“ Pawòl pwofetik Bondye a ” : Kongrè distri 1999
1 Lè Izrayelit yo te prèt pou antre nan Latè pwomiz la, Moyiz te sipliye yo pou yo bay enstriksyon Bondye yo valè. Li te di yo konsa: “ Se pa pawòl san valè li ye pou nou, men li siyifi lavi nou. ” (Detewonòm 32:45-47). Èske nou pa gen rekonesans pou Jewova dèske vi nou tèlman gen valè nan je li opwen li kontinye sèvi ak pawòl li ki chè anpil pou gide nou ? Se sa k fè kè nou cho pou kongrè distri twa jou “ Pawòl pwofetik Bondye a ” rive ansanm ak tout sa Bondye sere pou nou nan okazyon sa a.
2 Ane sa a, yo prevwa fè kongrè distri nan senk vil ann Ayiti. Tankou jan sa abitye fèt. Kongrè sa yo ap fèt an kreyòl. Ap gen kongrè Santo, Okap, Okay, Gonayiv ak Senmak. Nan dènye kongrè k ap fèt Santo a, gen sesyon y ap fè espesyalman nan lang siy pou moun ki bèbè ak moun ki soud yo.
3 Siman ou deja pran dispozisyon pou w la touletwa jou kongrè a paske ou konnen Jewova ap tann pou w la. Ou mèt asire w Jewova wè efò ak sakrifis chak sèvitè l yo ap fè pou yo vin nan kongrè a e se avèk rekonesans l ap sonje sa (Ebre 6:10). Lè nou la chak jou nan kongrè a depi sou premye kantik la jis nan priyè final la, se montre nou montre Jewova nou bay pawòl li yo valè (Detewonòm 4:10). Lè konsa, nou montre nou apresye travay di anpil frè nou yo ap fè pou prepare kongrè a.
4 Reyini plizyè milye sèvitè Bondye chak kote k ap gen kongrè mande anpil preparasyon ak bonjan òganizasyon. Lè nou konnen se ak tout kè yo frè yo te prepare kongrè a, sa ap pouse nou mete men pou tout bagay fèt “ nan desans ak nan lòd ”. (1 Korentyen 14:40.) Nou pral ba w kèk ransèyman epi n ap fè w sonje kèk enfòmasyon pou w ka rive nan kongrè pa w la tou pare defason pou w kontan manje nouriti espirityèl la e pou w kontan nan mitan frè kretyen nou yo.
Anvan kongrè a
5 Èske moun w ap etidye Labib avèk yo a oubyen lòt moun ki entèrese yo bezwen yon koutmen pou yo fè preparasyon pèsonèl yo pou asiste kongrè a ? Sa yo pral wè ak sa yo pral tande nan kongrè a ka fè yo pran detèminasyon pou yo vin sèvi Jewova (1 Korentyen 14:25). Ansyen yo ta dwe gentan remake ki moun ki bezwen yon koutmen pou jwenn lojman oubyen pou peye okazyon, epi veye espesyalman pou granmoun aje yo ki nan kongregasyon an jwenn yon koutmen avèk amou. — Galat 6:10.
6 Èske w pran dispozisyon definitif ou dwe pran pou tout sa w ap bezwen ? Si se nan otèl w ap desann, èske w gen nimewo rezèvasyon chanm ou deja, èske w deja bay avalwa sou chanm nan ? Sekretè kongregasyon an ta dwe deja voye lis “ Demande de chambre pour cas particulier ” bay biwo kongrè a komite sèvis kongregasyon an apwouve. Si yo deja rezève yon chanm pou ka espesyal pou ou epi w ta wè ou oblije anile rezèvasyon an, tanpri fè biwo lojman kongrè a konn sa touswit dekwa pou yo ka pase chanm nan bay yon lòt moun.
7 Si w ta bezwen gen enfòmasyon sou yon kongrè, se sekretè kongregasyon w lan pou w wè. Pa eseye kontakte otèl oubyen reskonsab lokal sèvis lojman yon kongrè pou kont ou alòske gen antant yo te deja fè.
8 Piske sèvis premye sekou a la pou ka ijan sèlman, nou konseye w tou mache ak medikaman tankou aspirin, pansman, kreyon viks, remèd pou dijesyon ak lòt medikaman ou panse w ka bezwen. Si ou menm oubyen yon fanmi w ta gen yon gwo maladi tankou nou ta fè kè, nou ta fè sik, oubyen nou sanlè fè kriz, tanpri mache ak medikaman nou abitye pran tankou lè nou lakay oswa an vakans. Li ta bon pou yon fanmi moun malad la oubyen yon moun pa l ki okouran sitiyasyon l lan e ki kapab ede l rete la avè l pandan kongrè a.
9 Pandan w ap vwayaje pou ale nan kongrè a ak pandan w ap tounen, w ap jwenn okazyon bay temwayaj enfòmèl. Èske w ap pare w pou bay lòt moun verite a? Nou tout, san wete timoun piti yo, nou ka ofri anplwaye ponp gazolin yo feyè oubyen nou ka ofri lòt moun nou rankontre pandan vwayaj nou an. Se sèten nou ka jwenn okazyon ofri moun mesaj la entèrese peryodik, bwochi ak lòt liv. Prepare w pou bay moun ou pa gen okazyon rankontre nan predikasyon temwayaj enfòmèl la.
Pandan kongrè a
10 Baryè lokal kongrè a ap ouvè chak jou a 8 è. Ou ka rezève plas sèlman pou fanmi pre w oubyen pou moun ki vwayaje nan menm otomobil avè w. Y ap rezève plas espesyal pou frè ak sè ki aje yo e y ap prevwa kote espesyal pou andikape ak pou moun ki sou chèz woulant yo. Pa gen posiblite pou yo prevwa sal espesyal ni pou moun ki soufri alèji ni pou moun anviwònman an pa ale avèk yo. Chak jou, anvan w kite plas ou, gade byen pou wè si ou pa bliye anyen.
11 Pou nou ka reyini an gran kantite nan kongrè distri nou yo, sa mande pou nou swiv prensip ak reglemantasyon leta bay tankou lwa sou sekirite ak lwa sou pwoteksyon kont ensandi. Se poutèt sa yo pa asepte moun mete pousèt ak dòmèz anndan kote n ap reyini an. Se yon danje yo ye pou sikilasyon moun nan ale yo oubyen nan mitan ranje chèz yo. Men yo otorize nou pote ti chèz bebe ki fèt espesyalman pou tache sou plas akote paran yo.
12 Èske w ap batize nan kongrè distri a ? Nan sesyon samdi maten an, y ap rezève plas espesyalman pou kandida batèm yo e plasè yo ap montre w kote a. Depi sa posib, bat pou w chita la depi anvan sesyon an kòmanse. Mache ak Bib ou, ak kantik ou, ak sèvyèt deben ou ansanm ak yon mayo deben apwopriye. Bout pantalon koupe san woulèt, mayo ki gen slogan ekri sou yo, ak lòt kalite rad ki menm jan an pa apwopriye pou yon seremoni enpòtan konsa. Ansyen k ap revize kesyon nan liv Notre ministère a avèk kandida batèm yo ap asire yo kandida yo konprann pwen sa yo byen. Piske batèm nan se yon senbòl ki montre moun nan ofri tèt li pèsonèlman bay Jewova, li pa apwopriye pou kandida nan kenbe men pandan y ap batize yo a.
13 Ou ka sèvi ak kodak, kamera videyo, oubyen ak radyo kasèt nan kongrè a akondisyon pou w pa anbarase ale ant chèz yo, pou w pa bare asistan yo ni distrè yo. Ou pa dwe ploge aparèy sa yo ni sou sistèm elektrik lokal kongrè a, ni sou sistèm sonorizasyon an.
14 Moun ki gen pwoblèm pou tande yo, y ap fè aranjman pou difize pwogram nan sou bann FM pou yo (pou kongrè Santo yo ann Ayiti). Lè premye sesyon an kòmanse y ap bay yon anons k ap fè konnen sou ki bann FM pou yo kapte pwogram nan. Men y ap bezwen mache ak yon ti radyo ansanm ak tout kas pou zorèy.
15 Kòm yo sèvi anpil ni ak telefòn selilè, ni ak radyo kominikasyon, fètatansyon pou aparèy sa yo pa anpeche ni ou menm, ni moun ki chita bò kote w yo konsantre sou pwogram nan. Pa kite aparèy sa yo sonnen pandan ou chita nan asistans lan. Si w oblije pale nan telefòn selilè pandan kongrè a ap dewoule, tanpri silvouplè leve al pale deyò.
16 Lasosyete mande nou pou nou pote manje nou pou chak jou yon fason pou rann bagay yo senp e pou rachte tan. Pifò frè ki swiv enstriksyon sa yo di yo wè lè poz midi a sa pèmèt yo chita bò kote fanmi yo pou yo manje ansanm manje yo te pote a. Anpil frè di sa pèmèt yo detann yo e sa pèmèt yo kontan jwenn plis tan pou yo ansanm ak frè ak sè yo. Pou sa fèt konsa, sa mande pou yo achte davans sa yo bezwen epi pote l nan yon ti valiz ak yon ti glasyè ki ka antre anba chèz yo chita a. Nou mande tout asistan yo fè sa. Nou remake gen frè ki konn soti al achte manje deyò oubyen anfas lokal kongrè a. Nou mande tout moun pote manje yo chak jou nan kongrè a. Enterese yo k ap vin nan kongrè a avèk nou ap fè menm jan an tou oubyen nou kapab achte nan sèvis rafrechisman an ki nan lokal kongrè a (dipozisyon sa a valab pou Ayiti). Pèsonn moun pa otorize pote bwason ki gen alkòl nan lokal kongrè a.
17 Èske w kapab ofri tèt ou kòm volontè pou travay nan netwayaj lokal la chak jou apre kongrè fin lage ? Oubyen èske w kapab ofri tèt ou pou sèvi nan youn nan sèvis k ap genyen nan kongrè a ? Si w kapab pote konkou, al enskri non w nan sèvis volontè kongrè a. N ap byen kontan resevwa timoun ki poko gen 16 an yo, men akondisyon yo rete travay bò kote paran yo oubyen bò kote yon lòt granmoun. Nòmalman tout moun ka bay yon koutmen pou kenbe lokal kongrè a pwòp si yo ranmase vye papye ak lòt bagay yo pa bezwen epi si yo jete yo nan poubèl.
18 Nou te jwenn bonjan konsèy ki ede nou wè pou nou abiye nou e pou nou pran yon kwafi ak koup cheve ki apwopriye pou kongrè a. Paregzanp, nou jwenn sijesyon nan paj mitan Ministè Wayòm sa a, nou genyen imaj ak foto ki gen nan liv nou yo, e sa ki pi enpòtan an, nou konnen sa Jewova di sou sa nan Bib la (Women 12:2; 1 Timote 2:9, 10). Moun yo konnen kilès nou ye e pou ki rezon nou reyini nan vil yo a. Konsa, jan nou abiye, kout peny ak koup cheve nou pran, pote an yo menm yo gwo temwayaj. Pifò sèvitè Jewova yo se modèl nan sans sa a. Malerezman pa okazyon, nou wè lespri monn nan parèt nan abiman ak nan kwafi kèk moun ki vin nan kongrè nou yo. Lè yon moun mete rad ki pa tèlman desan w ap mal pou kwè li si l pretann li se yon moun espirityèl. Yon rad ki pa endesan epi ki byen pwòp pi atiran. Kidonk pèdfami yo dwe voye je sou rad moun lakay yo prevwa mete. Menm bagay la valab tou pou lè nou pa nan lokal kongrè a. Pote ensiy nou sou nou lè n ap deplase anvan e apre sesyon yo chak jou, ap fè konnen nou se pèp Jewova a ki yon pèp pwòp. — Gade Mak 8:38.
19 Salomon wa saj la Bondye te enspire a te deklare “ sotiz tache nan kè ti gason ” e “ yon ti gason ki lage lib gen pou l fè manman l wont ”. (Pwovèb 22:15 ; 29:15.) Pandan sesyon yo, gen jèn ti Temwen yo te lage lib san siveyans ki te deranje frè ak se yo pandan yo menm yo t ap eseye konsantre yo sou pwogram nan. Ane pase, piske koup mondyal foutbòl la te tonbe nan menm dat ak kèk kongrè distri, sèten jèn te pote radyo wòkmann pou yo swiv match yo pandan pwogram kongrè a t ap dewoule. Sa montre byen klè jèn sa yo pa t pran anyen nan pwogram espirityèl yo te prepare pou yo a. Pou Jewowa, se paran yo ki reskonsab pou veye sou kondwit pitit yo. Pou manman oubyen papa yo asire yo pitit yo ap tande pawòl Jewova a epi y ap mete l an pratik, se sèlman si yo fè yo chita bò kote yo. Plasè yo pral kote tout moun k ap distrè asistan yo pou mande yo sispann e jantiman raple yo pou yo swiv pwogram nan.
20 Piske nou resevwa moun ki pa Temwen Jewova nan kongrè nou yo, n ap montre nou saj lè nou veye sou timoun nou yo ak sou zafè nou yo. Timoun nou yo se yon kado presye Jewova fè nou. Men nou konnen moun nan monn nan ap imite lespri dappiyanp Satan an. Pou rezon sa a, tanpri souple, toujou konn kote pitit ou yo ye. Epitou, toujou deplase ak kodak ou, ak bous ou, ansanm ak lòt bagay enpòtan ou genyen, pa leve kite yo kote w chita a. Nou mande w pou asire w pòt machin ou byen fèmen, mete bagay pèsonel ou yo nan kòf machin nan oubyen deplase ansanm avèk yo. Sa ap fè moun gen mwens tantasyon pou kase machin ou an.
21 Sèvis lojman kongrè a pare pou ede w rezoud tout pwoblèm ou ka jwenn nan lojman w ye a. Tanpri, mete sèvis lojman an okouran nenpòt pwoblèm ou genyen ak lojman w ye a diran peryòd ou nan kongrè a. Frè yo ap byen kontan ede w rezoud pwoblèm nan defason pou w ka kontinye byen swiv kongrè a.
▪ Kòm gen anpil Temwen Jewova k ap desann nan otèl, se pa tout k ap kapab jwenn chanm yo fè espesyalman pou moun ki pa fimen yo, menm si yo ta mande l pandan yo t ap fè rezèvasyon an.
▪ Tanpri, byen gade akilè biwo resepsyon otèl la ouvè defason pou w ka fè yo make akilè w antrè nan otèl la e akilè ou soti kite otèl la. Yo ka dakò pou w antre pi bonè e pou w soti pi ta si w mande sa.
▪ Chak jou vin gen plis danje pou moun mache ak lajan sou yo. Petèt l ap pi bon pou w ta fè yo voye dèt depans ou fè pou manje ak pou lòt bagay ankò sou fich dèt pou chanm ou an, w a peye yo tout ansanm lè w prale kite otèl la.
▪ Chèn televizyon ak sèvis videyo yo kapab kapte nan otèl yo konn pase fim pònografik souvan. Gen otèl k ap bloke chèn sa yo nan chanm ou an si w mande pou yo fè sa pou ou pandan tan w ap fè nan otèl la. Nou mande w siveye timoun ou yo ak televizyon an menm jan ou konn fè sa lè w lakay ou.
22 Li ankourajan lè nou wè frè ak sè yo ap pran nòt nan kongrè. Lè w pran ti nòt kout, sa ap ede w konsantre w epi sa ap ede w sonje pwen prensipal yo. Lè w revize nòt ou yo ak fanmi w oubyen ak zanmi w yo sa ap fè w reflechi sou pwen enpòtan yo te devlope nan kongrè a defason pou w pa bliye yo.
23 Pèp Jewova a toujou montre li renmen bay lè se pou fè travay teyokratik la vanse (Egzòd 36:5-7; 2 Kwonik 31:10; Women 15:26, 27). Lè w bay kontribisyon w pou kore travay mondyal la, sa ap pèmèt yo lwe lokal ki gen anpil espas pou fè kongrè yo. Si ou vle bay yon chèk, ou ka fè l sou non “ Watchtower ” oubyen sou non Asosyasyon Temwen Jewova nan peyi nou ye a.
24 Tankou jan sa rapòte nan Amòs 3:7, Jewova di konsa li “ pap fè yon bagay san li pa revele sèvitè l pwofèt li yo koze sekrè l ”. Kòm Jewova se “ Revelatè sekrè ” li ye, li fè ekri nan Bib la plizyè santèn pwofesi ki reyalize nèt, jan l te di yo a (Danyèl 2:28, 47). Gen anpil bèl pwomès Jewova fè ki rete ankò pou reyalize. Kongrè distri 1999 “ Pawòl pwofetik Bondye a ” pral kore lafwa ou nan pwomès Bondye yo. Panche zòrèy ou byen pou w koute sa Jewova gen pou di w. Mete sa w pral wè ak sa w pral tande yo an pratik ni nan kongregasyon an, ni nan lavi prive w. N ap priye Jewova pou ou, pou l beni tout preparasyon w ap fè pou asiste san wete san mete touletwa jounen yo ki pral yon fèt espirityèl gra.
[Antrefilè nan paj 3]
Pwograme pou w la chak jou san wete san mete, ni vandredi, ni samdi, ni dimanch !