BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/03 p. 1
  • Chèche moun ki diy yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche moun ki diy yo
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Lè nou bay temwayaj nan telefòn, sa pote bon rezilta
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Predikasyon nan telefòn bay bon rezilta
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Èske sa t ap itil ou si w ta gen yon tèritwa pèsonèl?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Fason pou w preche nan tèritwa ki gen biznis
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 12/03 p. 1

Chèche moun ki diy yo

1 Enstriksyon Jezi te bay pou nou akonpli travay predikasyon an mete yon defi devan nou. Men sa l te di : “ Nan nenpòt vil oswa nan nenpòt bouk nou antre, chèche moun ki diy anndan l, epi rete la jiskaske nou ale. ” ​(Mat. 10:11). Nan yon moman kote moun yo pa prèske pase tan lakay yo, ki jan nou ka fè travay chèche moun ki diy sa a yon fason ki efikas ?

2 Egzamine tèritwa nou : Premye bagay pou nou fè se egzamine tèritwa nou. Nan ki moman moun yo sanble yo plis lakay yo ? Ki kote nou ka jwenn yo pandan jounen an ? Èske gen yon jou byen presi nan semèn nan oubyen yon lè byen presi nan jounen an yo ka pi dispoze resevwa vizit ? Lè nou ranje pwogram predikasyon nou yon fason ki ann amoni ak pwogram pa moun ki nan tèritwa a e ak sitiyasyon yo, sa ka ede nou jwenn pi bon rezilta. — 1 Kor. 9:23, 26.

3 Anpil pwoklamatè jwenn bon rezilta lè yo preche ta nan aprèmidi. Lè sa a, moun yo pi rilaks e yo pi dispoze koute. Nan mwa kote jounen yo pi kout, sèvi ak telefòn pou bay temwayaj nan aswè ka bay bon rezilta. Preche nan katye komès ak nan andwa piblik se yon lòt fason ankò nou ka fè moun yo tande bon nouvèl la.

4 Pandan yon mwa ki te gen aktivite espesyal, yon kongregasyon te mete yon pwogram sou pye pou y al preche samdi ak dimanch ta nan aprèmidi e, mèkredi ak vandredi, pou y al preche nan aswè. Yo te òganize yo pou yo preche nan telefòn e pou yo preche nan katye komès yo. Aranjman sa a te tèlman chofe pwoklamatè yo pou aktivite predikasyon an, kongregasyon an te deside kontinye kenbe pwogram sa a.

5 Pousuiv enterè nou jwenn avèk dilijans : Nan tèritwa pa nou, si lè nou retounen al fè vizit se yon pwoblèm pou nou jwenn moun yo lakay yo, se pou nou eseye pran randevou byen presi ankò avèk yo chak fwa nou fin fè yon nouvèl vizit e se pou nou fè sa depi lè n ap preche moun nan. Apre sa, se pou nou fè tout sa nou kapab pou n ale nan randevou a (Mat. 5:37). Si sa apwopriye, nou ka mande moun nan nimewo telefòn li. Sa ap ede nou kontakte l ankò.

6 Jewova pap manke pa beni gwo efò nou fè pou nou chèche moun ki diy yo e pou nou pousuiv enterè nou jwenn yo. — Pwo. 21:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje