BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/09 p. 2
  • “ Rete nan lanmou Bondye ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Rete nan lanmou Bondye ”
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Lèt Kolèj santral la
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Lèt Kolèj santral la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • “Men sa lanmou pou Bondye vle di”
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Lanmou Bondye la pou toutan
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 1/09 p. 2

“ Rete nan lanmou Bondye ”

1. Nan ki objektif yo fè liv “ Rete nan lanmou Bondye ” a ?

1 Se pa ti tann n ap tann pou nou etidye liv “ Rete nan lanmou Bondye ” a nan Etid biblik kongregasyon an ! N ap kòmanse etidye nouvo liv sa a nan semèn 23 fevriye. Nan liv la, Kolèj santral la fini lèt li te voye pou tout moun ki renmen Jewova yo avèk pawòl sa yo : “ Se ak tout kè nou nou espere piblikasyon sa a ap ede nou kontinye pratike laverite nan lavi nou e konsa n ap rete nan ‘ lanmou Bondye [...] avèk je nou fikse sou lavi etènèl. ’ — Jid 21. ”

2. Nan ki domèn nan lavi a nouvo liv sa a pral ede nou ?

2 Ki sa nou pral aprann : Ki jan nou ka aplike prensip biblik yo nan yon seri domèn tankou amitye, detant, respè pou otorite, abitid pèsonèl, maryaj, langaj ak koutim ? Konsyans nou pral modle sou prensip jistis wo nivo nou jwenn nan Pawòl Bondye a (Sòm 19:7, 8). Tank konpreyansyon nou sou fason Jewova panse ap ogmante, se tank dezi nou genyen pou nou fè l plezi ap pouse nou obeyi l nan tout aspè nan lavi a. — Pwo. 27:11 ; 1 Jan 5:3.

3. Poukisa nou ta dwe fè tout efò nou pou nou patisipe nan etid la chak semèn ?

3 Se pou nou detèmine pou nou patisipe : Lè w ap prepare, fikse objektif pou w bay Bondye louwanj nan mitan pèp li a ki rasanble (Ebre 13:15). Tout kongregasyon an pral egzamine nouvo piblikasyon sa a ansanm. Kòm se yon ti pòsyon n ap gen pou n egzamine chak semèn, sa ap pèmèt nou fè bonjan preparasyon e sa ap fè nou gen asirans pou nou pataje sa nou te aprann yo. Kòmantè nou pral fè yo, ki byen prepare e ki tou kout, pral pouse lòt moun pou yo gen lanmou e pou yo fè bèl zèv e y ap kontribye pou fè pati y ap egzamine a vivan, pou l enstriktif (Ebre 10:24). Anplis de sa, n ap gen plis jwa lè nou fè deklarasyon pou lafwa nou.

4. Sa k fè li trèzenpòtan pou nou obsève kòmandman Jewova yo ?

4 Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te montre gen yon lyen ant obsève kòmandman Bondye yo ak rete nan lanmou l (Jan 15:10). Grasa liv “ Lanmou Bondye ” a, n ap vin gen plis detèminasyon toujou pou nou aplike prensip biblik yo nan lavi nou chak jou e pou nou “ rete nan lanmou Bondye ”. — Jid 21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje