BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/09 p. 6-7
  • Reyinyon predikasyon yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Reyinyon predikasyon yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Reyinyon predikasyon ki atenn objektif yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Tire pwofi omaksimòm nan reyinyon predikasyon yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Ki sa w ka fè pou w jwenn byenfè nan gwoup predikasyon ou ye a?
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2001
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 8/09 p. 6-7

Reyinyon predikasyon yo

1. Poukisa li enpòtan pou nou patisipe nan predikasyon an gwoup?

1 Jezi te bay egzanp nan kesyon òganize travay predikasyon an yon fason efikas. Menm jan an tou, jodi a, moun ki gen responsablite pou òganize travay predikasyon an sou tout tè a ta renmen wè travay sa a fèt avèk menm efikasite a. Se sa k fè, sou tout tè a, reyinyon predikasyon se youn nan mwayen kongregasyon yo itilize pou yo òganize pwoklamatè yo an gwoup pou y al preche nan tèritwa yo. — Mat. 24:45-47; 25:21; Lik 10:1-7.

2. Ki jan reyinyon predikasyon yo ta dwe dewoule?

2 Yon bonjan dispozisyon: Yo fè reyinyon predikasyon yo pou ankouraje pwoklamatè yo, pou ba yo konsèy pratik ak direksyon sou fason pou yo preche. Yo egzamine tèks pou jounen an lè li aplikab pou travay predikasyon an. Pafwa, yo sèvi ak konsèy ki nan Ministè Wayòm nan, nan liv Comment raisonner a, oswa nan liv École du ministère la, pou prepare pwoklamatè ki pral preche yo pou travay predikasyon an. Anplis de sa, yo konn fè yon demonstrasyon tou kout ak piblikasyon y ap ofri a. Anvan yo fè priyè final la, chak pwoklamatè dwe konnen ak kiyès li pral preche e ki kote yo pral preche. Reyinyon predikasyon an pa ta dwe dire plis pase 15 minit e, tousuit apre, pwoklamatè yo ta dwe pran wout pou y al nan tèritwa a.

3. Kiyès ki gen responsablite pou òganize reyinyon predikasyon yo?

3 Fason yo òganize reyinyon predikasyon yo: Se siveyan sèvis la ki pran latèt nan òganize travay predikasyon an, li gen responsablite pou l kowòdone reyinyon predikasyon yo nan kongregasyon an. Siveyan gwoup yo oswa adjwen yo gen responsablite pou akonpaye gwoup pa yo nan predikasyon nan wikenn. Kèk ansyen oswa kèk asistan ministeryèl ka akonpaye gwoup k al preche lasemèn yo. Siveyan gwoup yo travay kòtakòt ak siveyan sèvis la pou asire yo gen ase tèritwa pou yo preche kay an kay nan wikenn. Pandan semèn nan, siveyan sèvis la dwe asire l tout dispozisyon anplas pou gen frè k ap dirije gwoup predikasyon yo.

4-6. a) Nan ki objektif yo chwazi ki kote e ki lè pou yo fè reyinyon predikasyon yo? b) Ki sa nou ka konsidere pou nou detèmine ki kote e ki lè li pi apwopriye pou nou fè reyinyon predikasyon?

4 Ki kote e ki lè yo dwe fè reyinyon sa yo?: Olye pou tout kongregasyon an reyini yon sèl kote, an jeneral, li pi bon pou reyinyon sa yo fèt nan plizyè andwa ki konvnab. Souvan, yo fè yo nan mezon prive ki nan tèritwa kongregasyon an. Konsa, sa pèmèt yo preche nan tèritwa sa a yon fason efikas. Yo ka itilize Sal Wayòm yo pou reyinyon sa yo tou. Plizyè kongregasyon òganize reyinyon predikasyon nan Sal la lè dimanch, yon ti tan apre diskou piblik ak etid Toudegad la. Yo ta dwe fè yon jan pou yo pa al preche nan yon zòn ki lwen parapò ak kote yo fè reyinyon predikasyon an. Pakonsekan, yo ka revize dispozisyon yo regilyèman pou yo verifye si kote yo òganize reyinyon predikasyon yo toujou apwopriye parapò ak tèritwa kote gwoup yo gen pou yo preche yo, dekwa pou travay predikasyon an fèt yon fason efikas e pou l fèt afon nan tèritwa a.

5 Yo detèmine ki lè ki pi bon pou yo pwograme reyinyon sa yo e konbyen fwa yo dwe fè yo nan semèn nan selon moun ki abite nan tèritwa a. Kesyon ki vin annapre yo ka sèvi kòm gid pou detèmine ki kote e ki lè li pi bon pou yo fè reyinyon predikasyon yo.

6 Ki tèritwa ki gen plis bezwen? Ki lè ki pi bon pou pwoklamatè yo preche kay an kay? Èske li nesesè pou yo pwograme yon lè nan aswè pou predikasyon kay an kay oswa pou fè nouvèl vizit? Yo dwe mete tout enfòmasyon konsènan dispozisyon yo pran pou predikasyon yo sou tablo afichaj la. Dezi nou chak, antanke pwoklamatè Wayòm nan, se preche tèritwa yo asiyen nou an afon jiskaske nou di menm jan ak apot Pòl: “Pa gen tèritwa mwen poko preche.” — Wom. 15:23.

7. Ki responsablite frè yo asiyen pou dirije reyinyon predikasyon an genyen?

7 Fason yo dwe kondui reyinyon predikasyon yo: Frè yo asiyen pou dirije reyinyon sa a dwe montre yon gwo respè pou dispozisyon teyokratik sa a lè yo byen prepare yo. Reyinyon sa yo dwe kòmanse alè e yo dwe enstriktif. Yo pa dwe dire plis pase 10 a 15 minit. Anvan reyinyon an fèt, kondiktè a dwe konnen ki kote yo pral preche. Byenke li pa nesesè pou nou tann moun ki anreta yo, li bon pou nou kite yon mesaj pou di yo ki kote gwoup la ap preche. Tout pwoklamatè yo dwe nan wout pou y al nan tèritwa kote yo pral preche a tousuit apre reyinyon an fini. Yon reyinyon predikasyon ki byen òganize e ki enstriktif ap bay enstriksyon ki nesesè pou pwoklamatè ki pral preche yo ka byen akonpli ministè yo pandan jounen an. — Pwo. 11:14.

8. Nan ki sans moun ki asiste reyinyon predikasyon yo kolabore ak moun k ap dirije nou yo?

8 Se pou nou asiste reyinyon predikasyon yo: Li enpòtan pou nou kolabore (Ebre 13:17). Nòmalman, frè k ap kondui gwoup la ap ede nenpòt pwoklamatè ki bezwen yon lòt pwoklamatè pou l preche. Li bon pou gen pwoklamatè ki gen eksperyans ki prezan nan reyinyon predikasyon an. Lè sa a, y ap ka ede nouvo pwoklamatè yo ak sa ki gen mwens eksperyans yo. Pwoklamatè ki dispoze preche pafwa ak yon lòt moun, apa moun yo abitye akonpaye nan predikasyon, ka akonpli anpil bon travay (Pwo. 27:17; Wom. 15:1, 2). Pwoklamatè yo ta dwe fè tout efò yo pou yo la alè. Respè nou genyen pou dispozisyon teyokratik sa yo ak konsiderasyon nou genyen pou frè ak sè nou yo ap pouse nou fè ajisteman ki nesesè nan sans sa a. — 2 Kor. 6:3, 4; Fil. 2:4.

9. Nan ki sans pyonye yo ka soutni dispozisyon sa a?

9 Èd pyonye yo bay: Èd pyonye yo bay nan reyinyon predikasyon yo se yon bagay ki enpòtan e ki ankourajan pou tout moun. Natirèlman, nou konprann, pyonye yo gen anpil responsablite. Apa etid biblik yo gen pou yo kondui ak nouvèl vizit yo gen pou yo fè, yo ka gen pou yo pran swen fanmi yo e pou yo fè yon travay pwofàn. Pakonsekan, pyonye yo pa dwe gen enpresyon yo mande yo pou yo soutni tout reyinyon predikasyon kongregasyon an òganize, sitou si yo fè reyinyon sa yo chak jou. Sepandan, li toujou posib pou pyonye yo bay èd yo nan omwen kèk reyinyon predikasyon chak semèn. Nan yon sèten degre, reyinyon predikasyon yo kapab ede pwoklamatè yo jwenn fòmasyon, e fòmasyon ak eksperyans pyonye yo genyen kapab ede lòt pwoklamatè yo anpil. Lefètke pyonye yo preche anpil, sa pèmèt yo gen eksperyans nan ministè a. E yo kapab pataje eksperyans sa a ak lòt pwoklamatè. Grasa zèl yo demontre nan ministè a e nan reyinyon predikasyon, yo bay yon bèl egzanp. Se pa ti apresye kongregasyon an apresye patisipasyon pyonye yo nan reyinyon predikasyon yo!

10. Poukisa li apwopriye pou tout pwoklamatè Wayòm nan fè tout sa yo kapab pou soutni reyinyon predikasyon yo?

10 Menm jan Jezi ak disip li yo te fè sa, jodi a, pwoklamatè yo preche kay an kay pou yo fè pifò nan travay predikasyon Wayòm nan. Objektif reyinyon predikasyon yo se pou nou youn ankouraje lòt e se pou nou patisipe yon fason efikas nan travay predikasyon an. Pwoklamatè yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo soutni dispozisyon teyokratik sa yo. Se pou nou tout fè tout sa nou kapab pou nou soutni reyinyon predikasyon yo (Travay 5:42; 20:20)! Si nou fè sa, Jewova ap soutni nou, e n ap rejwi kè Chèf nou an, Jezi Kris, toutpandan n ap preche bon nouvèl Wayòm nan. — Mat. 25:34-40; 28:19, 20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje