Byen sèvi ak tan nou nan ministè a
Temwen Jewova yo te pase 1 945 487 604 èdtan nan ministè a pandan ane sèvis 2014 la. Sa klè, nou detèmine pou nou rete okipe nan sèvis Jewova (Sòm 110:3; 1 Kor. 15:58)! Piske “tan ki rete a vin pi kout”, èske li posib pou nou kontakte plis moun toujou pandan tan presye n ap pase nan ministè a? — 1 Kor. 7:29.
Pou nou byen sèvi ak tan nou nan ministè a, sa mande pou nou fleksib. Pa egzanp, si regilyèman nou pase inè oubyen plis nan yon fasèt byen presi nan ministè a san nou pa gen okazyon pale ak yon moun, èske nou pa ka fè yon chanjman pou nou ka jwenn plis moun pou nou pale? Sitiyasyon yo pa menm tout kote. Sepandan, konsèy yo bay pi ba yo ka ede nou byen sèvi ak tan nou yon fason pou se pa ‘nan lib n ap tire kou nou yo’. — 1 Kor. 9:26.
Temwayaj kay an kay: Pandan plizyè dizèn ane pwoklamatè yo gen abitid kòmanse jounen predikasyon yo lè y al preche kay an kay. Sepandan, etandone gen anpil moun k al travay pandan jounen an, poukisa nou pa eseye al lakay yo ta nan aprèmidi oubyen byen bonè nan aswè, lè gen plis moun nan kay la nan moman moun yo pi rilaks? Pandan jounen an, si nou bay temwayaj nan lari oubyen nan biznis yo sa ka bay pi bon rezilta.
Temwayaj an piblik: Yo dwe mete tab yo ak charyo yo kote ki gen anpil moun ap pase nan tèritwa kongregasyon an. (Gade Ministè Wayòm jiyè 2013, paj 5.) Si kantite moun k ap pase nan zòn kote yo konn met stann pou yo bay temwayaj an piblik la diminye, komite sèvis kongregasyon an ka deside deplase stann yo e yo dwe chwazi yon lòt kote ki gen anpil moun ap pase pou yo mete yo.
Vizit ak etid biblik: Èske l posib pou w pwograme vizit ou yo ak etid ou yo nan moman kote nou pa jwenn bon rezilta nan lòt fasèt nan ministè a? Pa egzanp, si nou jwenn bon rezilta lè n ap preche kay an kay samdi maten, èske w ka fè etid nan aprèmidi oubyen bonè nan aswè? Nan zòn kote plizyè moun itilize menm machin, lè nou pral fè vizit, èske nou pa ta ka fè gwoup yo pi piti pou nou ka fè plis aktivite pandan tan n ap patisipe nan ministè a?
Se vre, depi nou kòmanse patisipe nan ministè a nou ka kòmanse konte lè a, men n ap gen plis jwa lè nou jwenn bon rezilta. Si w rann ou kont gen yon fasèt nan ministè a ki pa bay bon rezilta lè w patisipe ladan l nan yon moman byen presi, eseye patisipe nan yon lòt fasèt nan ministè a nan moman sa a. Priye Jewova, li menm ki “Mèt rekòt la”, pou l ba ou direksyon pou w ka byen sèvi ak tan w lè w ap patisipe nan ministè a! — Mat. 9:38.