“ Ann simen semans Wayòm nan ” grasa wout peryodik
1 Tit kantik 133 a nan Louons Jéhovah par nos chants se “ Semons la semence du Royaume ”. Li baze sou egzanp kote Jezi te konpare aktivite fè disip la ak aktivite plante (Matye 13:4-8, 19-23). Pawòl kantik la di: “ Pour que le bon grain donne d’excellents fruits, c’est à nous de nous appliquer. ” Ki jan nou kapab rann ministè nou pi efikas ? Youn nan fason nou ka fè sa se tabli yon wout peryodik epi konsève l.
2 Gen plizyè objektif nou ka atenn grasa yon wout peryodik. 1) Lè nou vizite moun ki enterese a regilyèman chak de semèn, sa ba nou posibilite devlope relasyon amikal avèk li. 2) Nou pèmèt moun sa a resevwa enfòmasyon ki genyen nan La Tour de Garde ak Réveillez-vous! regilyèman, enfòmasyon ki ka sove lavi li. 3) Konvèsasyon nou avèk moun nan kapab ede l vin gen yon gwo anvi pou l konnen verite ki nan Bib la, e sa ka debouche sou yon etid biblik. — 1 Pyè 2:2.
3 Ki jan pou nou tanmen yon wout peryodik : Depi yon moun montre peryodik yo enterese l, se pou nou esplike li gen atik san parèy ki parèt nan chak nimewo, e se pou nou di l n ap byen kontan pote yo pou li chak de semèn. Apre nou fin ale, ekri non moun nan, adrès li, dat vizit la, dat jounal nou plase yo, atik nou te prezante a, ak sijè ki te plis enterese moun nan.
4 Nou kapab tanmen yon wout peryodik ak kèk grenn moun sèlman. Ansuit travay pou nou agrandi wout la avèk lòt moun n ap plase peryodik. Tout pandan wout la ap gwosi, nou kapab òganize li tankou yon teritwa pou nou ka travay li pi fasil. Fè yon ti rapò kote n ap mete ki nimewo nou plase nan chak vizit, ki lè nou te fè vizit la, de ki sa nou te pale ak moun nan, epi ki jan nou pral fè pou nou kontinye devlope enterè moun nan pou laverite nan pwochen vizit la.
5 Pa bliye ni komèsan, ni pwofesyonèl yo : Esperyans montre komèsan yo ak pwofesyonèl yo gen tandans asepte peryodik nou yo regilyèman. Yon ansyen te menm genyen majistra vil kote l rete a nan wout peryodik li. Yon pwoklamatè te kòmanse yon etid ak pwopriyetè yon konpayi ki vann materyo konstriksyon. Pwopriyetè sa a te gen 80 an, e pwoklamatè a te deja gen dizan depi l ap pote peryodik pou li san rete!
6 Yon sè pyonye te rantre nan yon magazen e li te jwenn yon mesye ak tout madanm ni ki pa t ba li yon bon akèy. Toutfwa, kòm yo te asepte pran peryodik, sè a te deside ajoute yo nan wout peryodik li. Rive yon lè, sè a te vle sispann al wè yo paske yo pa t amikal menm, e yo pa t janm renmen pale, menm lè sè a mande yo opinyon yo. Men, sè a te priye sou kesyon an e, rive yon lè, li te plase yo liv Vivre éternellement an. Apre madanm nan te fin li l, li te di ak emosyon : “ Anfen, mwen jwenn laverite ! ” Yo te kòmanse yon etid biblik e, kèk tan apre, ni mesye a ni madanm ni te batize. Vrèman, pèseverans pyonye a bay yon bèl donnezon.
7 Fè nouvèl vizit : Lè nou resevwa yon nouvo peryodik, se pou nou li chak atik ki ladan n. Chèche tout ide ki kapab atire chak moun ki nan wout peryodik nou. Ansuit, lè n al fè vizit la nou ka di : “ Pandan m t ap li atik sa a, m sonje w e m te reflechi pou m wè ki jan li te ka enterese w. ” Pwoklamatè tout laj kapab pran plezi nan genyen wout peryodik. Menm yon timoun kapab di : “ Mwen byen kontan wè w ankò. Dènye nimewo La Tour de Garde ak Réveillez-vous! yo rive. M panse w ap kontan li atik sa a ki di. . . ”
8 Nou kapab fè moun nan anvi li atik k ap vini yo lè nou montre li ankadre ki di : “ Dans notre prochain numéro ”, Lè atik yo fè suit youn ak lòt, fè lektè a wè sa epi ankouraje l pou l pa manke youn menm. Pa bliye chak fwa nou pote peryodik pou yon moun ki nan wout peryodik nou, nou kapab konte yon nouvèl vizit. E sa ki pi enpòtan, sonje objektif nou se fè vizit sa yo tounen etid biblik.
9 Vizite moun ki nan wout nou yo dapre yon pwogram regilye : Nou kapab travay nan wout peryodik nou nenpòt lè ki bon pou nou : yon maten nan semèn nan, aprèmidi nèt, bonè nan aprèmidi, oubyen nan wikenn lè nou fin preche kay an kay. Si nou pa kapab fè sa paske nou malad oswa nou ale an vakans, mande yon lòt pwoklamatè nan fanmi nou oubyen nan kongregasyon an pou l al bay peryodik yo pou nou. Kon sa moun ki nan wout peryodik nou yo pap manke pa jwenn peryodik yo alè.
10 Youn nan fason pou nou simen semans Wayòm nan se lè nou pote La Tour de Garde ak Réveillez-vous! regilyèman bay tout moun ki nan wout peryodik nou. Pandan n ap anseye yo verite ki nan Bib la, yo ka rive konprann sans pawòl Wayòm nan, e finalman yo kapab rive pwodui fwi Wayòm nan ansanm avèk nou. — Matye 13:8, 23.