BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/98 p. 1
  • Èske nou li peryodik yo ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou li peryodik yo ?
  • Ministè Wayòm nan — 1998
  • Sou menm sijè a
  • Ofri peryodik yo nan ministè w
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Peryodik yo preche mesaj Wayòm nan
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Ann chwazi atik ki vize enterè moun yo
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Konsantre w sou lekti w ap fè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Ministè Wayòm nan — 1998
km 10/98 p. 1

Èske nou li peryodik yo ?

1 Men ki sa yon koup misyonè k ap sèvi ann Afrik te deklare osijè de peryodik nou yo : “ La Tour de Garde ede nou rete vijilan nan domèn espirityèl nan teritwa nou. Nou jwenn fòs ak ankourajman nan chak nimewo. ” Èske nou apresye jounal nou yo nan menm degre sa a ? Èske nou enpasyan menm jan an pou nou li yo ?

2 Yo pran anpil anpil tan pou prepare atik peryodik nou yo, atik nou ka li nan kèk minit sèlman. Etandone nou konn sa, èske n ap jis jete yon koudèy rapid sou atik yo, jis gade imaj yo ? Oubyen èske n ap annik li yon atik ki kapte atansyon nou yon lè kon sa ? Nou aji avèk sajès si nou fè plis pase sa. Nou dwe pran tan nou pou nou li tout atik ki nan chak peryodik e pou nou egzamine yo afon. La Tour de Garde se prensipal jounal ki ba nou manje espirityèl nan moman apwopriye. Nan Réveillez-vous!, gen atik enteresan ki bay bon jan enfòmasyon sou plizyè kalite sijè. Sa nou aprann nan peryodik sa yo pa sèlman fòtifye nou nan domèn espirityèl, men yo prepare nou tou pou nou vin pi efikas nan predikasyon. Si nou menm nou fidèl nan li peryodik yo, n ap chofe pou nou ofri yo bay lòt moun.

3 Amelyore fason nou abitye li : Èske nou ta ka fè plis pou nou ajou ak lekti peryodik yo ? Men de sijesyon ki bay bon rezilta nan ka anpil moun. 1) Tabli yon pwogram lekti regilye. Si nou rezève 10 oswa 15 minit chak jou pou nou li, n ap sezi wè kantite bagay nou ka li nan yon semèn. 2) Tabli yon sistèm k ap pèmèt nou idantifye ki sa nou deja li. Petèt nou kapab mete yon mak nan kòmansman chak atik nou deja li. San sa, nou ka bliye li kèk atik oswa menm bliye li yon peryodik ann antye. Li enpòtan pou nou mete yon pwogram lekti sou pye, yon pwogram ki ba nou bon rezilta. Li enpòtan tou pou nou respekte l. — Konpare ak Filipyen 3:16.

4 Avèk sajès, “ esklav fidèl ki wè lwen an ” chèche adapte li a epòk nou an k ap chanje toutan lè li pibliye atik ki tonbe daplon ak sa moun yo bezwen reyèlman (Matye 24:45). Vrèman vre, peryodik yo enfliyanse lavi nou. Vitès pwogrè espirityèl nou depann, pou bokou, de fason nou abitye fè lekti teyokratik. Gen anpil benediksyon espirityèl ki rezève pou moun ki kreye tan pou yo li tout peryodik yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje