BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/03 p. 1
  • Annou imite bonte Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou imite bonte Jewova
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • “Ala bonte w anpil!”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Bonte: Ki jan n ka gen kalite sa a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Bonte se yon bèl kalite
    Ann chante pou Jewova
  • Bonte se yon bèl kalite
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 8/03 p. 1

Annou imite bonte Jewova

1 Apre nou fin admire yon bèl kouche solèy oswa nou fin manje yon bon manje, èske nou pa santi nou anvi louwe Bondye, li menm ki sous tout bonte ? Bonte Bondye fè nou anvi imite l (Sòm 119:66, 68 ; Efe. 5:1). Kòman nou ka manifeste kalite yo rele bonte a ?

2 Anvè enkwayan yo : Yon fason nou ka imite bonte Jewova se lè nou montre nou gen sousi toutbonvre pou moun ki pa fanmi nou nan lafwa (Gal. 6:10). Lè nou manifeste bonte fason ki itil, sa ka gen efè favorab sou jan moun yo wè Temwen Jewova yo e sou jan yo wè mesaj nou pote a.

3 Ann pran yon egzanp. Pandan yon jèn pyonye te nan yon klinik li t ap tann tou pa l, li te chita tou pre yon dam aje ki te sanble pi mal pase lòt moun ki te la yo. Lè tou pa pyonye a rive pou l wè doktè a, li te pèmèt dam nan pran plas li a. Annapre, li vin rankontre dam nan ankò, fwa sa a se nan yon makèt, e dam nan te kontan wè pyonye a anpil. Alòske dam nan pa t konn aksepte tande bon nouvèl la anvan sa, li di li konnen kounye a Temwen Jewova yo renmen pwochen yo toutbonvre. E li te kòmanse etidye Labib.

4 Anvè frè nou yo : Nou imite bonte Jewova tou lè nou bay tout nou menm pou nou ede kretyen parèy nou. Lè gen dezas, nou pami moun ki rive an premye pou ede frè nou yo. Nou montre menm etadespri a lè nou ede moun ki bezwen woulib pou y al nan reyinyon, lè nou vizite moun ki enfim yo, e lè nou elaji afeksyon nou pou moun nou pa byen konnen nan kongregasyon an. — 2 Kor. 6:11-13 ; Ebre 13:16.

5 Yon lòt fason Jewova montre bonte li se lè li ‘ tou pare pou l padone ’. (Sòm 86:5.) Menm jan avè l, nou ka demontre nou renmen bonte lè nou padone lòt moun (Efe. 4:32). Sa ap ede pou fè relasyon nou avèk kwayan parèy nou vin ‘ bon e agreyab ’. — Sòm 133:1-3.

6 Nou swete pou bonte Jewova gen ann abondans lan fè nou debòde ak louwanj pou li e pou sa fè lajwa parèt sou figi nou. E nou swete pou bonte li gen ann abondans lan pouse nou fè efò pou nou montre nou bon menm jan avè l nan tout sa n ap fè. — Sòm 145:7 ; Jer. 31:12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje