Tire pwofi nan videyo Pas de sang : la médecine relève le défi
Èske w byen enfòme sou divès chwa ki genyen nan domèn tretman medikal san transfizyon san ? Èske w konprann enfòmasyon ki genyen sou kèk lòt tretman ki egziste apa transfizyon san, epi èske w konprann ki jan yo fonksyone ? Gade videyo sa a, epi avèk kesyon ki vin annapre yo, teste konesans ou. Note sa : Etandone videyo sa a gen ladan l kèk seyans kote yo montre y ap fè moun operasyon, paran yo dwe pran prekosyon lè y ap deside si wi ou non y ap kite timoun piti yo gade l.
1) Ki prensipal rezon ki fè Temwen Jewova refize pran san, e ki kote nou jwenn prensip sa a nan Bib la ? 2) Nan domèn medikal, ki jan de tretman nou ta renmen ? 3) Ki dwa fondamantal malad yo genyen ? 4) Poukisa li rezonab e li saj pou nou refize pran san ? 5) Lè yon moun ap pèdi anpil san, ki de bagay doktè yo genyen pou yo fè prese prese ? 6) Ki risk pou lasante ki genyen nan pran san ? 7) Ki mwayen chirijyen yo genyen pou yo redui otank posib kantite san ki konn pèdi lè y ap fè operasyon ? 8) Ki sa w ta dwe chèche konnen konsènan lòt tretman ki egziste apa transfizyon san ? 9) Èske li posib pou yo fè gwo operasyon ki konplike san yo pa itilize san ? 10) Ki sa yon kantite doktè, k ap vin pi plis de jou an jou, dispoze fè pou Temwen Jewova yo ? Avèk letan, ki jan de tretman ki kapab vin yon pratik kouran pou tout malad ?
Desizyon pou yon moun aksepte kèlkeswa tretman yo prezante nan videyo a, se yon desizyon ki depann de konsyans chak moun an patikilye. — Gade La Tour de Garde 15 jen 2004, p. 22-4, 29-31, ak La Tour de Garde 15 oktòb 2000, p. 30-1.