CHAPIT 20
Li fè yon dezyèm mirak nan vil Kana
MAK 1:14, 15 LIK 4:14, 15 JAN 4:43-54
JEZI PRECHE “WAYÒM BONDYE A VIN PI PRE”
PANDAN L NAN YON DISTANS LI GERI YON JÈN GASON
Apre Jezi fin fè de jou nan Samari, Jezi deplase al nan tèritwa kote li rete a. Li te fè yon kanpay predikasyon nan Jide, men, li pa t retounen Galile pou l al repoze l. Olye de sa, li kòmanse yon pi gwo aktivite nan peyi kote li grandi a. Petèt, li pa atann moun yo ap byen resevwa l, paske jan Jezi te di sa: “Yon pwofèt pa jwenn onè nan pwòp peyi l.” (Jan 4:44). Olye disip li yo rete avè l, yo retounen al jwenn fanmi yo epi y al regle aktivite yo te konn fè anvan yo.
Ki mesaj Jezi kòmanse preche? Men sa l ap di: “Wayòm Bondye a vin pi pre. Se pou nou repanti e se pou nou gen lafwa nan bon nouvèl la.” (Mak 1:15). Ki jan moun yo reyaji? Nan moman an, gen anpil moun nan Galile ki byen resevwa Jezi e yo onore l. Se pa sèlman pou mesaj li a ki fè yo fè sa. Gen kèk nan yo ki te nan fèt Pak la nan Jerizalèm plizyè mwa anvan sa e yo te wè bagay estrawòdinè Jezi te akonpli. — Jan 2:23.
Ki kote Jezi kòmanse gwo aktivite l la nan Galile? Sanble se nan vil Kana, kote li te fè dlo tounen diven nan yon resepsyon maryaj. Fwa sa a, pandan li nan vil la, li aprann gen yon jèn gason ki tèlman malad, li prèske mouri. Li se pitit gason yon fonksyonè nan gouvènman Ewòd Antipas la, ki se wa ki t apral koupe tèt Jan ki konn batize moun nan. Ofisye a tande Jezi ap sot Jide pou l vin nan vil Kana. Kidonk, mesye a vwayaje sot lakay li ki nan vil Kapènawòm pou l al nan vil Kana pou l rankontre Jezi. Ofisye sa a ki te nan gwo lapenn mande Jezi: “Seyè, desann avè m anvan pitit mwen an mouri.” — Jan 4:49.
Jezi di yon bagay ki dwe fè mesye a sezi: “Ou mèt ale, pitit gason w lan refè.” (Jan 4:50). Fonksyonè Ewòd la kwè sa Jezi di l la e li kòmanse pran wout pou l al lakay li. Pandan l nan wout li rankontre esklav li yo k ap kouri vin ba l yon bon nouvèl. Yo di l pitit li a vivan epi li anfòm. Li mande yo “a ki lè pitit la te refè” yon fason pou l ka fè yon lyen ant lè Jezi te di pawòl la ak lè pitit la te geri a.
Yo reponn li, yo di l: “Lafyèv la tonbe yè, nan setyèm èdtan nan jounen an.” — Jan 4:52.
Fonksyonè a rann li kont se nan lè sa a menm Jezi te di l: “Pitit gason w lan refè.” Apre sa, mesye a, ki rich nan pwen pou l gen esklav pa l, ansanm ak tout moun lakay li vin disip Kris.
Se konsa vil Kana a vin yon vil kote Jezi fè de mirak. Li te fè dlo tounen diven, apre sa, li te geri yon jèn gason pandan l nan yon distans anviwon 26 kilomèt. Se sèten, se pa mirak sa yo sèlman Jezi fè. Men, gerizon sa a li fè a enpòtan paske li fè konnen Jezi retounen nan vil Galile. Li klè, Jezi se yon pwofèt Bondye apwouve, sepandan, jis nan ki pwen ‘pwofèt sa a pral jwenn onè nan pwòp peyi l’?
Repons lan ap parèt aklè lè Jezi rive lakay li Nazarèt. Ki sa k ap tann li?