Bat pou tan w byen konte
1 Tout moun gen menm kantite tan an devan yo chak semèn. Pati nan tan an nou konsakre pou simaye bon nouvèl la gen yon valè espesyal paske se yon tan nou depanse nan travay sove lavi a (Women 1:16). N ap montre apresyasyon nou pou sa lè nou byen prepare nou pou predikasyon, lè nou rive nan reyinyon predikasyon alè ak lè nou pati touswit pou ale nan tèritwa a. Nou sipoze ap preche plis pase nou rete ap tann. Piske Jewova aprann nou gen yon “ tan fikse pou chak bagay ”, nou bezwen bat pou valè tan nou rezève pou predikasyon an konte toutbonvre. — Eklezyas 3:1.
2 Jere tan w avèk sajès : Anpil benediksyon ap tonbe sou nou lè nou respekte yon pwogram ki pèmèt nou patisipe regilyèman nan predikasyon. Natirèlman, bon rezilta nou reyalize nan ministè a ta dwe matche avèk valè tan nou te pase nan predikasyon. Si nou ta fè kèk ti ajisteman nan pwogram abityèl nou, èske nou pa ta kapab konsakre plis tan nan predikasyon ? Paregzanp, apre difizyon peryodik le samdi, èske nou pa ta ka pran yon ti tan anplis pou n al fè kèk vizit ? Si le dimanch, nou soti pou nou pase yon bon valè tan nan predikasyon, èske nou pa ta kapab depanse yon ti tan tou pou n al fè vizit oubyen pou n al fè yon etid biblik ? Lè n al preche kay an kay, èske sa pa ta posib pou nou ta al fè yon preche anplis nan lari tou ? Avèk mwayen sa yo oubyen avèk lòt mwayen ankò, n ap kapab fè plis nan sèvis nou.
3 Lè nou soti nan predikasyon, nou kapab gaspiye yon tan ki presye si nou pa fètatansyon. Nòmalman, lè tanperati a rèd, pran yon ti kanpo ap bon pou nou epi sa ap ede nou kontinye. Men se pou nou gen ekilib, piske se pa tout lè konsa li nesesè pou nou pran kanpo.
4 Nan dènye ane yo, li vin deplizanpli difisil pou jwenn moun lakay yo. Pou fè fas ak sitiyasyon sa a, anpil pwoklamatè al preche kay an kay nan diferan moman nan jounen an. Poukisa nou pa eseye al preche ta nan apremidi oubyen lè aswè fèk kòmanse ?
5 L ap pi bon si lè n ap preche nan lari, nou pa rete nan pale youn ak lòt. Okontrè, pito chak moun kanpe apa, epi al abòde moun yo pou pale avèk yo. Sa fè nou jere tan nou pi byen epitou n ap jwenn pi plis jwa nan travay predikasyon an.
6 Sezi okazyon pou w preche : Yon Temwen te al preche nan yon kay epi metrès kay la te di l sa pa enterese l. Temwen an te mande li si pa gen yon lòt moun nan kay la li te ka pale avè l. Sa te mennen Temwen an fè yon konvèsasyon avèk mari a, ki te malad depi plizyè ane e byen souvan ki te oblije pran kabann. Espwa ki gen nan Pawòl Bondye a te reba l anvi viv. Li pa t pran tan pou l leve kite kabann nan, pou l asiste reyinyon e pou l pataje espwa tounèf li jwenn nan avèk lòt moun.
7 Yon jèn sè te mete an pratik sijesyon pou preche pandan inèdtan anvan etid liv kongregasyon an. Nan premye pòt li te fè a, li te rankontre yon tifi 13 an ki te koute l byen koute epi ki te pran piblikasyon nan men l. Nan demen, jèn sè a te wè menm tifi a nan lekòl li a. Yon ti tan apre li te ofri l pou l etidye Bib la avè l e tifi a te dakò.
8 Bat pou tan an gen valè : Lè nou patisipe regilyèman nan predikasyon, sa ede nou devlope konpetans nou nan fason n ap prezante bon nouvèl la. Èske w kapab amelyore talan w genyen pou kòmanse konvèsasyon ak moun yo lè w bat pou sèvi ak yon entwodiksyon ki pi efikas ? Èske w pa ta kapab travay pou vin yon anseyan pi abil lè w ap fè yon etid biblik kay moun ? Lè w aji konsa, se bat w ap bat toutbonvre pou tan w ap pase nan predikasyon an byen konte epitou pou ministè w la rapòte plis. — 1 Timote 4:16.
9 Piske “ tan ki rete a vin pi kout ”, lavi nou dwe chaje ak zèv kretyen (1 Korentyen 7:29). Tan nou dispoze pou aktivite predikasyon an dwe parèt an premye nan lis priyorite nou yo. Annou bay yon patisipasyon anfòm nan ministè a epi annou fè sa avèk zèl. Tan se yon kokenn byen Jewova ban nou. Toujou sèvi avè l avèk sajès epi bat pou l byen konte.
[Kare nan paj 4]
Pran sijesyon sa yo an konsiderasyon :
◼ Rive nan reyinyon predikasyon alè.
◼ Nan yon limit rezonab, kenbe gwoup pou predikasyon yo piti.
◼ Pa tade pou n al nan tèritwa a.
◼ Preche nan tèritwa a lè pifò moun yo lakay yo.
◼ Pafwa preche pou kont ou si sa pa gen danje.
◼ Al fè vizit nan tèritwa ki pi pre tèritwa nou t ap preche kay an kay la.
◼ Kontinye preche lè lòt moun nan gwoup la mize nan yon pòt.
◼ Chak fwa sa posib, depi sikonstans yo pèmèt ou, rete fè plis pase inèdtan nan predikasyon.