Katriyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Aprann etidyan yo fè preparasyon
1 Yon etidyan ki li leson yo alavans, ki souliye repons yo epi ki chèche reponn nan pwòp mo pa l, dwe fè pwogrè espirityèl rapid. Se poutèt sa, yonfwa yon etid regilye fin etabli, nou bezwen prepare yon leson ansanm ak etidyan an pou montre l fason pou l fè sa. Pou pifò etidyan, l ap bon pou nou prepare tout yon chapit oswa tout yon leson ansanm avèk yo.
2 Souliye repons yo epi pran nòt nan maj la : Esplike etidyan an fason pou l jwenn repons dirèk ak kesyon yo poze a. Montre l liv pa nou an kote se sèlman mo oswa ekspresyon kle yo nou souliye. Toutpandan n ap egzamine leson an, petèt li ta renmen suiv jan nou fè a, l ap souliye nan liv pa l la sèlman sa ki nesesè pou ede l sonje repons lan (Lik 6:40). Ansuit, mande l pou l reponn nan pwòp mo pa l. Sa pral pèmèt nou wè si li byen konprann sijè a.
3 Yon aspè ki enpòtan nan preparasyon etidyan an ap fè pou etid la, se lè li byen egzamine vèsè yo bay kòm referans yo (Tra. 17:11). Ede l konprann chak vèsè yo bay kòm referans soutni yon pwen nan paragraf la. Montre l fason pou l ekri ti nòt tou kout nan maj piblikasyon l ap fè etid la. Fè l konnen se Labib ki baz sa l ap aprann nan, epi mete aksan sou sa. Ankouraje l sèvi ak vèsè yo bay kòm referans yo nan kòmantè l ap fè pandan etid la.
4 Fè yon koudèy jeneral epi fè yon revizyon : Anvan etidyan an kòmanse prepare sijè a afon, li bon pou l fè yon koudèy jeneral sou li. Montre etidyan an li kapab fè sa lè li fè yon egzamen tou kout sou tit chapit la, sou soutit yo ansanm ak sou imaj yo. Fè l konnen li t ap trè bon pou l pran yon ti moman anvan li fini preparasyon an pou l revize pwen kle ki nan leson an. Petèt li kapab sèvi ak kesyon ki nan kare revizyon an, si genyen. Yon repetisyon konsa ap ede l sonje enfòmasyon yo.
5 Lè nou aprann etidyan an fè bon preparasyon pou etid la, sa ap ede l fè bonjan kòmantè nan reyinyon. Sa tou ap ede l devlope bon abitid pou l etidye, abitid k ap pwofitab pou li byen lontan apre nou fin etidye avèk li.