Èske w montre w sansib devan lanmou Kris la ?
1 Nan refleksyon apòt Jan t ap fè sou lavi Mèt li a, men sa l te ekri : “ Jezi, ki te renmen moun pa l yo ki te nan monn nan, li te renmen yo jiska lafen. ” (Jan 13:1). Pandan epòk Memoryal la, panse nou fèt pou chita sou pi gwo prèv lanmou Kris te bay la. Nou kapab montre nou sansib devan lanmou sa a lè nou demontre lafwa nan ranson an, lè nou zele nan travay predikasyon an, e lè nou andire “ jiska lafen ” tankou Jezi. — Mat. 24:13 ; 28:19, 20 ; Jan 3:16.
2 Montre w sansib devan lanmou Kris la : Jezi te trè aktif nan dènye semèn lavi li sou tè a (Mat. 21:23 ; 23:1 ; 24:3). Kòm imitatè Kris, lanmou pouse nou nou menm tou pou n ‘ redi rèd ’ nan sèvis Jewova (Lik 13:24). Èske w kapab pwofite dispozisyon yo pran pou moun preche plis pandan mwa avril la ? Èske w ka ogmante kantite tan w ap pase nan ministè a ?
3 Ane sa a Soupe Seyè a tonbe mèkredi swa 19 avril. Konbyen moun k ap prezan nan okazyon enpòtan sa a ? Sa depan anpil de nou menm. Èske w te fè yon lis moun ou prevwa envite, tankou moun w ap etidye Labib avèk yo ak lòt moun ki enterese yo, paran w, moun ou gen biznis avèk yo, kanmarad lekòl ou ? Èske w pran kontak avèk yo pou w ba yo yon envitasyon kòdyal ? Èske w ap fè yo sonje sa dezoutwa jou anvan Memoryal la ? Èske yo bezwen èd ou pou yo la ? Ansyen yo ap envite nenpòt moun ki vin inaktif nan ministè a tou. Menmsi Memoryal la tonbe yon jou lasemèn olye nan yon wikenn sa pa fè l pa enpòtan pou tout moun asiste.
4 Vini tou prepare : Li esansyèl pou nou prepare nou e se pou nou gen bon dispozisyon lespri lè n ap asiste Memoryal la. Pòl te fè frè nan lafwa yo konnen pou yo pa bliye tout enpòtans moman sa a genyen (1 Kor. 11:20-26). Nou mèt li chapit 13 rive chapit 17 Levanjil Jan an pandan etid biblik fanmi nou, epi fè chak moun nan fanmi an rakonte sa sakrifis Jezi a siyifi pou li. Li bon pou n pa bliye tou pou nou fè lekti Labib pou semèn Memoryal la toulejou !
5 Nou fèt pou nou renmen Kris anpil anpil e lanmou nou an fèt pou l al pi lwen pase jou 19 avril la. Nou deside pou n demontre lanmou nou gen pou li a etènèlman ! Selebrasyon Memoryal la ane sa a pral ede nou bay detèminasyon sa a jarèt.