BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lv p. 3
  • Lèt Kolèj santral la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lèt Kolèj santral la
  • “Rete nan lanmou Bondye”
  • Sou menm sijè a
  • Lèt Kolèj santral la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • “ Rete nan lanmou Bondye ”
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • ‘Kontinye mache nan laverite’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Èske laverite toujou enpòtan?
    Kèk lòt sijè
Gade plis
“Rete nan lanmou Bondye”
lv p. 3

Lèt Kolèj santral la

Ou menm ki renmen Jewova,

Jezi te di: “N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” ​(Jan 8:32). Se pa ti ankourajan pawòl sa yo ankourajan! Wi, li posib pou nou konnen laverite, menmsi n ap viv nan “dènye jou” yo, yon epòk kote bagay yo di e kote twonpri ak manti gaye toupatou (2 Timote 3:1). Èske w sonje lè w te fèk dekouvri verite ki nan Pawòl Bondye a? Èske se pa t yon bèl eksperyans pou ou?

Sepandan, menm jan li enpòtan pou nou gen konesans egzak sou laverite e li enpòtan pou nou patisipe regilyèman nan predikasyon yon fason pou nou fè lòt moun konnen laverite, se konsa tou li enpòtan pou nou gen yon konduit ki ann amoni ak laverite. Pou nou rive fè sa, li nesesè pou nou rete nan lanmou Bondye. Ki sa sa mande? Pawòl Jezi te di lavèy li t apral mouri a reponn kesyon sa a. Men sa l te di apot fidèl li yo: “Si nou obeyi kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen obeyi kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou l.” — Jan 15:10.

N ap remake Jezi te rete nan lanmou Bondye lefètke li te obsève kòmandman Papa l yo. Jodi a, nou dwe fè menm jan an. Pou nou rete nan lanmou Bondye, nou dwe viv ann amoni ak laverite chak jou nan lavi nou. Nan menm nuit lan, Jezi te di: “Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo.” — Jan 13:17.

Nou espere ak tout kè nou piblikasyon sa a ap ede w kontinye viv ann amoni ak laverite, sa k ap fè w rete ‘nan lanmou Bondye [...] avèk je w fikse sou lavi ki pap janm fini an’. — Jid 21.

Kolèj santral Temwen Jewova yo

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje