Chèche kòmanse etid ak moun nou abitye pote peryodik pou yo
1. Poukisa òganizasyon Jewova a pa janm sispann ankouraje pwoklamatè yo pou yo toujou pote peryodik pou moun yo?
1 Gen anpil moun ki pa dispoze pou nou fè etid avè yo, men yo renmen li peryodik nou yo. Se sa k fè, òganizasyon Jewova a pa janm sispann ankouraje pwoklamatè yo pou yo toujou pote peryodik pou moun sa yo. Etandone moun yo konn li peryodik nou yo, souvan yo vin anvi konnen Pawòl Bondye a (1 Pyè 2:2). Pi devan, sa ka rive yo li yon bagay nan peryodik yo ki touche kè yo, e konsa sa ka fè yo aksepte pou nou fè etid avèk yo.
2. Kòman w ka ede moun ou pote peryodik pou li a vin pi enterese nan Bib la?
2 ‘Wouze’ semans verite a: Olye w annik kite peryodik yo pou moun nan epi w ale, ou dwe fè efò pou w pale ak moun nan, epi chèche fè moun nan abitye avè w. Lè w fè sa, sa ap ede w pi byen konnen sitiyasyon moun nan, sa k enterese l e nan ki sa l kwè. Konsa, sa ap ede w pale yon fason ki montre w konprann moun nan (Pwo. 16:23). Ou dwe prepare chak fwa w pral tounen wè moun nan. Si sa posib, montre moun nan yon pwen enteresan ak yon vèsè ki nan peryodik la, e konvèsasyon sa a pa dwe pran anpil tan. Konsa, w ap wouze nenpòt ti semans verite ki ka nan kè moun nan (1 Kor. 3:6). Chak fwa w fin vizite moun nan, make dat la, piblikasyon w te kite a, sijè w te pale a ak vèsè w te li yo.
3. Konbyen fwa nou dwe retounen vizite moun nou abitye pote peryodik pou yo?
3 Konbyen fwa nou dwe retounen wè moun nan? Ou dwe retounen wè moun nan yon fwa chak mwa pou w ka pote dènye peryodik yo pou li. Sepandan, selon sitiyasyon pa w ak fason moun nan montre li enterese, ou ka deside vizite l pi souvan. Pa egzanp, apre yon semèn oswa de semèn fin pase depi w te kite peryodik yo nan men moun nan, ou ka tounen wè l epi w di l: “Mwen fè yon ti pase wè w pou m montre w yon bagay nan peryodik mwen te kite nan men w yo.” Sa ap fè moun nan anvi li atik ou atire atansyon l sou li a. Si l te deja li atik sa a, ou ka mande l sa l panse sou atik la, e ou ka fè yon ti pale sou li tou kout. Oubyen, si moun nan renmen li piblikasyon nou yo, ou te ka retounen pou w montre l feyè oswa bwochi oswa liv n ap ofri pou mwa a.
4. Ki sa nou ka fè detanzantan pou n konnen si moun nou konn pote peryodik pou li a ap dispoze fè yon etid?
4 Pa tann se moun nan ki mande w pou w etidye avè l. Bat pou se ou menm ki ofri l etid la. Menm lè li te refize fè yon etid anvan sa, detanzantan, ou ka fè yon ti pale sou ribrik ki gen tit “Repons Bib la bay”, ki nan Toudegad la, pou w wè si l dispoze pale sou sijè ki nan peryodik la avè w. Petèt, ou ka kòmanse yon etid avè l nan papòt kay li. Sepandan, si w pa ka kòmanse yon etid avè l, ou ka kontinye pote peryodik yo pou li pou w ede l vin pi enterese nan Bib la.