fonksyonè a rann li kont se nan lè sa a menm Jezi te di l: “Pitit gason w lan refè.” Apre sa, mesye a ak tout moun lakay li vin disip Kris.

Se konsa Kana vin yon vil ki jwenn gwo privilèj, paske Jezi fè mirak nan vil sa a de fwa, e li fè chak mirak sa yo lè l retounen sot Jide. Natirèlman, rive nan moman sa a, se pa sèl mirak sa yo Jezi fè, men yo enpòtan paske yo siyale retou Jezi nan Galile.

Kounye a, Jezi nan wout pou l al lakay li Nazarèt. Ki sa k ap tann li? Jan 4:43-54; Mak 1:14, 15; Lik 4:14, 15.

▪ Ki sa disip Jezi yo fè lè l retounen Galile, e ki jan moun yo resevwa l?

▪ Ki mirak Jezi fè, e ki efè sa genyen sou moun sa konsène yo?

▪ Ki privilèj Kana jwenn nan men Jezi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje