BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/03 p. 3
  • Annou rasanble ansanm pou nou louwe Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou rasanble ansanm pou nou louwe Jewova
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Louwe Jewova nan gran kongregasyon an
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • “ Pawòl pwofetik Bondye a ” : Kongrè distri 1999
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Yon okazyon pou nou nouri nou espirityèlman e pou nou rejwi
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • “ Annou egzalte non l ansanm ”
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 4/03 p. 3

Annou rasanble ansanm pou nou louwe Jewova

1. Ki tèm kongrè a ? Poukisa Jewova merite louwanj ?

1 Jewova gen yon pisans ki san limit, li gen yon sajès ki san bout, li gen yon jistis ki san fay e se li menm menm ki lanmou an. Antanke Kreyatè ki bay lavi e antanke Chèf Souvren linivè, se li menm sèl pou nou adore (Sòm 36:9 ; Rev. 4:11 ; 15:3, 4). Kongrè distri k ap vini an ki gen tèm “ Bay Bondye glwa ” a pral ranfòse detèminasyon nou pou nou louwe sèl vrè Dye a. — Sòm 86:8-10.

2, 3. Kòman yon bon planifikasyon kapab ede nou pou nou byen pwofite kongrè a ?

2 Nou bezwen byen planifye : Li enpòtan anpil pou n fè bonjan planifikasyon pou nou ka benefisye festen espirityèl Jewova prepare pou nou an konplètman (Efe. 5:15, 16). Èske w deja fin fè aranjman pou transpò ak lojman ? Èske w deja mande konje nan travay ou oswa nan lekòl ou ? Pa tann se lè kongrè a prèske rive pou w ap regle kesyon enpòtan sa yo. Si w mande konje twò ta, sa ka fè w rate yon pati nan pwogram enteresan sa a. Nou tout bezwen fè efò pou nou prezan nan chak sesyon yo.

3 Ou bezwen fè efò pou w rive byen bonè nan kongrè a chak jou, sa ki pral pèmèt ou byen chita anvan yo chante premye kantik la yon fason pou lespri w ka byen dispoze pou l resevwa enstriksyon y ap bay yo. Baryè a ap ouvri chak jou depi 8 è nan maten. Silvouplè, pa rezève plas pou lòt moun sof pou fanmi w oswa moun ki vin nan menm machin avè w.

4. Poukisa yo ankouraje nou pou n pote manje nou nan kongrè a ?

4 Nou ta dwe tou pote manje nou olye pou n soti al achte pandan moman poz la. Si w fè sa, w ap montre w se moun ki renmen lapè e sa ap pèmèt ou pase plis tan ansanm ak konpayon nan lafwa ou yo (Sòm 133:1-3). Silvouplè, sonje pou nou pa pote ni boutèy ki ka kraze ni bwason ki gen alkòl ladan l nan kongrè a.

5. Ki jan nou kapab kòmanse prepare kè nou pou kongrè a ?

5 Annou koute epi annou aprann : Ezra te priye anpil pou l prepare kè l yon fason pou l resevwa pawòl Bondye a (Ezra 7:10). Li te panche kè l sou ansèyman Jewova yo (Pwo. 2:2). Nou menm tou, nou kapab kòmanse prepare kè nou si nou reflechi sou tèm kongrè a e si nou fè yon ti pale sou li avèk fanmi nou anvan nou kite lakay nou.

6. Ki sa ki ka ede n rete konsantre pandan dewoulman pwogram nan ? (Gade kare a.)

6 Nan yon seri gwo lokal kote yo abitye fè kongrè, konn gen anpil afich oswa bri ki kapab distrè nou. Sa kapab fè nou pa konsantre sou sa oratè a ap di. Lè sa a, nou pèdi yon seri enfòmasyon enpòtan. Sijesyon ki nan kare a ap ede nou wè kòman nou kapab amelyore konsantrasyon nou.

7, 8. Kòman nou ka montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun ?

7 Montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun : Ou kapab itilize kamera foto oswa videyo pandan pwogram nan, men fè sa nan plas kote w chita a sèlman pou w pa distrè lòt moun. Nou dwe pwograme telefòn selilè yo ak pedjè yo pou nou pa deranje lòt moun. Nou pa dwe konekte okenn aparèy nan sistèm elektrik ki nan lokal kongrè a.

8 Se avèk anpil kè kontan n ap tann moman sa a rive pou n al bay Jewova louwanj ansanm ! Annou detèmine pou nou ba li glwa nan efò n ap fè pou nou prezan nan chak sesyon, lè nou koute avèk atansyon e lè nou fè efò pou nou aplike sa nou aprann yo. — Det. 31:12.

[Kare nan paj 3]

Konsèy pou nou atantif

▪ Medite sou tit diskou yo.

▪ Suiv vèsè yo nan bib ou.

▪ Pran nòt ki kout.

▪ Note pwen ou bezwen aplike.

▪ Repase sa w aprann yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje