BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/07 p. 3
  • Ki sa pi bon tretman medikal la ye ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa pi bon tretman medikal la ye ?
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Èske w konnen diferan posiblite w genyen yo?
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Èske w konnen diferan posiblite w genyen yo ?
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • No Blood—Medicine Meets the Challenge : yon videyo ou bezwen gade
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Tire pwofi nan videyo Pas de sang : la médecine relève le défi
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 1/07 p. 3

Ki sa pi bon tretman medikal la ye ?

“ Nenpòt malad ki resevwa yon tretman medikal san li pa resevwa san, anfèt, li se yon moun ki sibi pi bon kalite operasyon ki egziste. ” Se deklarasyon sa a doktè Michael Rose ki se yon direktè medikal e yon ànestezis, te fè. Ki metòd e ki tretman nou ka di ki fè pati “ tretman medikal san malad la pa resevwa san ” ? Nou bezwen byen enfòme pou nou ka pran bonjan desizyon anrapò ak tretman medikal e anrapò ak operasyon medikal. Gade dokimantè ki sou kasèt videyo Pas de sang : la médecine relève le défi a. Apre sa, sèvi ak kesyon ki pi ba yo pou w wè si w byen konprann enfòmasyon ki nan dokimantè a. — Remak : Kòm gen kèk kote dokimantè a montre kèk ti bout sèn operasyon, paran yo ta dwe pran prekosyon lè y ap gade l ak timoun piti.

1) Ki prensipal rezon ki fè Temwen Jewova yo refize pran san ? 2) Nan domèn medikal, ki jan de tretman Temwen Jewova yo ta renmen resevwa ? 3) Ki dwa fondamantal pasyan yo genyen ? 4) Poukisa li rezonab e li saj pou nou chwazi tretman ki pa mande pou nou pran san ? 5) Lè yon moun ap pèdi anpil san, ki de bagay doktè yo dwe fè prese prese ? 6) Site kat prensip doktè yo suiv lè y ap fè tretman san transfizyon san. 7) Ki jan doktè yo kapab a) anpeche moun k ap sibi operasyon yo pèdi twòp san, b) fè pou konsève globil wouj yo, c) fè volim san ki nan kò pasyan an ogmante, e d) rekipere san k ap koule a ? 8) Dekri a) metòd emodilisyon an ak b) teknik pou rekipere san k ap koule a. 9) Ki sa w ta dwe chèche konnen konsènan lòt tretman kote yo pa fè transfizyon san ? 10) Èske li posib pou yo fè gwo operasyon ki konplike san yo pa itilize san ? 11) Ki chanjman pozitif k ap fèt nan sektè medikal la ?

Gen kèk tretman yo montre nan dokimantè sa a, se chak moun ki pou deside si l ap aksepte yo, ann amoni ak konsyans li ki fòme selon prensip ki nan Bib la. Èske w deja deside ki tretman ki pa mande pou w pran san w ap aksepte pou tèt ou oswa pou pitit ou ? Li ta bon pou w mete moun nan fanmi w ki pa Temwen okouran de desizyon w pran an e pou w esplike yo rezon ki fè ou pran desizyon sa a. — Gade “ Questions des lecteurs ” ki parèt nan La Tour de Garde 15 jen 2004 ak nan La Tour de Garde 15 oktòb 2000.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje