BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/5 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa k pral rive nan Jou Jijman an?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Jou Jijman an: sa l ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/5 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Ki sa Jou jijman an ye?

Yon fanmi ki gen kè kontan, yo ini ankò grasa rezirèksyon pandan rèy mil an an

Poukisa Jou jijman an se pral yon moman ki bay kè kontan?

Nan tan biblik yo, Bondye te konn sèvi ak jij pou l delivre pèp li a anba enjistis (Jij 2:18). Bib la dekri Jou jijman k ap vini an kòm yon moman ki bay kè kontan kote Jewova, Jij tout tè a, pral delivre limanite anba enjistis. — Li Sòm 96:12, 13; Izayi 26:9.

Bondye chwazi Jezi pou l bay ni moun ki vivan ni moun ki mouri jistis (Travay 10:42; 17:31). Gen anpil moun ki mouri ki pa t gentan konnen Bondye. Pandan Jou jijman an, Jezi ap resisite moun sa yo pou yo ka aprann konnen vrè Dye a e pou yo ka renmen l. — Li Travay 24:15.

Poukisa Jou jijman an ap dire mil an?

Bondye pral resisite moun ki mouri yo pandan rèy mil an an (Revelasyon 20:4, 12). Y ap bezwen tan pou yo aprann konnen chemen Bondye yo e pou yo obeyi l. Kontrèman ak sa anpil moun panse, Bib la fè konnen se sou baz sa moun yo fè apre yo fin resisite yo pral jije yo. — Li Women 6:7.

Anplis de sa, Bib la pale konsènan yon jou jijman ki pral rive sanzatann, anvan rèy mil an an. Jan yo te pale de sa nan atik ki nan kòmansman peryodik sa a, yo rele jou sa a lafen tou. Nan jou sa a, Bondye pral detwi tout moun ki pa gen respè pou li yo, moun ki mechan yo (2 Pyè 3:7). Kidonk, nou dwe fè tout sa nou kapab pou n pwouve nou renmen Bondye. — Li 2 Pyè 3:9, 13.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade paj 213 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje