Koute epi aprann
1. Poukisa sa mande gwo efò pou n koute e pou n aprann nan kongrè distri a?
1 Talè konsa yo pral kòmanse ak kongrè distri ane 2013 la. Yo deja fè anpil travay pou prepare yon pwogram k ap konble bezwen moun genyen jodi a toupatou nan monn nan. Èske w deja aranje w pou w asiste toule twa jou kongrè a? Piske kongrè distri yo gen anpil moun, ka gen anpil bagay k ap distrè nou, se sa k fè nou bezwen fè gwo efò pou nou suiv pwogram nan avèk atansyon. Etandone sesyon yo dire pi lontan pase reyinyon nan kongregasyon an, sa ka mande pou nou pase plis tan ap konsantre. Anplis de sa, vwayaj nou fè ak lòt bagay ankò ka fè nou yon jan fatige. Ki sa k ap ede nou rete atantif pou n ka koute e pou n ka aprann? — Det. 31:12.
2. Kòman nou ka prepare kè nou pou n byen pwofite pwogram kongrè a?
2 Anvan nou asiste kongrè a: Sou sit ofisyèl nou an, www.jw.org, n ap jwenn pwogram kongrè a, ki gen ladan l tit tout diskou yo ansanm ak youn oubyen de tèks de baz pou chak diskou. Si nou gen aksè ak entènèt, lè nou gade enfòmasyon sa yo alavans, sa ap ede nou prepare kè nou sou sa yo pral di (Ezra 7:10). Pandan sware adorasyon an fanmi an, èske nou ka pran tan pou n pale sou pwogram nan yon fason pou tout fanmi an ka tann kongrè a avèk enpasyans?
3. Ki sa k ap ede nou koute avèk atansyon?
3 Pandan kongrè a: Si sa posib, al nan twalèt anvan sesyon an kòmanse. L ap pi bon si w fèmen telefòn selilè w pou w pa distrè lè yo rele w oubyen lè yo voye mesaj ba ou, oubyen pou w pa tante voye mesaj bay lòt moun pandan kongrè a. Si w oblije kite telefòn ou ouvri, pwograme l yon fason pou w pa deranje lòt moun lè yon moun rele w. Si w ap sèvi ak yon tablèt elektwonik, veye pou w pa deranje lòt moun. Evite manje oubyen bwè pandan pwogram nan ap dewoule (Ekl. 3:1). Gade oratè a lè l ap pale. Lè y ap li yon vèsè, suiv lekti a nan bib ou. Pran nòt ki kout.
4. Ki jan paran yo ka ede pitit yo pou yo koute e pou yo aprann?
4 Nou ta renmen pou timoun nou yo koute e pou yo aprann. Men sa Pwovèb 29:15 di: “Yon ti gason ki lage lib gen pou l fè manman l wont.” Pou rezon sa a, l ap bon pou tout fanmi an chita ansanm, konsa paran yo ap ka asire yo timoun yo ap suiv pwogram nan olye y ap pale, y ap voye SMS oubyen y ap mache nan tout lakou a. Menmsi timoun nou yo ta twò piti pou yo konprann sa y ap di yo, nou ka aprann yo pou yo rete je klè e pou yo chita trankil.
5. Poukisa li bon pou n revize pwogram nan, e ki jan nou ka fè sa?
5 Aprè chak jounen kongrè: Pa antre lakay nou ta. Al dòmi bonè pou n ka byen repoze. Revize nòt nou te pran yo pou n ka sonje sa n te tande yo pi lontan. Sepandan, l ap bon pou n pran kèk minit pou n pale sou sa k te gen nan pwogram nan ak fanmi nou chak swa. Si w pral nan restoran ak zanmi w, poukisa w pa pote nòt ou te pran yo pou w ka fè ti pale sou youn oubyen de pwen ou te pi apresye? Lè nou retounen lakay nou aprè twa jou kongrè a, nou ka pran yon ti tan pandan sware adorasyon nou pral genyen yo pou n pale sou fason nou ka aplike enfòmasyon nou te aprann yo antanke fanmi. Chak semèn nou ka pran yon ti tan tou pou n pale sou yon pati nan nenpòt nouvo piblikasyon nou te resevwa.
6. Lè nou la nan kongrè a, èske sa sèlman sifi pou n tire pwofi ladan l? Esplike.
6 Pou manje yo fè nan yon gwo fèt itil yon bagay, fò moun manje yo e fò yo dijere yo. Nou ka di menm bagay la pou manje espirityèl yo pral bay nan kongrè distri nou pral genyen an. Nou swete pou nou pwofite kongrè a omaksimòm lè nou la toule twa jou yo, lè nou koute avèk atansyon, e lè nou aplike sa nou aprann yo.