“ Se pou nou renmen Jewova, nou tout ki fidèl devan l ”
N ap komemore lanmò Jezi 4 avril
1 Nan epòk peyi Ikrèn te anba rejim kominis, sa gen kèk ane, otorite yo te konn ap siveye frè yo, sitou lè jou Soupe Seyè a ap pwoche, paske yo te espere yo ta ka dekouvri ki bò y ap selebre l. Etandone otorite yo te konnen apeprè dat komemorasyon an, sa te toujou bay pwoblèm. Nan yon sitiyasyon konsa, ki sa frè yo te fè ? Gen yon sè, lakay li te gen yon sousòl, men sousòl la te chaje ak dlo rive jis nan jenou. Piske otorite yo pa ta janm panse moun ta reyini yon kote konsa, frè yo te fè yon planche sou dlo a. E kòm plafon an te vin pi ba, yo te oblije akoupi sou planche a. Men, kongregasyon an te byen kontan selebre Memoryal la san pèsonn pa t vin ba yo pwoblèm.
2 Detèminasyon frè Ikrèn yo te genyen pou yo obeyi kòmandman ki mande pou nou komemore lanmò Jezi a, se yon bèl fason yo demontre lanmou yo pou Bondye (Lik 22:19 ; 1 Jan 5:3). Lè nou rankontre obstak nan lavi nou, egzanp sa yo ka ankouraje nou e yo ka fè nou gen plis detèminasyon pou nou la nan Soupe Seyè a k ap selebre 4 avril. Konsa, n ap montre nou dakò ak salmis la ki te chante pawòl sa yo : “ O, se pou nou renmen Jewova nou tout ki fidèl devan l. ” — Sòm 31:23.
3 Ede pwochen nou renmen Jewova pi plis : Lanmou nou pou Bondye pouse nou tou pou nou envite lòt moun pou yo vin selebre Memoryal la avèk nou. Paj mitan Ministè Wayòm mwa fevriye a te ankouraje nou chak pou nou fè yon lis ki gen non tout moun nou ta renmen envite nan Memoryal la. Èske w te fè efò pou w bay chak moun ki sou lis ou a yon fich envitasyon ? Pran yon ti tan pou w esplike yo ki enpòtans evènman sa a genyen. Ki sa w ka fè pou ankouraje yo vini ? Jantiman, ou kapab fè yo sonje dat Memoryal la, a ki lè l ap kòmanse e, si posib, ou ka di yo w ap pase chèche yo.
4 Nan Memoryal la, fè tout efò w pou w salye moun ou te envite e ki aksepte vini yo, epi fè yo santi yo alèz. Kòman w ka ede moun sa yo pou yo vin renmen Jewova pi plis ? Rann ou disponib pou w reponn kesyon yo genyen. Si posib, ofri yo yon etid. Envite yo nan reyinyon kongregasyon an. Ansyen yo espesyalman bezwen enterese nan kretyen ki inaktif ki vini nan Memoryal la. Yo ka pran randevou avèk yo pou vizite yo, epi lè y ap fè vizit la, yo ka devlope kèk ide ki nan diskou Memoryal la pou ankouraje yo reprann aktivite yo. — Wom. 5:6-8.
5 Ann bat pou lanmou pa nou pou Jewova vin pi fò : Lè nou reflechi sou ranson Jewova te bay kòm kado a, sa ka fè lanmou nou pou li ak pou Pitit li a vin pi fò (2 Kor. 5:14, 15). Tande sa yon moun ki gen lontan depi l ap asiste Memoryal te di : “ Nou toujou ap tann ki lè pou Memoryal la rive. Chak ane ki pase, li vin pi espesyal pou nou. Gen 20 an de sa, mwen sonje mwen menm ki kanpe nan ponp finèb la, m ap gade kò papa m, se lè sa a mwen reyalize tout enpòtans ranson an genyen. Anvan papa m te mouri, ranson an te yon doktrin ki fè pati konesans nou, mwen te konnen tout vèsè ki pale de sa, e mwen te ka esplike yo. Men, lè m te twouve m devan sitiyasyon tèrib sa a, mwen te santi yon sèl jwa anvayi kè m pou tout byenfè nou pral jwenn grasa ranson an ki gen anpil valè. ” — Jan 5:28, 29.
6 Ofiramezi jou selebrasyon Memoryal pou ane sa a ap pwoche, pran yon ti tan pou w prepare kè w pou okazyon an (2 Kwo. 19:3). Medite sou lekti Labib espesyal yo prevwa pou Memoryal la. N ap jwenn pwogram nan nan bwochi Examinons les Écritures chaque jour — 2004 ak nan Calendrier 2004 la. Gen kèk moun, nan etid yo fè ak fanmi yo, ki konn repase enfòmasyon ki nan chapit 112-16 liv Le plus grand homme nan. Gen lòt moun ki itilize lòt piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an bay pou yo fè plis rechèch toujou (Mat. 24:45-47). Nou tout nou ka pale de ranson Jewova te ban nou kòm kado a nan priyè nou (Sòm 50:14, 23). Wi, pandan epòk Memoryal la, nou swete pou nou toujou ap reflechi sou lanmou Jewova genyen pou nou e pou nou chèche mwayen pou nou demontre lanmou pa nou pou li. — Mak 12:30 ; 1 Jan 4:10.