Dezyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Fè preparasyon pou nou kondui etid la
1 Pou nou efikas nan fason nou kondui etid biblik, sa mande plis pase annik egzamine sijè n ap trete a epi annik chèche vèsè yo bay yo. Nou bezwen fè etid la yon fason ki touche kè etidyan an. Men, pou nou rive fè sa, sa mande pou nou fè yon bon preparasyon toutpandan nou gen etidyan an nan tèt nou. — Pwo. 15:28.
2 Ki jan pou nou prepare : Pou kòmanse, se pou w priye Jewova pou moun nan, se pou w priye pou bezwen l. Mande Jewova pou l ede w touche kè etidyan an (Kol. 1:9, 10). Pou tèm etid la ka chita byen nan tèt ou, ou bezwen pran yon ti tan pou w egzamine tit chapit la oswa tit leson an. Apre sa, se pou w egzamine soutit yo ansanm ak imaj, kare, oswa nenpòt lòt bagay yo mete pou rann etid la pi klè. Poze tèt ou kesyon sa a : ‘ Ki objektif prensipal etid nou pral fè a ? ’ Yon kesyon konsa ap ede w mete aksan sou pwen prensipal yo pandan w ap kondui etid la.
3 Ou bezwen egzamine chak paragraf avèk swen. Chèche repons pou kesyon yo e lè w jwenn yo, sa pou w make sèlman se mo kle ak ekspresyon kle ki gen nan repons lan. Analize byen pou w wè ki rapò ki genyen ant pwen prensipal paragraf la ak vèsè yo site yo, e chwazi kiyès nan vèsè yo w ap li lè w ap fè etid la. Petèt ou ka twouve li itil pou w ekri kèk remak nan maj piblikasyon ou sèvi pou w fè etid la. Etidyan an dwe wè klè sa l ap aprann nan se sou Pawòl Bondye a li chita. — 1 Tes. 2:13.
4 Adapte etid la selon bezwen etidyan an : Yon lòt pwen ankò, lè w ap prepare etid la, panse a etidyan ou pral wè a. Eseye imajine kesyon li ka genyen e bat pou w prevwa pwen li ka mal pou l konprann oswa li ka mal pou l aksepte. Ou bezwen mande tèt ou : ‘ Ki sa l ap bezwen konprann pou l fè pwogrè espirityèl ? Ki pwen l ap bezwen travay ? Ki jan mwen ka rive touche kè l ? ’ Ansuit, adapte ansèyman w lan an konsekans. Pafwa, ou ka santi li nesesè pou w vini ak yon egzanp, yon esplikasyon oswa yon seri de kesyon pou w ede etidyan an konprann yon pwen oswa yon vèsè (Ney. 8:8). Men, evite ajoute enfòmasyon ki pa nesesè parapò ak tèm etid la. Si w fè yon rezime toukout nan fen etid la, sa ap ede etidyan an sonje pwen prensipal yo.
5 Ala kontan nou kontan lè nou wè Jewova jwenn louwanj dèske nouvo yo pote fwi ki gen rapò ak jistis (Fil. 1:11) ! Pou nou rive ede yo atenn objektif sa a, nou bezwen byen prepare chak fwa nou pral fè yon etid biblik.