BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/04 p. 6
  • Revizyon pou jounen asanble espesyal la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou jounen asanble espesyal la
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Revizyon pou asanble sikonskripsyon an
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Yon nouvo dispozisyon sou fason pou yo fè revizyon pou asanble yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Revizyon pou jounen asanble espesyal la
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 8/04 p. 6

Revizyon pou jounen asanble espesyal la

Kesyon sa yo pral sèvi kòm apèsi e kòm revizyon pou jounen asanble espesyal pou ane sèvis 2005 lan. Atik “ Yon nouvo dispozisyon sou fason pou yo fè revizyon pou asanble yo ”, ki nan paj 4 la, esplike ki jan pou yo fè revizyon an. Pandan revizyon an, divize tan an yon fason pou yo gentan poze tout kesyon yo. Revizyon an dwe chita sou fason nou ka aplike enfòmasyon yo bay yo.

SESYON MATEN

1. Poukisa de jou an jou vin gen plis nesesite pou nou koute Jewova ? Ki sa koute vle di (“ Rezon pou nou koute vwa Jewova ”) ?

2. Ki jan fanmi yo ka rive kenbe yon bon pwogram aktivite espirityèl (“ Fanmi ki koute pawòl Bondye a san yo pa kite yo distrè ”) ?

3. Ki jan moun nan sikonskripsyon an ka pwofite opòtinite yo genyen pou yo bay temwayaj enfòmèl (“ Ann fè tout bagay pou glwa Bondye ”) ?

4. Ebre chapit 3 e 4 ban nou yon egzanp ki tou sèvi nou avètisman, ki leson nou ka tire nan egzanp sa a ? Ki fason Jewova pale avèk nou jodi a (“ Lè nou koute lè Bondye pale sa pwoteje nou ”) ?

5. Ki pwofi nou te tire nan diskou batèm nan (“ Ve ak batèm ”) ?

SESYON APRÈMIDI

6. Ki sa nou konnen sou konpòtman Jezi lè l te jèn, e ki jan jèn nan sikonskripsyon an ka imite egzanp li (“ Ki jan lè jèn nou yo atantif nan koute Pawòl Bondye a sa fòtifye yo ”) ?

7. Bay kèk fason paran yo ka kòmanse enstwi tibebe yo ak timoun yo nan chemen Jewova (“ Timoun ki koute Bondye e ki aprann ”).

8. Site kèk domèn byen presi kote li nesesè pou nou koute Jewova, pou nou koute Pitit li a ansanm ak “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Mat. 24:45.) Poukisa li endispansab pou nou fè sa (“ Toujou koute enstriksyon Bondye bay ”) ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje