Benediksyon nou jwenn lè nou demontre nou apresye lanmou Jewova — Dezyèm pati
1 Nan patisipasyon ki te genyen mwa pase a sou sijè sa a, nou te ensiste sou kat fason, nan ministè nou, nou ka demontre nou apresye lanmou Jewova (1 Jan 4:9-11). Kounye a nou pral wè senk lòt fason ankò nou ka fè sa. Lè nou fè tout efò nou pou nou ede lòt moun nan domèn espirityèl, nou jwenn bonjan benediksyon.
2 Temwayaj enfòmèl : Se yon bon mwayen nonsèlman pou nou jwenn moun ki grangou e ki swaf ladwati, men tou se yon fason pou nou fè yo jwenn piblikasyon ki ka ede yo. Sa vo lapèn pou nou “ rachte moman apwopriye a ” e pou nou pwofite tout okazyon pou nou preche nenpòt moun nou rankontre (Efe. 5:16). Petèt sa ka mande nou anpil kouraj pou nou preche fason sa a. Men, si nou apresye lanmou Bondye, e si nou sousye nou de sa moun yo bezwen, n ap preche nan tout okazyon. — 2 Tim. 1:7, 8.
3 Te gen yon frè, yon misyonè, ki te jwenn bonjan rezilta dèske li te kòmanse fè yon ti pale avèk yon pasaje nan yon taksi. Kòm mesye a te enterese, frè a te vizite l, e li te kòmanse yon etid avè l. Mesye sa a te aksepte laverite e li te tèlman fè pwogrè, li vin sèvi kòm ansyen nan yon kongregasyon.
4 Predikasyon nan lèt : Sipozon nou pa ta ka preche kay an kay akòz yon pwoblèm fizik oswa akòz move tan. Enben, nou ka ekri kèk lèt tou kout pou nou preche moun nou konnen, moun ki gen moun pa yo ki mouri, oswa moun ki pa t lakay yo lè nou t ap preche nan tèritwa a. Nou ka akonpaye lèt n ap ekri a ak yon feyè apwopriye ki gen yon mesaj biblik ki atiran, e nou ka ankouraje moun nan pou l reponn lèt la si li ta vle poze kesyon. Pito nou ba li adrès pèsonèl nou oswa adrès Sal Wayòm nan, silvouplè, pa ba li adrès filyal la.
5 Predikasyon nan telefòn : Se yon bon mwayen pou nou atenn moun nou pa t ka rankontre nan predikasyon kay an kay. Si nou fè sa avèk diskresyon, avèk jantiyès, avèk tak, e si nou demontre nou gen ladrès, moun nan ka byen reyaji. N ap jwenn sijesyon itil ki bay bon rezilta nan Ministè Wayòm fevriye 2001, paj 5-6.
6 Yon sè t ap preche nan telefòn. Li mande yon dam si li konn reflechi seryezman sou sa demen sere pou li menm ak fanmi li. Dam nan di l wi, li konn reflechi sou sa, men li tou fè l konnen, akòz li pa gen espwa, li fèmen kò l lakay li, li pa sòti. Piske sè a te demontre dam nan se nan enterè l li ye, sa te touche dam nan anpil e li te dakò pou l rankontre sè a nan yon makèt ki pa twò lwen. Rezilta ? Dam nan te aksepte yon etid biblik !
7 Bèl akèy nou bay nouvo yo : Si nou renmen pwochen nou, nou pap pa remake nouvo yo ki vini nan reyinyon e n ap fè yo konnen nou kontan wè yo (Wom. 15:7). Fè yo santi yo nan mitan moun ki ta renmen wè yo anfòm espirityèlman. Si nou demontre se yo menm ki enterese nou toutbonvre, e si nou ofri yo yon etid biblik, sa ka ankouraje yo pou yo aksepte èd nou.
8 Bèl konduit nou : Grasa bèl konduit nou genyen, nou anbeli verite a (Tit 2:10). Lè moun nan monn nan fè lwanj pou nou antanke Temwen Jewova, se Bondye nou an yo onore (1 Pyè 2:12). Sa kapab ede lòt moun tou pou yo pran chemen lavi a.
9 Poukisa nou pa rewè senk fason sa yo ki demontre nou apresye gwo lanmou Jewova genyen pou nou an ? Poukisa nou pa mete yo an pratik (1 Jan 4:16) ? Etan n ap fè sa, n ap rekòlte anpil benediksyon.