BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/04 p. 4
  • Manje espirityèl nan moman apwopriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Manje espirityèl nan moman apwopriye
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Jewova ap rasanble pèp li a ki gen kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • “ Pawòl pwofetik Bondye a ” : Kongrè distri 1999
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Koute epi aprann
    Ministè Wayòm nan — 2013
Ministè Wayòm nan — 2004
km 4/04 p. 4

Manje espirityèl nan moman apwopriye

1. Ki jan Ezekyèl 36:29 ap akonpli jodi a ?

1 Men sa Jewova, Souvren Seyè a, deklare : “ M ap [...] rele manje angren an e m ap fè l vin anpil, e mwen pap lage nou nan grangou. ” ​(Eze. 36:29). Pawòl pwofetik sa a akonpli sou pèp Bondye a jodi a. Nan yon sans senbolik, Jewova fè manje donnen ann abondans, manje ki ka fè pèp li a rete an vi. Manje espirityèl nan bon moman nou jwenn pandan kongrè distri nou yo se yon prèv ki montre sa.

2. Kòman Jewova konn itilize kongrè distri yo pou bay manje espirityèl nan moman apwopriye ?

2 An 1931, nan yon kongrè ki te fèt Columbus, nan Ohio, Jewova te gide adoratè l yo pou yo adopte yon nouvo non : Temwen Jewova (Iza. 43:10-12). An 1935, yo vin idantifye kòrèkteman gwo foul moun ki nan Revelasyon 7:9-17 la. An 1942, frè Knorr te bay diskou ki te gen tit : “ Lapè k ap vini an : èske l ap dire lontan ? ” Diskou sa a te bay travay mondyal predikasyon an yon lòt elan, e finalman, yon lekòl biblik te vin fòme : Lekòl Gileyad. Menmsi gen kèk kongrè an patikilye ki rete grave nan lespri anpil moun, men se tout kongrè yo nèt nou ka konsidere kòm yon bèl tab gani ki gen manje espirityèl yo sèvi nou nan bon moman. — Sòm 23:5 ; Mat. 24:45.

3. Ki sa nou dwe fè pou nou tire pwofi nan festen espirityèl k ap genyen nan kongrè distri nou an ?

3 Èske ou menm ou byen manje ? Yon moun gendwa gen manje agogo epoutan li mal manje, paske li pa fè efò pou l manje (Pwo. 26:15). Menm bagay la ka rive tou nan domèn espirityèl. Nan kèk kongrè, nou konn remake anpil moun k ap plede mache san bezwen, oswa k ap pale ak lòt moun pandan pwogram nan ap dewoule. Se vre, konvèsasyon youn gen ak lòt ka edifyan, e se yon aspè enpòtan nan kongrè a, men sa bon sèlman anvan oswa apre sesyon yo (Ekl. 3:1, 7). Si nou pa chita nan plas nou pou n ap suiv avèk atansyon, nou kapab rate yon pwen enpòtan. Siveyan pwogram kongrè yo ansanm ak lòt frè ki gen asiyasyon ka jije li nesesè pafwa pou yo fè ti pale pandan dewoulman pwogram nan sou kèk bagay ki konsène kongrè a. Men si se pa sa, yo ta dwe bay egzanp, yo ta dwe suiv pwogram nan avèk atansyon. Pèsonn pa dwe pèdi anyen nan manje espirityèl ki ap bay la. — 1 Kor. 10:12 ; Fil. 2:12.

4. Ki jan nou ka montre nou rekonesan pou pakèt manje espirityèl nourisan Jewova ban nou yo ?

4 Ala kontan nou kontan pou verite espirityèl nourisan Jewova ban nou yo, verite ki pa gen okenn rapò ak fo doktrin ki pa fòtifyan lakretyente bay yo (Iza. 65:13, 14). Yon fason nou ka “ montre nou rekonesan ”, se lè nou konsidere kongrè yo tankou yon okazyon nou genyen pou nou kite Jewova anseye nou (Kol. 3:15). Pa wè frè k ap bay diskou a, men konsantre nou pito sou mesaj la, konsidere mesaj la kòm yon mesaj “ Gran Pwofesè ” a voye pou nou (Iza. 30:20, 21 ; 54:13). Suiv avèk atansyon. Pran ti nòt toukout sou pwen kle yo. Chak swa, regade pwen prensipal yo. Aplike sa nou aprann yo.

5. Pou ki rezon nou dwe rejwi nou lè gen kongrè distri ?

5 Tout kongrè ki fèt anvan Amagedòn, keseswa se nan kan refijye, oubyen nan peyi lagè ap dechire, oubyen nan kote ki plizoumwen gen lapè, yo tout se yon viktwa sou Satan. Antanke fanmi ki ini, nou cheri opòtinite nou genyen pou nou rasanble tankou yon twoupo nan kongrè distri yo (Eze. 36:38). Nou sèten, yon lòt fwa ankò, Jewova pral ban nou ‘ pwovizyon nou bezwen nan moman apwopriye ’. — Lik 12:42.

[Kare nan paj 4]

Pou nou montre nou bay tab Jewova a valè

◼ Suiv avèk atansyon.

◼ Pran nòt sou pwen kle yo.

◼ Chak swa, revize pwen prensipal yo.

◼ Aplike sa w aprann yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje