Annou fè konnen non Jewova ansanm ak fason li aji
1 “ Remèsye Jewova, envoke non li, fè konnen fason li aji pami pèp yo. [...] Sila yo k ap chèche Jewova se pou kè yo kontan. ” (Sòm 105:1, 3). Salmis ki te ekri pawòl sa yo te jwenn gwo lajwa pèsonèl pandan li t ap pale lòt moun de Jewova ansanm ak “ fason li aji ”. Ki fason Jewova aji ? Pa gen dout sa gen rapò ak rèy gloriye Bondye a ansanm ak “ bon nouvèl delivrans li an ”. — Sòm 96:2, 3 ; 145:11, 12.
2 Pandan moman Memoryal 2001 an ap pwoche, nou gen anpil rezon pou nou kontan pou fason Jewova fè avèk nou. Ki jan ? Pa gen dout sou sa, Repa Seyè a se pi gwo evènman nan ane a pou tout vrè kretyen. Anrapò ak enpòtans li ansanm ak bi li genyen, oswa jan nou selebre li, pa gen okenn lòt moman konwè li. Se yon moman pou nou tout sonje ki sa Jewova ak Jezi te fè pou founi nou mwayen pou delivrans nou an. Tou natirèlman, nan epòk Memoryal la, se pa etonan pou nou atann yon kokenn ogmantasyon nan travay predikasyon an. Se okazyon pou nou fè moun konnen “ bon nouvèl delivrans lan ” !
3 Èske w ap pyonye oksilyè ? Ann avril pase nou te anrejistre 2140 pyonye oksilyè. Ane sa a, èske nou kapab fè mwa mas ak avril tounen de mwa espesyal pou nou fè pi plis travay nan ministè a ? Mwa mas gen senk samdi, mwa avril gen senk dimanch. Lè pwoklamatè k ap travay tout jounen planifye yo pou fè jounen wikenn yo nèt nan predikasyon, anpil ap wè yo kapab rive pyonye oksilyè. Pou reyalize objektif 50 è nan yon mwa, yon pyonye oksilyè bezwen anviwon 12 è konsa pa semèn. Se pou nou byen egzamine orè yo sijere nan tablo ki nan paj 4 la. Èske gen youn nan yo ki koresponn ak sitiyasyon pa w ? Si yo pa koresponn, petèt ou kapab fè pwòp orè pa w pou w pyonye oksilyè nan mwa mas ak avril sa a.
4 Depi kounye a, ansyen yo ta dwe kòmanse chofe kongregasyon yo. Yo ta dwe bay sipò yo pou gen plis aktivite nan predikasyon. Ane pase nan yon kongregasyon Ozetazini kote tout ansyen ak tout asistan ministeryèl te pyonye oksilyè, 64 pwoklamatè sou 121 te pyonye ann avril. Kongregasyon an te kontan tou pou li wè sis pwoklamatè ki poko batize remèt rapò nan mwa mas ak avril. Anreyalite, se pi bon moman pou timoun yo ak nouvo yo kòmanse preche an piblik. Yo kapab pwofite mande ansyen yo si yo wè yo kalifye pou sa.
5 Plis efò pote benediksyon : Kongregasyon ki fikse objektif espesyal e ki fè efò siplemantè, goute anpil benediksyon. Gen kèk kongregasyon ki kapab souliye nesesite pou yo travay tèritwa yo nèt, tèritwa yo pa al ladan yo souvan. Yo kapab konsantre yo sou divès fason pou bay temwayaj la, oswa yo kapab pale plis sou predikasyon nan telefòn. Fòm temwayaj sa a se yon mwayen efikas pou kontakte moun ki absan ak moun nou mal pou jwenn lakay yo.
6 Èske otomatikman moun ki pa an sante oswa moun k ap granmoun yo pa ladann, paske yo pa ka fè menm sa yo te konn fè nan predikasyon ? Non, se pa nan tout ka. Paregzanp, yon sè 86 an ki gen kansè te pyonye oksilyè nan mwa avril, malgre janm li yo anfle. Predikasyon nan telefòn te fè li posib pou l patisipe anplen nan sèvis la. Sa te fè li bay Jewova plis louwanj. Sa te ankourajan anpil ni pou sè a ni pou kongregasyon an.
7 Annou byen prepare nou pou Memoryal la : Ane sa a Memoryal la ap tonbe 8 avril. Piske se yon dimanch, li ta dwe posib pou plis moun asiste. Nou kapab rive gen pi gwo kantite asistans nou potko janm genyen si nou jwe wòl pa nou : 1) si nou menm nou la, e 2) si nou envite lòt moun fè tèt ansanm avèk nou nan Memoryal la. Ki moun nou ta dwe envite ?
8 Al gade nan nòt predikasyon w. Chèche non moun laverite te yon ti jan enterese yo, menmsi se pa moun ou konn vizite regilyèman. De oswa twa semèn anvan Memoryal la, pran tout dispozisyon pou w vizite tout moun sa yo ak fich envitasyon Memoryal la. Si sitiyasyon w pèmèt ou, ofri moun ki vle vin asiste yo pou w fè yo jwenn woulib.
9 Nan kèk kongregasyon, yo pa konn itilize tout fich envitasyon pou Memoryal la. Sekretè kongregasyon yo ta dwe asire yo fich envitasyon pou Memoryal la disponib atan pou yo gentan distribye tout. Petèt nou ta renmen ekri lè a ak adrès kote Memoryal la ap fèt la byen klè, anba fich envitasyon an, kit se alamachin, kit se alamen. Oubyen nou kapab bay yon fich envitasyon ki gen adrès Sal Wayòm nan ansanm avèk li, si se la Memoryal la ap fèt. N ap fè nou sonje, li pi bon si se nan men nou remèt moun nan kay la fich envitasyon Memoryal la.
10 Pa bliye moun ki inaktif yo : Sa bay lajwa lè yon moun ki t ap etidye Labib vwe tèt li bay Jewova, li batize nan dlo pou senbolize ve sa a. Poutan, chak ane, gen kèk moun ki sispann mache avèk nou. Yo sispann pale de non Jewova ak lòt moun, yo sispann pale de fason li aji. Nou gen kèk bonjan rezon pou nou enkyete pou yo. Malgre pifò inaktif yo pa abandone laverite, yo kapab sispann preche paske yo dekouraje, paske yo gen pwoblèm pèsonèl. Oubyen se paske yo gen lòt tèt chaje nan lavi a (Mat. 13:20-22). Gen lòt ki fèb espirityèlman e ki bezwen èd pou yo retounen nan kongregasyon an, anvan sistèm Satan an anglouti yo (1 Pyè 5:8). Nan epòk Memoryal sa a nou ta renmen fè yon efò espesyal pou nou ede tout inaktif ki kalifye yo pou yo rekòmanse nan travay predikasyon bon nouvèl la.
11 Sekretè kongregasyon an ta dwe mete kondiktè etid liv yo okouran de tout moun nan gwoup yo a ki inaktif. Komite sèvis kongregasyon an ap pran latèt pou fè aranjman vizit pastoral lakay tout inaktif. Si komite sèvis la pran desizyon pou moun nan benefisye yon etid biblik pèsonèl, yo dwe chwazi kilès moun ki pi byen plase pou kondi etid la. Petèt yo pap bezwen fè lontan ap kondi etid la. Kwak sa, moun yo bay fè travay sa a kapab make lè a, vizit la, ak etid biblik la sou rapò li.
12 Nan mwa avril ane pase, te gen yon sè ki t ap travay kay an kay. Gen yon jèn gason li te jwenn nan lari, li te ofri l peryodik. Jèn gason an rakonte l li te marye avèk yon dam, yon Temwen inaktif. Li te mande kote Sal Wayòm nan ye e li te envite sè a pou l vin vizite li ansanm ak madanm li. Kòm rezilta, mesye dam yo te vin asiste pwochen reyinyon ki t apral fèt la e yo te dakò pou yo fè yon etid biblik.
13 Annou pare nou pou nou fè pi plis travay ! Men sa Salmis ki te di nou ta dwe fè konnen non Jewova ansanm ak fason li aji a, te ajoute : “ Chante pou li, jwe melodi pou li. Se pou nou enterese nan tout travay estwòdinè l yo. Glorifye nou nan non sen li an. ” (Sòm 105:2, 3). Annou demontre gran non Jewova a enterese nou ansanm ak “ travay estwòdinè ” l yo. N ap fè sa lè nou ogmante efò nou nan ministè a. N ap fè epòk Memoryal sa a tounen yon epòk ki san parèy !
[Kare nan paj 4]
Divès fason nou ka pwograme 12 è pa semèn pou nou pyonye oksilyè
Jou Lè
Lendi 1 2 − −
Madi 1 − 3 −
Mèkredi 1 2 − 5
Jedi 1 − 3 −
Vandredi 1 2 − −
Samdi 5 4 3 5
Dimanch 2 2 3 2
Total : 12 12 12 12
Èske gen youn nan orè sa yo ki bon pou ou ? Si pa genyen, poukisa w pa fè pwòp orè pa w ?