Yon nouvo dispozisyon sou fason pou yo fè revizyon pou asanble yo
Etandone monn Satan an se pi mal l ap vin pi mal chak jou, Jewova ban nou fòs “ pou nou rejte bagay ki pa espirityèl yo, pou nou rejte move dezi monn nan epi pou nou viv avèk bonsans ak jistis epi ak atachman pou Bondye nan sistèm de choz sa a ”. (Tit 2:12.) Youn nan dispozisyon Jewova pran pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, se asanble sikonskripsyon ansanm ak jounen asanble espesyal nou genyen chak ane yo (Mat. 24:45). Se pa ti ankourajan rasanbleman espirityèl sa yo ankourajan !
Pou ede nou sonje enstriksyon nou te resevwa yo e pou ede nou mete yo an pratik, yo pral sèvi pandan ane 2005 lan ak yon nouvo dispozisyon sou fason pou yo fè revizyon pou asanble sa yo. N ap jwenn yon apèsi sou sijè ki pral prezante nan chak asanble sa yo nan paj 5 ansanm ak paj 6 Ministè Wayòm sa a, e n ap jwenn kesyon revizyon yo tou. Kongregasyon yo ap egzamine enfòmasyon sa yo nan reyinyon sèvis k ap fèt yon ti tan anvan e yon ti tan apre asanble sa yo. Ki jan y ap fè sa ?
Youn ou de semèn anvan kongregasyon an al asiste asanble sikonskripsyon, ap gen yon diskou 10 minit nan reyinyon sèvis, k ap baze sou atik “ Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an ”. Y ap fè diskou sa a pou chofe moun yo pou pwogram asanble a. Oratè a ap atire atansyon moun yo tou sou kesyon revizyon yo e l ap ankouraje yo tout pou yo pran nòt yon fason pou yo prepare yo pou revizyon k ap gen pou fèt kèk semèn apre asanble a.
Nan yon reyinyon sèvis k ap fèt kèk semèn apre asanble a, ap gen yon revizyon sou premye jou asanble a, k ap dire 15 minit. Nan semèn annapre a, y ap pran 15 minit tou pou fè revizyon sou dezyèm jou a. Y ap baze yo sou kesyon revizyon ki nan paj mitan Ministè Wayòm sa a pou fè patisipasyon sa yo. Revizyon sa yo ap plis santre sou valè pratik enfòmasyon yo genyen. Ansyen yo ka pran dispozisyon pou rakousi lòt patisipasyon nan reyinyon sèvis la oswa pou elimine kèk ladan yo, oubyen yo ka pwograme yo pou yon lòt jou, dekwa pou revizyon sa yo ka byen chita nan pwogram reyinyon sèvis la.
Y ap fè menm aranjman an pou jounen asanble espesyal la, sèlman y ap fè yon sèl patisipasyon 15 minit pou revize tout pwogram nan. Nou tout ap bezwen sere paj mitan sa a, e n ap bezwen sèvi avè l pou nou ka tire bonjan pwofi nan enstriksyon Jewova ap ban nou. — Iza. 48:17, 18.