Yon dokimantè ki atire atansyon sou yon pwogrè enpòtan nan domèn medikal
De jou an jou, pwofesyonèl nan kesyon lwa ak kesyon sante vin pi enterese nan dwa pasyan yo genyen ak nan kwayans yo. Sa te vin pèmèt yo devlope lòt kalite tretman ak lòt kalite metòd ki pwofitab pou Temwen Jewova yo (Tra. 15:28, 29). Se egzakteman de sa dokimantè Soigner sans transfuser — Besoins et droits du patient an pale. Gade dokimantè sa a ki disponib sou kasèt videyo ak DVD, epi fè yon ti revizyon sou sa w aprann. — Remak : Kòm gen kèk kote dokimantè a montre kèk ti bout sèn operasyon, paran yo ta dwe pran prekosyon lè y ap gade dokimantè a ak timoun piti.
1) Poukisa gen kèk pwofesyonèl nan sektè medikal la k ap rekonsidere kesyon transfizyon san an ? 2) Site twa egzanp operasyon konplike ki ka fèt san transfizyon san. 3) Ki kantite doktè ak chirijyen nan lemonnantye ki montre yo dispoze fè operasyon san transfizyon san ? Poukisa yo dispoze fè sa ? 4) Ki sa dènye rechèch ki fèt nan lopital yo montre konsènan itilizasyon san ? 5) Ki risk transfizyon san gen ladan l ? 6) Ki konklizyon anpil espesyalis tire konsènan avantaj ki genyen nan lòt tretman ki egziste yo ? 7) Ki sa ki lakòz moun fè anemi ? Jis nan ki pwen kò a ka tolere anemi ? Ki sa ki ka fèt pou diminye efè yon anemi ? 8) Ki sa ki ka fèt pou ede kò yon pasyan pwodui plis globil wouj ? 9) Ki teknik yo konn itilize pou yo anpeche moun k ap sibi operasyon yo pèdi twòp san ? 10) Èske tretman san transfizyon san yo efikas nan ka timoun piti oubyen lè gen ijans, kote lavi yon moun an danje ? 11) Site youn nan prensip moral doktè yo dwe suiv si yo vle bay bonjan swen medikal. 12) Poukisa li enpòtan pou yon kretyen chwazi byen alavans lòt tretman ki egziste apa transfizyon san ? Ki jan li ka fè sa ?
Gen kèk tretman yo montre nan dokimantè sa a, se chak moun ki pou deside si l ap aksepte yo, ann amoni ak konsyans li ki fòme selon prensip ki nan Bib la. Èske w deja deside ki tretman ki pa mande pou w pran san w ap aksepte pou tèt ou oswa pou pitit ou ? Si gen moun nan fanmi w ki pa Temwen, li ta bon pou w mete yo okouran de desizyon w pran an e pou w esplike yo rezon ki fè ou pran desizyon sa a. — Gade “ Questions des lecteurs ” ki te parèt nan La Tour de Garde 15 jen 2004 ak nan La Tour de Garde 15 oktòb 2000 (fransè).