BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/00 p. 1
  • Lavi moun yo an danje !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lavi moun yo an danje !
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Mesaj nou dwe preche a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Annou kontinye preche !
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Èske w akonpli sèvis ou nèt?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • “ Kontinye veye sou ministè w te aksepte nan Seyè a ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 9/00 p. 1

Lavi moun yo an danje !

1 Bib la fè nou konnen klè volonte Jewova se “ pou tout kalite moun sove ”. Sepandan li vre tou, espwa lavi plizyè milya moun sou tè a depann de atitid yo alega Jewova ak Wayòm li an Jezi Kris ap dirije a. Yon atitid konvnab fèt pou chita sèlman sou “ konesans egzat sou verite a ”. (1 Tim. 2:3, 4). Tout pandan n ap anonse tè a pral debarase ak tout mechanste talè konsa pou louvri chemen pou monn nouvo jis Bondye a, nou resevwa misyon tou, pou nou kontinye travay vital sove lavi a. — Mat. 24:14 ; 28:19, 20 ; Women 10:13-15.

2 Poukisa li ijan konsa ? Jezi te bay avètisman sou yon “ gwo tribilasyon tèlke pa t janm gen konsa depi nan kòmansman lemonn jiska prezan ”. (Mat. 24:21.) Tribilasyon sa a pral rive nan pwen final li nan Amagedòn (Rev. 16:16). Nan mas moun ki pral aneyanti si yo pa reyaji devan bon nouvèl la, genyen paran enkwayan nou yo, vwazen nou yo, kòlèg travay nou yo, kondisip lekòl nou yo ak lòt moun nou konnen. Men, reskonsablite nou se pran kontak ak “ tout kalite moun ”. N ap fè sa pou imite Bondye ki demontre lanmou li pou tout moun nan lemonnantye piske li bay Pitit li a, Jezi Kris, kòm ranson pou yo tout (Jan 3:16). Nou dwe zele nan fè efò pou envite tout moun vole antre nan zòn sekirite Bondye a. Lè nou patisipe anplen nan travay predikasyon an, nou kapab evite dèt san. — Eze. 33:1-7 ; 1 Kor. 9:16.

3 Ki objektif nou ? Nan Pawòl Bondye a yo souliye enpòtans travay predikasyon an. Se tankou apòt Pòl te di, “ lanmou Kris genyen an oblije nou ” pou nou viv ann akò ak chemen Bondye yo (2 Kor. 5:14). Anplisdesa, La Tour de Garde mete aksan souvan sou obligasyon nou genyen pou n preche. Ministè Wayòm nan se toutan l ap ban nou enstriksyon nan fason pou travay predikasyon an fèt. Ansyen yo òganize travay la epi yo ankouraje nou patisipe ladan l. Lòt pwoklamatè yo envite nou patisipe avèk yo nan ministè a. Nou resevwa anpil sijesyon sou fason pou n prepare prezantasyon nou yo, pou n ofri peryodik ak lòt piblikasyon, pou n fè vizit, pou n kondi etid biblik e pou n itilize chak okazyon pou nou bay yon temwayaj. Tou sa ede nou reyalize objektif sove lavi a. — 1 Kor. 9:22, 23 ; Efe. 1:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje