Se pou w “ okipe alekstrèm ” nan travay predikasyon an
1 Lè nou li nan Bib la apot Pòl te konn fè tant kòm metye pandan li te Korent, nou ta ka panse akòz metye sa a, li pa t ap jwenn anpil tan pou l preche. Epoutan, men sa Travay 18:5 fè konnen : “ Pòl te kòmanse okipe alekstrèm nan pawòl la, pandan l t ap bay Juif yo temwayaj pou l pwouve se Jezi ki Kris la. ” Poukisa Pòl te tèlman okipe konsa nan aktivite predikasyon an ? Menmsi anpil moun Korent te gentan vin kwayan, Seyè a te sètifye t apral gen anpil lòt disip toujou nan vil sa a (Tra. 18:8-11). Èske nou menm tou, nou pa gen menm rezon ak apot Pòl pou nou okipe alekstrèm nan travay predikasyon an ? Repons lan se wi. Gen anpil moun toujou k ap tann nou vin anseye yo laverite.
2 Pase plis tan ap preche ann avril : Se vre, nou gen objektif pou nou preche bon nouvèl la chak mwa, men gen kèk mwa ki byen apwopriye pou nou “ okipe alekstrèm ” nan aktivite sa a. Paregzanp, mwa d avril, mwa Memoryal la, se youn ladan yo. Èske sitiyasyon pa w te pèmèt ou pran sèvis pyonye oksilyè, oswa èske w te anmezi pou w ogmante efò w ap fè nan predikasyon pou mwa sa a ? Anpil pwoklamatè ki fè sa jwenn bonkou benediksyon (2 Kor. 9:6). Li bon pou w raple w depi w fè tout sa w kapab ak tout nanm ou, Jewova ap kontan ak sèvis w ap ba li a (Lik 21:2-4). Kèlkeswa sitiyasyon pèsonèl pa w, se pou w gen objektif pou w “ okipe alekstrèm ” nan predikasyon pandan mwa d avril la. Nan fen mwa a, se pou w sonje remèt rapò w pou travay ou fè a ka konte ansanm ak travay tout lòt pwoklamatè nan lemonnantye.
3 Vizite moun ki asiste Memoryal pou premye fwa yo : Ane pase ann Ayiti, te gen 51 419 moun ki te asiste Memoryal la. N ap gade pou nou wè ki kantite moun k ap la ane sa a. Antouka, selon rapò yo, moun sa yo reprezante yon trè bèl atou pou yon pi gwo “ rekòt ”. (Mat. 9:37, 38.) Donk, kou sa posib, fè efò pou w vizite moun ki enterese yo e ki te asiste Memoryal la, pou w ka ba yo èd espirityèl. Si w toujou ap voye vizit sa yo pou yon lòt lè, sa ka pèmèt ‘ mechan an vini epi li rache pawòl wayòm ki te simen nan kè yo a ’. (Mat. 13:19.) Si w vizite moun nan rapid rapid, sa pral montre ou se yon moun ki “ okipe alekstrèm ” nan predikasyon.
4 Kontinye ede inaktif yo : Nan mwa fevriye, yo te kòmanse fè yon efò espesyal pou yo ede inaktif yo. Si gen ladan yo ki poko resevwa yon vizit pastoral, ansyen yo ap fè aranjman pou moun sa yo jwenn vizit pa yo anvan fen mwa d avril la. Ansyen yo pral fè efò pou yo chèche konnen ki sa k lakòz moun sa yo gen pwoblèm, e yo pral wè ki meyè fason yo ka ede yo pou yo rekòmanse sèvi Jewova ankò. Yon èd konsa ki bay ak lanmou, demontre ansyen yo pran responsablite yo kòm bèje “ twoupo Bondye a ” oserye (1 Pyè 5:2 ; Tra. 20:28). Ansyen yo ka sèvi ak bonjan sijesyon ki nan La Tour de Garde 15 septanm 1993, paj 22-3, lè y ap pale ak inaktif yo pou yo ede yo rezoud nenpòt nan senk pwoblèm ki pi kouran inaktif yo konn tonbe ladan yo. Kòm bon rezilta, ou gen dwa wè gen ladan yo ki rekòmanse preche ann avril.
5 Ede plis moun toujou pou yo vin pwoklamatè ki poko batize : Èske pitit ou oswa lòt moun w ap etidye avèk yo ranpli kondisyon ki nesesè pou yo kòmanse preche ? Si ansyen yo wè yo kalifye pou y al preche, èske mwa d avril la pap yon bon moman pou yo derape nan predikasyon ? Si yon moun k ap fè pwogrè deja etidye bwochi Bondye vle a ak liv Konesans lan, ou kapab kontinye etid la nan youn nan liv sa yo : Parole de Dieu, Paix et sécurité oswa Unis. Objektif ou se pou w ede etidyan an pou li gen bonjan klèvwayans sou laverite a, pou l kalifye kòm pwoklamatè ki poko batize, pou l vwe lavi li bay Jewova e pou l vin Temwen Jewova. — Efe. 3:17-19 ; 1 Tim. 1:12 ; 1 Pyè 3:21.
6 Ou ka ede etidyan w yo aksepte laverite grasa enterè reyèl ou toujou demontre pou yo. Te gen yon Temwen ki te pran randevou pou l fè etid biblik ak de moun marye ki granmoun. Men, malgre mesye dam sa yo te aksepte etid la ak tout kè yo, yo te fè twa semèn suit an suit ap voye etid la pou yon lòt lè. Lè etid la te resi kòmanse, chak de semèn, yo anile l. Malgre tou, madanm nan fè pwogrè jis li rive batize. Men sa frè a fè konnen : “ Apre dam nan fin batize, kè l te tèlman kontan, dlo sot nan je l, e sa te vin fè dlo sot nan je ni mwen menm, ni madanm mwen tou. ” Jan nou wè l la a, lè yon moun “ okipe alekstrèm ” nan preche bon nouvèl la, sa bay anpil lajwa !
7 Pwofesi ki nan Bib la ak evènman mondyal yo montre nou rive byen fon nan tan lafen an. Se moman pou tout pèp Bondye a “ okipe alekstrèm ” nan fè lòt moun konnen bon nouvèl la. Apot Pòl ban nou asirans ‘ nou pap janm travay pou granmesi anrapò avèk Seyè a ’. — 1 Kor. 15:58.